Nan lang kreyòl la djòskòm vle di yon moun ki fenk debake nan yon lòt peyi.
Anglisis sa (just come), malgre anpil moun souvan anplwaye'l nan yon sans negatif, defini nan anpil ka yon rekòmansman paske yon moun ki deside kite peyi li, lakay li, fanmi ak zanmi li pou li al etabli'l yon lòt kote gen bagay pou'l refè.
Ti mesye yo nan epizòd 43 pral pase sou tout bagay sa yo, pandan yo ap pataje pwòp eksperyans pa yo.
Yo espere ke ou menm kap tande ki nan sitiyasyon sa a ap kapab jwenn bon konsèy ki ka ede'w grandi oubyen rasire'w ke ou pa pou kont ou nan sitiyasyon sa a.
Enjoy!