Listen

Description

Divòs se yon bagay ki ka kite gro tromatism nan lavi yon moun. Li konn koze anpil problèm tankou depresyon.

Aprè yon divòs, kijan yon fi dwe abòde relasyon? Kombyen tan li pran pou li santi li ka remete kò ak kè li deyò? Lè fi sa antame yon relasyon kijan divòs ki nan pase li a peze sou nouvo relasyon an?

Anpil kesyon ke Johalex ak Lhee pat ka reponn san yo pat jwenn èd dezyèm envite Tchilaks la: Vitchie ki ede yo konprann kisa sa mande pou yon moun refè konfyans e rekòmanse “date” aprè yon divòs.

Ni fi ni gason, marye ou pa marye, divòse ou pa divòse ka benefisye de ti pale sa a kidonk ENJOY!!