Rezo sosyo gen kèk ane depi li anvayi mond lan, sa se yon evidans.
Itilizasyon chak moun de li ka diferan men li rete pi gwo pwen komen nan lavi nou tout. Rezo sosyo pou sèten moun vin pi adiktif ke yon dwòg, pandan nou pap nye ke pou de lòt moun li tounen yon sous pou fè lajan. Rezo sosyo kraze koup moun menm jan li pèmèt moun fonde fwaye.
Nan epizòd 12 la, Johalex ak Lhee dedat sou rezo sosyo san yo pa rantre fon paske se yon konsèp ki vast. Yo pataje definisyon yo gen de li, yo pataje premye fwa wout yo kwaze ak rezo sosyo e yo liste tout avantaj ak danje rezo sosyo genyen daprè yomenm.
ENJOY epi sonje ke se ou ki pou mete baliz nan jan wap itilize rezo sosyo yo pou yo pa afekte lavi ou nan fason ki pap benefik pou ou.