Listen

Description

Nan nenpòt tip relasyon an, amikal oubyen romantik, koze finans se yon sijè delika e ki jwe yon ròl enpòtan.

Dinamik relasyon an konn mete youn nan moun yo nan pozisyon pou ede lòt la finansyèman.

Nan langaj kreyòl la yo pale de: BAY Bill oswa PRAN Bill!!!

Gen moun ki di se pa tout kòb yon moun mande yo ki ka konsidere kòm Bill, gen moun ki wè bagay sa ak yon trè move je e gen lòt menm ki kategorize l kòm yon bagay ki nòmal selon jan li fèt la.

Nan epizòd 19 la, ti mesye #tchilaks yo ak envite yo Cédrick chita sou koze sa e pataje jan yo konprann fenomèn sila a, yo pataje eksperyans yo de sijè a epi bay konsèy tou.

ENJOY!!!