Look for any podcast host, guest or anyone
Showing episodes and shows of

Elie Michel GUERRIER

Shows

LODYANS PodcastLODYANS PodcastSOU PAYNan epizòd sila, nou pran plezi pataje epi dekri yon eksperyans sou youn nan espas ki pat manke make plizyè jenerasyon nan ekonomi enfòmèl lan an Haiti. Nou vle pale de : SOU PAY. SOU PAY lan se yon kalte espas nan premye blòk mache Kwabosal. Li bat plis sou lari. Se atè a la nan tout bagay bwase. Se yon kalte espas ekonomik ki charye dèyèl yon latriye reyalite sosyal.2022-08-2608 minLODYANS PodcastLODYANS PodcastVÈYDENWIVèydenwi : Epizòd sila pran deskri yon kalte sèn ki pwodwi nan dewoulman yon aktivite espirityèl e sosyal nan yon espas sosyalizasyon nan kominote ayisyèn lan. Nou pran plezi dekri ak ou yon ti moman kote moun, lapriyè, konsekrasyon, louwanj ak adorasyon fon sèl nan yon ti bout espas apre lanjelis. Men tou, kote chak moun vinn regle koze pa yo.2022-08-1111 minLODYANS PodcastLODYANS PodcastGWO BIS RAYEpizòd sila dekri yon seri fasèt nan reyalite ki dèyè koze Bis Ray lan. Se yon seri gwo bis ki fè trafik Kafou-Pòtoprens lan(ale-retou). Nou pran plezi penn yon seri sitiyasyon ki karakterize eleman sila. Nan sitiyasyon sa yo, gen sa nou te konnen deja e gen sa yo pat ko janm penn nou.2022-07-2608 minLODYANS PodcastLODYANS PodcastFIDOLENFIDOLEN rakonte istwa yon moun fou kap paweze nan lari Pòtoprens... Yon pèsonaj ki charye dèyè l yon kalte istwa ki pa depaman ak yon pakèt lòt ki rive sou ti bout tè Ayiti an. Se yon bout istwa ki relate yon trajedi, men kap eseye penn yon reyalite ki kontinye ap fè chimen l.2020-12-0512 minLODYANS PodcastLODYANS PodcastPASTÈ CELIDIEUNan epizòd sila, nou rakonte yon pati nan lavi yon pèsonalite piblik e moral, kap mennen yon vi egzanplè devan je anpil nan sila kap swiv li yo, men ki kache yon kalte vis ki pa kamarad ak stati li an.. Nou vle pale w de Pastè Celidieu.🤓2020-10-2014 minLODYANS PodcastLODYANS PodcastKAY JANJANKay JanJan se deskripsyon kèk fasèt nan yon reyalite ki egziste nan nannan kapital lan atravè yon istwa. Lodyans sa chita sou yon evènman pou l eseye penn kèk aspè nan reyalite sa atravè yon bout lannwit memorab.2020-09-1512 minLODYANS PodcastLODYANS PodcastMICHAËLMichaël se istwa yon pati nan lavi yon jèn gason ki fèt e grandi ak estil yon fanm e ki ap bat dlo pou l fè bè nan lari Pòtoprens.2020-08-0112 minLODYANS PodcastLODYANS PodcastLODYANS Podcast (Trailer)2020-08-0100 min