Listen

Description

Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Nou retounen sou dosye prezans pòtpawòl entènasyonal gang teworis "Viv Ansanm" yo Kim Ives nan selebrasyon Mwa Kreyòl nan Brooklyn College nan wikenn nan; Liy ouvè ak oditè yo; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...

*******

Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Kòm nou pa t gen chans ouvè liy yè sou prezans Kim Ives, pòtpawòl entènasyonal gwoup teworis Viv nan San yo nan selebrasyon Mwa Kreyòl ki te fèt nan Brooklyn College pandan wikenn nan nou tounen sou dosye a

Liy ouvè ak oditè yo sou dosye sa a

Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph

Ti koze sou posibilite èd "SNAP/food stamps" leta federal bay moun ki nan nesesite isit Ozetazini kapab kanpe nan plizyè eta apati mwa demen samdi Premye novanm nan

Nouvèl:
-Jodi a se jou eleksyon nan plizyè eta Ozetazini; Nan vil New York la se eleksyon pou majistra vil la; Bawon tou 2 gwo pati yo fè kò ansanm pou sabote kanpay Zhoran Mamdani
-Bagay yo pa klè ditou nan Mali; Laprès Meriken ak bizawèl yo ta vle fè konprann Islamis yo ta nan papòt kapital peyi a Bamako epi a nenpòt ki moman yo pral kapote gouvènman chèf peyi a Asimi Goita a
-Etazini ap gonfle sòlda Meriken nan papòt Venezyela epi l vle fè konprann l ap tou pase pran Kolonbi ak Nikaragwa
-Malfektè k te rele Dick Cheney ki se ansyen Minis Defans Etazini epi ansyen Vis Prezidan Etazini fè vwèl pou peyi san chapo nan laj 84 lannen
-Jij federal nan plizyè eta pase gouvènman Trump lan lòd pou koumanse bay moun ki nan bezwen pou sa benefis manje SNAP yo jwenn chak mwa, Trump di toutotan Demokrat yo dakò ak bidjè li pote ba yo sa pa p fèt

Liy ouvè ak oditè yo

Anons