Aktyalite dènye jou sa yo, se dosye kanal ki parèt leve yon konfli ant pèp dominiken ak pèp nou an.
Nan epizòd sa, ti messieu TCHILAKS yo rale mennen vini pou demontre ke konfli ant 2 pèp yo pa resan e tou ke li enpòtan pou nou pa jis suiv buzz ke dosye kanal la kreye a men eseye konnen agenda ki dèyè tèt gouvènman dominiken an epi konnen tou ki konsekans sitiyasyon sa ka pote pou pèp ayisyen an.
POZISYON NOU NAN TCHILAKS AP TOUJOU POU NOU KANPE AK PÈP NOU men fòk li fèt ak bon strateji pou asire ke nou pap viktim pwòp desizyon nou pi devan.
Enjoy epizòd la, nou espere li ap pouse ou poze kesyon ki dwe poze yo epi chèche eleman repons apropriye yo pou nou ede youn lòt konprann epi reyaji pi byen ak konfli sa.