Listen

Description

Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Masak nan manif Saba Saba nan Kenya; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Segman frè nou Jean Paul Spence; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...


*******


Entwo


Nou salye fanmi k ap koute yo


Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin


Rapò jounen manifestasyon "Saba Saba" ki fèt nan Kenya yè lendi 7 jiyè a


Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph


Dat mobilizasyon nou mande kominote a mete nan kalandriye li:
-mèkredi 16 jiyè, 3pm-6pm: Manifestasyon devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 1501 Broadway (7th Ave ak 43rd St)
-Vandredi 25 jiyè, 7pm: Selebrasyon nesans Papa Desalin @ Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
-lendi 28 jiyè, 3pm-6pm: Manifestasyon devan katye jeneral Citigroup pou n al denonse vòlè yo pou rezèv lò peyi nou Etazini vòlè 17 desanm 1914 ki lakay yo jouk jodi a


Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou malè pandye relijyon epi legliz pwotestan yo an patikilye ki bay tèt yo objektiv "konvèti Boukman" reprezante pou peyi nou ak pèp nou


Nouvèl:
-Rapò kote App ICEblock la di nou ICE t ap fè desantdelye nan kominote nou an
-Majistra Los Angeles Karen Bass al konfwonte plis pase 100 ajan ICE ki t ap prepare yo pou al fè desantdelye nan yon "park" ki pa twò lwen biwo li; Devan laprès ki te debake li fòse yo degèpi
Komedyen CARICOM yo rankontre, y ap fete, y ap danse epi yo pran pòz sitiyasyon Ayiti a konsène yo
-Otèl Olofsonn pran dife; Atravè lemonn gen moun ki pa t kriye pou masak, kadejak, kidnaping, lopital, lekòl, achiv nasyonal, mize, tribinal k ap kriye pou "patrimwàn" sa a

Liy ouvè ak oditè yo

Anons