Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Refleksyon frè nou Asselin Charles sou konplèks idantite anpil Ayisyen, sitou moun ki nan lelit la oswa viv tèt yo kòm manm lelit la; Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou okipasyon Meriken 1915-1934 la; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou voye tout sipò nou bay konpatriyòt Rudy Sanon ak emisyon "Se Sa Nou Vle" k ap sibi menas gang asasen teworis ak jounalis malpwòp kowonpi nan peyi a; Nou ankouraje oditè nou yo soutni Rudy ak emisyon an tout fason yo kapab
Refleksyon frè nou Asselin Charles sou konplèks idantite anpil Ayisyen, sitou moun ki nan lelit la oswa viv tèt yo kòm manm lelit la
Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou okipasyon Meriken 1915-1934 la
Nouvèl
-Leta Ayisyen di apati jodi 5 out 2025 lan tout machin dezyèm men k ap rantre nan peyi a blije enspekte pou mekanik ak anviwònman anvan yo kite kote yo y ap soti a ak lè yo rive nan peyi a
-Yon delegasyon diplomat Ayisyen nan Santo Domingo bat bravo pou amenajman gouvènman Dominiken di li fè nan sant detansyon Haina
-Gouvènman Meriken an arete Bazile Richardson ki se yon Ayisyen yo di k ap ranmase lajan voye bay Jimmy Cherizier ak Viv Ansanm pou soutni aktivite gang nan peyi a
-Ekip Trump lan menase pousuiv Hillary Clinton, Obama ak kèk lòt wograde ki te enplike nan dosye Russiagate la
-Lejislati El Salvador wete tout baryè ki ta anpeche prezidan aktyèl la Nayib Bukele al kandida ankò kantite fwa li vle
Liy ouvè ak oditè
Anons