podcast
details
.com
Print
Share
Look for any podcast host, guest or anyone
Search
Showing episodes and shows of
Fabrice Mesidor
Shows
Memo Pòdkas
Epizòd 40 - Paka fè pitit - Gabèl
Gen yon seri de sijè nan sosyete pa nou an ki trete anndan kay paske yo sansib e yo fè mal. Gwoup Gabèl te deside abòde nan yon chante tematik :"Paka fè pitit". Nan epizòd 40 Memo Pòdkas la, Mé ak Mo t ap pataje konpreyansyon yo sou yon ekstrè nan tèks sila. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-08-16
40 min
Memo Pòdkas
Epizòd 39 - Silans konn pale
Li konn enpòtan dèfwa pou nou kite silans nou pale pou nou. Menm jan li konn osi enpòtan pou n pale an silans. Aprè poz Mé ak Mo te pran pou mwa jiyè a, yo tounen ak on epizòd espesyal pou pataje lide sou enpòtans ak pouvwa silans. Al tande epizòd 39 sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-08-09
30 min
Memo Pòdkas
Epizòd 38 - Sales Nègres - Jacques Roumain
Nou boukle bèl seri nou an ak yon tèks frapan ki soti lakay: Sales Nègres de Jacques Roumain. Malgre li pa t fondatè mouvman yo rele Negritude la, Jacques Roumain te yon sipòtè angaje ki te pataje menm vizyon ak Aimé Césaire, Léopold Sédar Senghor ak Léon Damas: yon vizyon ki mete diyite, rasin afriken ak revalorizasyon memwa kolonize yo nan sant refleksyon literè. Pou epizòd sa a, Fabrice ak Ricardo pran tan pou dekòtike tèks la selon konpreyansyon yo, mete li nan kontèks li, epi ouvri p...
2025-06-28
34 min
Memo Pòdkas
Epizòd 37 - Femme noire - Léopold Sédar Senghor
Aprè nou te finn analize ekstrè tèks Aimé Césaire ak Guy Tirolien, nou pa ta ka pa pran Léopold Sédar Senghor. Fabrice ak Ricardo kontinye nan manyen kouran "Negritude" la e yo ale nan manman mouvman, Lafrik. Pou epizòd 37 la, MeMo t ap analize on ekstrè de powèm ki titre "Femme Noire" ke Léopold Sédar Senghor sèl Afriken nan fondatè mouvman "Negritude" la. Nou pral wè jan a travè bèl kout plim li lap pale de fanm nwa e de kontinen afriken an. Al tande epizòd sila ki dis...
2025-06-21
39 min
Memo Pòdkas
Epizòd 36 - Prière d’un petit enfant nègre – Guy Tirolien
Nan kad lit kont tout fòm kolonizasyon, Guy Tirolien te pran devan pou l tire sonèt la. Li t ap denonse kalite edikasyon yo vle bay ti nèg. On lekòl ki tris, san okenn kreyativite, ki dekonekte ak kilti e koutim on pèp, se li yo vle bay ti nèg. Guy envite n pou n leve kanpe, pou n priye paske nou pa vle ale nan lekòl yo a. Nan epizòd 36 sa, Fabrice ak Ricardo t ap analize on ekstrè de powèm ki titre "Prière d'un petit enfant nègre...
2025-06-14
34 min
Memo Pòdkas
Epizòd 35 - Cahier d’un retour au pays natal - Aimé Césaire
Nou menm ki kite lakay lontan, kilè n ap ka retounen pou n al met men nan pat la? Aimé Césaire, lè l te tounen lakay li te deside pou l pa rete kòm espektatè. A travè vwa l, pwezi l, li te pale pou sila ki san vwa yo, li te aji. Ricardo ak Fabrice, nan epizòd 35 sa t ap pale de yon ekstrè de yon bèl powèm k ap reveye nou. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko...
