Listen

Description

Kesyon sante mantal se yon dosye sansib e enpòtan ke se pou fi ke se pou gason men nan sosyete nou evolye yo, sante mantal gason se pa yon bagay yo bay anpil konsiderasyon.

Nan epizòd sa a, Johalex, Lhee ak premye envite Tchilaks Podcast: Macky aka M7liye analize rezon ki fè sijè sa a pa trò pale, ki sa ki fè gason pa pale lè yap travèse pwoblèm ki afekte sante mantal yo. Yo pataje kèk statistik konsènan sante mantal gason tou.

Enjoy epi pa bliye, si ou menm oubyen yon moun nan antouraj ou ap fè fas ak pwoblèm sante mantal pa ezite chèche èd ke se swa nan men moun pwòch oubyen nan men profesyonèl.

Sa Enpotan!!