Gen yon statistik ki fè konnen ke mwatye maryaj fini pa yon divòs oubyen separasyon.Nan divòs oswa separasyon 2 paran pi gwo viktim yo se dèfwa timoun yo sitou lè divos la oubyen separasyon an pa amikal.Li konn kite gwo sikatris ak troma ki konn suiv timoun sa yo jouk nan laj adilt yo.Nan epizòd sa tchilaks chita pale ak Doris ki se twazyèm invite podcast la pou yo debat sou konsekans divòs/separasyon paran yo te genyen sou yo, ki mak li kite pou jis jounen jodi a, kisa yo aprann ak kisa yo te swete ki te fèt yon lòt jan.Ni Doris, ni Lhee, ni Johalex viv divòs/separasyon paran yo men nan 3 kondisyon diferan. Se sak fè jodia nap jwenn 3 pèspektiv diferan men èske konsekans yo diferan?ENJOY onzyèm epizòd la epi aprann sa ki aprann e sèvi ou nan vi pèsonèl paw.