Look for any podcast host, guest or anyone

Listen

Description

Konbat dout nou yo.

◦ Anpil kesyon kon n poze lè nou prezante levanjil la, anpil moun kon n di kesyon san repons sa yo pap pèmèt nou pran nou pran yon desizyon ki korèt. Nan pretèks ke moun leliz trò mal , mwen poko ka resevwa Jezi, mwen pa pare , map tann Bondye relem. Nan anpil ka se yon bann preyokipasyon reyèl men anpil se pretèks pou prezante eskiz.

Lòt bagay ankò anpil fwa nou pretann pote chay nou yo , fè efò pou chaje yo men nou pa jann ka rive leve yo pou ta di menn pote yo. Ebyen la bib di nou nan Matye 11; 28 vini jwenn mwen nou tout ki bouke, nou tout ki anba chaj map soulaje
nou.

Atansyon! Eske yon moun dwe ranjel lavil avan li vin jwenn kris oubyen vini jann ye a? Kesyon saa gen pou wè ak mounn kidi fòm fin fè sa avan, oubyen achte rad legliz avan anpil lòt pretèks toujou. Pou nou
Reponn ann gade nan vèsè sa yo , petèt chaj pechew trò lou pou pote, ou santi ou bouke nan 1 jan 2 :1-2 pitit mwen yo map ekri nou lèt saa pou nou pa peche. Men si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka kap plede pou nou bò kote papa a Jezi kris moun ki mache dwat devan Bondye a. Paske Jezi kris te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye ka padone peche nou yo, pa peche pou nou yo ase men peche tout moun tou.

Zanmi m satan tèlman rize lifè w kwè ke mond lan ofri plis ke kris , li ofri non sèlman fèt, anpil zanmi, discotèk, lajan, lenfliyans,anpil alkòl , anpil menaj etc.... . Pou di vre gen tout sa yo selon gou lòm nan


NB;avèk tout bagay sa gen yon plan fre m sèm . Paske libib di kisa sa ap sèvim yon moun, genyen tout bagay sa yo nou sot site a sil pèdi nanm li, anyen. Paske nanm ou pli enpòtan zanmim. Matye 16 ;26.


Se poutèt sa a nap envitew ou menm ki resevre jezi kòm sovèw vini non, kouri vit vin bay Jezi laviw, ou va epanye de lanfè. Sèl ou bezwen tande verita a, kise levanjil , Romen 10 ;9,

Konbat fo rezonman yo, dout nou yo.
Dieu vous bénisse.