2e nan 4 pwogram n ap fè ak Dr. Voltaire Joseph, pastè Premye Legliz Batis nan Okap, sou Bisantenè fwa Batis la an Ayiti baze sou reyalite relijyon Krisyanis la nan peryòd kolonyal la nan Sendomeng. Kòman nou ka konprann yon entèpretasyon ki te soutni lesklavaj ? Eske entèpretasyon sa a te baze sou Labib ? N ap trete kesyon sa yo ak anpil lòt nan pwogram jodia.