Prezante yon moun ou avèk li lakay paran'w oubyen fanmi'w se toujou yon gwo etap nan yon relasyon. Lè sa fèt se konn siy ke relasyon an pral pran oubyen pran yon faz ki pi serye.
Nan epizòd 49 la, sou demand esepsyal youn nan oditè fidèl Podcast la, ti mesye yo pral debat sou sijè sa a. Yo pral abòdel selon pwendvi gason e evidaman yo pral pran egzanp sou lavi pa yo.
Men bagay sa a se pa yon syans, pa gen yon repons fiks e kondisyon yo ka varye selon sitiyasyon yo.
Nou espere ke ou menm kap koute a ap ENJOY!!