Anpil fwa nou sèlman fokis sou zèv ak talan atis nou yo, san nou pa janm pran tan pou plonje nan pase yo pou dekouvri pakou yo, kote yo soti, obstak yo te rankontre nan wout yo, kisa ki te enspire yo lè yo tap demare, kisa ki te ede yo pa abandone pou yo ka rive kote yo rive jounen jodia.
Nan epizòd 48 la nou te gen lònè resevwa Moumoune (fan #1 Tchilaks Podcast) ki pratike penti ak ekriti sou non MLF Desgrottes ki tap etale pakou atistik pèsonèl li avèk nou.
Se te yon bèl konvèsasyon via telefòn kote Johel ak Thierry aprann anpil de li e nou espere ke anpil moun ki, menm jan ak li, gen yon talan atistik va jwenn motivasyon ak enspirasyon pou devwale li/yo ak le monn.
Enjoy!