Powèt yo ak romantik yo toujou kleronnen ke lanmou pa konn laj, li pa konn koulè etc…
Si nou ka dakò ke kè a chwazi moun li vle nou ka dakò tou ke laj se yon faktè ki enpòtan nan relasyon. Anpil fwa li detèmine dinamik relasyon an.
Lè eka a anpil li konn koz anpil stigma paske sosyete a konn wè li ak yon move je. Ki eka ki akseptab? Kijan jijman sosyete a chanje depandaman de sèks moun ki pi gran an?
Ki eksperyans pesonèl ti mesye yo? Ki preferans yo?
Nap jwenn repons sa yon nan epizòd 18 la. Johalex ak Lhee rete kwè ke nenpòt laj ou genyen an wap jwenn ti moso paw nan ti bat bouch sa a, so ENJOY!