Pouvwa dezobeisans
Nomb 14:22-23
22okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m' lè m' pale ak yo.
23Yo p'ap menm wè peyi mwen te sèmante mwen t'ap bay zansèt yo a. Yo tout ki vire do ban mwen yo, yo yonn p'ap wè peyi a.
Izrayèl se yon pèp ke Bondye li menm menm te chwazi pou li ak pawòl li yo, li mete yo apa daprè yon pwomès li te fè yon sèvitè, padon, plis pase yon sèvitè li te zanmi l paske li te fidèl e li te konnen li entimman. Li te rele Abraram!! ( Jenèz 15:5-6 )
E Bondye te akonpli pwomès li a lè l te ba l premye manb nan gran desandana ma ki te Izarak (Jenèz 21), e finalman pèp la te grandi e Bondye te fè referans ak pèp la ki te akonpli pwomès li a kòm “pèp li a.” ( Sòm 135:5 ).
Men, pèp Izrayèl la, malgre yo se pèp Bondye a gras a pwomès Bondye te fè Abraram, pèp la te enpafè paske yo te pechè, e si yo se pechè yo dezobeyisans e sa te fè yo dezobeyi Bondye nan kòmandman l yo. Se poutèt sa Bondye te pini yo byen sevè.
Bondye te fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip pou l mennen yo nan peyi yo <<Kanaan>>. Bondye te pran yo 'soti nan peyi Lejip la, Li te frape pèp Lejip la ak 10 kalamite, Li louvri Lanmè Wouj la, Bondye ba yo dlo ak manje nan dezè a, Bondye montre yo pouvwa li. Men, nou wè malgre tout sa Bondye te montre yo, pèp Izrayèl la te pè antre nan peyi Kanaran akoz move nouvèl 10 nan 12 espyon Moyiz te voye yo te pote. (Nonm 13:31-32).
Epi pou mank lafwa pèp la, Bondye pini yo e li di "Yo p'ap menm wè peyi mwen te sèmante mwen t'ap bay zansèt yo a. Yo tout ki vire do ban mwen yo, yo yonn p'ap wè peyi a. Non 14:23"
Epi yo te rete 40 an nan dezè a pou 40 jou espyon yo te pase nan peyi Kanaran an.
Chè frè, akoz mank lafwa pèp Izrayèl la, pèp la te pase 40 lane nan bloke nan dezè a, si ou pa sèten nan direksyon ou, chemen ou ka tounen kay ou. Menmjan dezè a, ki ta dwe sèlman chemen pèp la, li tounen kay li pandam 40 ane, akoz dezobeyisans li
pèp la ta dwe sèlman pase nan dezè a, men, akòz mank lafwa yo, yo te rete nan dezè a pou 40 ane.
Chè frè, mwen envite w kenbe je w sou GPS ou, ki se Kris la. Si ou pa gen lafwa nan Bondye ou ka fini viv nan sa ki ta dwe fè pati nan chemen ou.
Bondye pral akonpli pwomès li lè li te di ke li pral beni w, paske li se yon Bondye jistis, li pral pini w tou lè w peche, paske li se yon Bondye jistis.
Mwen envite w rebati relasyon w ak Bondye nan moman sa a, se pou li GPS w egid ou, pou sa ki chemen w pa tounen lakay ou.