“rale yon nway”, “fon w griye”, “puff puff pass”, etc… sa yo se kèk nan ekspresyon ke moun itilize nan diferan kilti pou yo fè referans ak fimen.
Fimen gen plizyè deseni depi li antre nan kilti limanite. Gen achiv ki menm di ke yo te konn vann li kòm yon bagay ki bon pou lasante.
Moun fimen pou anpil rezon e jounen jodia, yo gen plizyè opsyon pou rann fimen pi aksesib.
Avèk envite yo PSteph, ti mesye yo eksplore tout aspè ki antoure egzèsis fimen an. Yo tou profite pataje eksperyans pa yo ak konpreyansyon yo de zak sa a.
Pandan wap ENJOY epizòd la pa bliye fimen gen konsekans grav sou lasante e se sous anpil maladi.
Se mèt kò ki veye kò!