Listen

Description

Jodia nan emisyon an, nou te gen chans chita ansanm ak Garel pou nou fè yon bèl ti pale, yon konvèsasyon ki te ale anpil sou Temwen Jewova yo.

Nou te pwofite moman an pou nou poze'l plizyè kesyon sou ki jan lavi a ye pou yon moun ki se Temwen Jewova, kisa yo kwè, kijan yo pratike lafwa yo chak jou epi kijan sa enfliyanse relasyon yo ak lòt moun nan sosyete a.

Garel te pataje eksperyans pèsonèl li avèk nou, li te bay eksplikasyon sou sa li aprann epi li te reponn ak anpil senserite. Se te yon konvèsasyon ki ouvè lespri nou, ki ban nou plis konpreyansyon sou yon kominote anpil moun tande pale de li, men pa toujou vrèman konnen kijan yo fonksyone.

Emisyon an te rich, li te chaje ak bon jan refleksyon e nou swete tout moun k ap koute ap jwenn li itil menm jan ak nou.