Nan 16èm epizòd la, Lhee ak Johalex te akeyi Lex pou yo te fè yon ti #Tchilaks pandan yap debat sou TALAN GACHE.
Se yon sitiyasyon tris ki dekoule de pèsepsyon paran nan sosyete nou an genyen de reyisit; kote yo prefere pa pran chans mize sou talan timoun yo epi vann yo lekòl kòm SÈL mwayen pou fè siksè nan lavi a.
Jouk jounen jodia gen adilt ki gen regrè nan kè yo vizavi de talan ke yo te idantifye lakay yo lè yo te timoun men ke yo pat janm jwenn opòtinite pou yo eksplore epi eksprime.
Mesye yo fè yon rale mennen vini sou kèk eksperyans pèsonèl pa yo epi profite pataje konsèy yo genyen sou sijè sa pou timoun men sitou pou paran timoun ki nan sitiyasyon sila a.
ENJOY epizòd la epi sonje talan kèlkonk ke ou gen anndan ou an se yon kado ke ou gen devwa pataje ak antouraj ou.