Nan 14èm epizòd podcast la, Johalex ak Lhee fè yon ti pale sou rasism.
Nan mo pa yo, yo eseye defini tèm nan epi eseye analize orijin ak konsekans konsèp sa ki pa enkoni pou pèsòn tèlman li afekte sosyete mondyal la dirèkteman ou endirèkteman.
Yo chak pataje youn ou plizyè eksperyans yo viv ki de lwen ou de prè lye ak rasism, tout sa pandan yo tap tchilaks ansanm.
Pa bliye rasism gen gwo konsekans sou lavi moun jouk jounen jodia e malgre nou dakò ke se pa yon bagay ke nap janm ka eradike definitivman, li rete yon devwa pou nou tout an tan ke sosyete pou nou kouri dèyè l.
Tout moun se moun kèlkeswa ras li oubyen koulè po l.
ENJOY!