´´Pi bon kado a´´
S. Jan 14:16-17
[16] Mwen pral mande Papa a, e li pral ba nou yon Lòt Konsolatè, pou li rete ak nou pou tout tan: [17] Lespri nan verite, moun yo pa ka resevwa l, paske yo pa wè l, yo pa konnen l; men, nou konnen l, paske l rete avèk nou, e li pral nan nou.
Anpil nan nou panse ke pi bon kadò se ale nan syèl apre nou mouri, men nan reyalite, pi bon kadò nan levanjil la se sa k te nan syèl la ki desann rete nan nou. "Sent espri a se ke Bondye avèk nou kounyea."
Anpil fwa, nou santi Lespri Sen a kòm yon dife, oswa kòm yon chalè nan po ou oswa tankou dlo kap koule sou tèt ou, oswa yon fòs ki desann sou nou nan anpil fason, mwen pa kontredi sa paske se yon rankont ant mond sa avèk mond surnaturèl la, nan sa ki normal ak sa ki pa normal.
Nan Bib la, Lespri Sen manifesté kòm yon van, luil, dife, o dlo. Men! Fè atansyon! Pa kwe ke Lespri Sen an se yon bagay. Li netwaye nou tankou dlo men li pa dlo. Li netwaye nou tankou lwil men li pa lwil. Li pote limyè nan lavi nou tankou dife men li pa dife. Ebyen, kisa li ye? Se yon moun, pa yon bagay. Li se moun ki pi enpòtan pami tout bagay nan tout mond la! Lespri Sen an nonmen nan premye chapit Genez la ak nan dènye nan Apokalips la. Paske li se moun ki jwe wòl prensipal la. Men si nou pa kite li jwe wòl prensipal nan istwa nou yo, se paske nou pa janm kòmpwann sa istwa a ye.
Pi bon envestisman ou se konsakre tan ou pou grandi nan relasyon ou ak Lespri Sen an. "L'ap bay kwayan yo nesans tankou yon manman, li pral defann yo kont akizatè a kòm yon avoka, Lap akompanye yo nan doulè yo kòm yon zanmi"! Se sa Lespri Sen an fè.
Li se yon danje panse ke santi Lespri Sen an se sèlman santi unción li. Oubyen sèlman manifestasyon li.
Mwen pa vle ou mal kòmpwann mwen, sa mwen ap eseye di se ke anpil moun ap chèche unción Lespri Sen an men yo pa chèche amitye lespri sen an, paske yo pa pran lespri sen an tankou yon moun sino tankou yon bagay.
Pou fini, map ankouraje nou pou Nou plis sansib pou lespri sen a, pou Nou onore lespri sen, pou Nou zanmi lespri an, paske lè nou elwanyel nou fè l tris.