"Provèb"
Nan provèb 5:20;27
20 Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen.
21 Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.
22 Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.
23 Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.
24 Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase.
25 Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan.
26 Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou.
27 Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.
⁃ nan vèsè 23 nou tire 2 ansèyman.
1. mot cœur: le vle di panse, vye lide nou.
2. Dezyèmman nou jwenn ( les sources de la vie. Sa vle di lavi gen plizyè sous.
⁃ tankou: sous espirityèl, sosyal,ekonomik.
Sekrè a se veye lide k'ap sot nan tèt nou.