Look for any podcast host, guest or anyone

Listen

Description

M ekri kri ayiti

,
 Sa se yon tèks imakile, yon tèks ki pale de ayiti k’ap fin trepase ak mechanste, mechanste ‘k ap adisyone san rete , yon mechanste k’ap miltipliye chak jou Bondye mete. 
 ✓ Hooo mezanmi kote sa prale , ayiti fanm san pitit tout moun deyò vin gagote ,ak yon lespwa men nan pòch kap salye mezon blanch , ak yon pèp ajenou, je pete figi blanch. peyim gròs pou mizè fè nou nan mal site ,politik restavèk koz non nou mal site.
 ✓ Fòs deregle libète koz chak nèg vo (1000), de mokrasi jodi a fè nèg vomil. Konstitisyonn malad linyon se de fèy te, sinon listwa pase lemond ap fin defèyte.
 ✓ Politik ayiti pa jwèt,pou antre ladann fòw gen ponyèt,paske jodia sila yo fèl ak gwo ponyèt .li lè litan pou restavèk mantal sa a démoli, koze maske grandèt krache nan demoli , jodia sila ak manchèt ,zam,nan sistèm bwa kale a yap fin demoli .
 ✓ priyè bon sans peyim te dwe klè kòm esans,paj konsyans nou dechire pa fòt de konesans,syèl rev nou chire lespwa pansel te pyesel dekapotel,eleksyon dan rachòt jodia sila dekapotel.
 M ekri kri ayiti k tankou pis fyel Pete nan deba chinwa,pandan la syans ap devlope nan debachinwa.ayiti m vin ofriw talanm tanpri m konen w pa nan pa tipri , fem vann men pa ti pri.
 ◦ 
Sl mezon blanch men nan pòch 
Jo dia sila yo fin dechèpiye pa kite anyen nan pòch.