Sijè jodia, yon fwa ankò, vini de yon oditè podcast la, yon GWO oditè cho a: Moumoune!
Pandan ti mesye yo ak Jefferson te rele Moumoune pou swetel bòn fèt, li te tou propoze pou yo pale de “Pitit deyò / Kout pitit.”
Sijè a pi konplèks ke sa nou te ka panse. Li gen anpil fasèt ak anpil fason ou ka apwoche yo.
Panèl la fè yon bèl job pou mete yo nan diferan senario yo epi tire nan eksperyans pèsonèl yo pou fè analiz la.
Evidaman apwòch yo sibjektif men gen anpil leson ki ka tire.
Enjoy epi mèsi Moumoune; BÒN FÈT ankò!