Look for any podcast host, guest or anyone

Listen

Description

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Anons ...

*******


Entwo


Nou salye fanmi k ap koute yo


Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin


Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Dominiken, 3pm-6pm, demen mèkredi, 7 me; 1501 Broadway, 43rd & 7th Ave


Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph


Ayisyen nan peyi Lafrans manifeste nan Pari pou denonse ensekirite lakay nou epi pou egzije Macron renmèt Ayiti lajan yo te mete kouto anba gòj Boyer pou yo te vòlò a; Ti koze ak frè nou Kebert Bastien


Ekip Gwo Moso a di sa koute yo 17 mil dola pou chak imigran san papye yo arete, fèmen nan prizon, epi depòte, epi yo ofri chak imigran ki deside ale nan peyi yo pou kont yo mil grenn dola


Gwo Moso Donald Trump di Houthi yo mande yon kanpo nan batay la, Houthi yo di Trump manti kou chen


Liy ouvè ak oditè yo


Anons