Paran toujou pran le swen pou yo diskite de faz pibète avèk pitit fi yo sa ki vrèman diferan de jan menm paran sa yo akonpanye pitit gason yo nan menm peryòd nan lavi yo sa.
Anpil tigason retrouve yo nan menm sitiyasyon avèk Johalex ak Lhee, kote se lè yo fin pase stad pibète a yo ap vin konnen kisa pibète ye oubyen yo viv anpil nan karakteristik pibète yo san yo pa konnen ke se faz pibète a yo ap travèse.
Dèfwa sa konn gen repèkisyon sou mantal tigason yo kote yo konn panse se yon problèm yo genyen oubyen sa konn fè yo ranfème sou yomenm paske yo pa ka aksepte chanjman kap fèt nan yomenm yo nan peryòd sila a.
ENJOY epi sonje mesaj epizòd sa se ke li osi enpòtan pou nou pale de pibète ak pitit gason/tifrè/tikouzen/tineve nou yo menm jan nou pale de sa ak pitit fi/tisè/tikouzin/nyès nou yo. Tou lè 2 jan yo bezwen akonpanyeman nan peryòd nan lavi yo sa.