Listen

Description

Resaman Johel viv yon eksperyans kote yon moun tap prezante li bay yon lòt moun epi ba li tit “Atis”.

Menm si li di li pa yon atis men sa te enspire li epizòd jodi a kote Lhee ak Lex (ki tounen egenn ankò) tap pale sou definisyon tèm atis la epi ale an pwofondè sou lavi yon moun ki atis selon yo.

Anpil bagay pale e atis Jojo byen depoze. 😂

Nou espere nou enjoy epizòd la epi:

PA BLIYE nan je Tchilaks, se oumenm oditè ki ATIS la! 🫶🏾