Look for any podcast host, guest or anyone

Listen

Description

Blòdeu ak Bro se 2 tèm ki itilize anpil nan vokabilè gason. Se konsa yo kalifye gason parèy yo ki zanmi ki pi pwòch yo. Se vre ke dèfwa moun itilize tèm sa yo vaykevay men sa pa chanje ke, inisyalman, yon blòdeu, yon bro se yon gason ki kite stad senp zanmi pou yon lòt gason, yo vin tounen tankou frè.

Li pa yon sekrè pou pensonn ke gen règ nan mitan gason an jeneral, men dèfwa gen moun ki pa konnen si nan mitan blòdeu gen lòt règ ki vin ajoute an plis de règ jeneral ant gason sa yo pou vin mete yon disiplin an plis nan mitan 2 blòdeu oubyen nan mitan yon baz blòdeu.

Ansanm de règ sa yo anpil fwa yo relel BRO CODE oubyen PRENSIP BLÒDEU e yo konn varye de baz an baz e dèfwa se konn on seri de règ ke pèsonn pat chita pou etabli men ki jis la nan mitan baz la.

Nan epizòd 44 la, ti mesyeu yo ap debat sou sa e pataje kèk nan règ ki nan bro code pa yo.

ENJOY!!!