Listen

Description

Peryòd sa yo se moman kote an Ayiti yap prepare fèt Gede pandan nan menm tan sa a, moun Etazini ak anpil lòt kote nan mond lan (an Ayiti tou) ap prepare pou selebre sa yo rele “Halloween “.

2 Selebrasyon sa yo se ekspresyon 2 kilti diferan sou kijan yo selebre sila yo ki ale yo (mò yo).

Nan epizòd sa Johalex ak Lhee fè yon paralèl byen kout pou gade kisa yo ye? Koman yo fete yo? Kisa yo pote nan 2 kilti ak 2 sosyete yo? Men tou kijan nou menm ayisyen nou ta dwe konsidere fèt gede a ak tout relijyon Vodou a.

Happy Halloween 🎃 oubyen/epi Bòn Fèt Gede 💀