2025-06-07
39 min
Memo Pòdkas
Epizòd 34 - Fragments d’Haiti et autres poemes - Sarita Cynthia Pierre
Pou klotire mwa me a, ann al dekouvri Sarita Cynthia Pierre, yon fanm, kap pale de yon gwo fanm, Ayiti, manman nou tout. Nan epizòd 34 la, Ricardo ak Fabrice chita pou dekòtike yon ekstrè nan tèks gwo powetès sa. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts epi nap konprann pouki Sarita ap pale de "Terre de feu, de larmes et de courage". Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-05-31
42 min
Memo Pòdkas
Epizòd 33 - Yon ti pale ak Rose Carlie Mars: FlexiMomPreneur
Koulè feminen pou mwa Me a ap kontinye. Nan kontèks sa, pou epizòd 33, Fabrice ak Ricardo te fon chita pale ak Rose Carlie Mars, yon entreprenè, yon manman ... Li t ap rakonte nou eksperyans li kòm entreprenè e kijan li balanse lekòl, fanmi, lwazi ak biznis li. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-05-24
41 min
Memo Pòdkas
Epizòd 32 - L'odeur de ma terre (de mon drapeau) - Emeline Michel
Emeline Michel, nan chante "L'odeur de ma terre" la te di : "On a un drapeau, nou koke l byen wo" Nan epizòd 32 sila, Mé ak Mo te pase a travè on ekstrè tèks sa e te tou pwofite fè on ti klen dèy a drapo ayisyen an n ap selebre nan dat 18 me a. Ant analliz literè ak emosyon kolektif n ap onore tout sa drapo nou reprezante. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w poko tande yo. Pa negli...
2025-05-17
43 min
Memo Pòdkas
Epizòd 31 - Bòn fèt manman
Nan Amerik di Nò, peyi tankou Etazini ak Kanada selebre manman yo dezyèm dimanch nan mwa me a. Fabrice ak Ricardo dedye epizòd 31 an ak tout MeMordus manman ak manman MeMordus yo. Nou pwofite pou pale de kijan kèk otè pa bò lakay pale de manman. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-05-10
49 min
Memo Pòdkas
Epizòd 30 - Chèf Patoutou
Lè ekriti kontre ak kuizin, kreyativite pran gou ak koulè. Nan epizòd 30 la, Fabrice ak Ricardo te gen chans akeyi chèf Patricia Joint. Li ki t ap rakonte nou kijan l fè vin chèf, sa ki make l depi lè nan domèn sa men tou li te profite fè rapwochman ant kèk eleman esansyèl pou byen ekri on tèks ak kèk eleman enpòtan pou byen prepare on pla. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande...
2025-05-03
54 min
Memo Pòdkas
Epizòd 29 - Jwi la vi w paske Jodi pa Demen
Fabrice ak Ricardo pa nan koulè mouchwa menm si yo pran ekstrè 2 tèks Barikad Crew ak Rockfam Lame-a pou yo analize. Nan epizòd 29 lan, nap konpare 2 klasik sa yo "Jwi la vi w" ak "Jodi a pa demen". Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-04-26
52 min
Memo Pòdkas
Epizòd 28 - Ban m verite vs Istwa kache
Nan epizòd 28 la, Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè 2 tèks ki pale de verite pou analize. Yon kote nou gen "Ban m verite" (yon tèks de yon chante entèprete pa Kadilak e Misty Jean) epi yon lòt bò nou gen "Istwa kache" (tèks de yon bèl chante de ansyen gwoup Toxic). Al tande epizòd sila pou dekouvri kijan nou apwoche 2 tèks sa yo ki gen 2 vizyon diferan. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-04-19
42 min
Memo Pòdkas
Epizòd 27 - Vagabon for Life oubyen Vagabon Chanje
Nan epizòd 27 la, Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè 2 tèks ki pale de vagabon pou analize. Yon kote nou gen yon "vagabon for life" (tèks ki sou albòm Viktwa ke Kreyol la lage an 2007) epi yon lot bò nou gen "yon vagabon chanje" (Baky sou albòm Chante ap rete chante). Al tande epizòd sila pou dekouvri kijan nou apwoche 2 tèks sa yo ki gen 2 vizyon diferan. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-04-12
39 min
Memo Pòdkas
Epizòd 26 - Boutèy Anlè (Klib Mapou)
Pou dekri e denonse reyalite peyi a Klib nan tèks "Boutèy anlè" konpare machann tafya ak politisyen. Se yon ekstrè nan mizik sa ki sou albòm "Mes tourments" Klib ekri, Fabrice ak Ricardo ap prezante nou e analize nan epizòd 26 la. Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-04-05
45 min
Memo Pòdkas
Epizòd 25 - Medsin, Bodybuilding, Ekriti (Patrice Jean)
Patrice Jean se envite nan epizòd 25 Memo Pòdkas la. Yon medsen de pwofesyon, yon bòdibildè de wo nivo, yon ekriven pasyone; avèk li Fabrice ak Ricardo te fè on bèl ti kozri. Al tande epizòd sila pou dekouvri poukisa se medsin li te chwazi, kijan l te komanse nan koze bat fè e sitou pou kiyès li pran plezi ekri. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-03-29
38 min
Memo Pòdkas
Epizòd 24 - Le Spiralisme
"Le Spiralisme": yon mouvman literè ki te kreye nan lane 1960 yo. Frankétienne se youn nan moun ki te kreye l'. Kisa mouvman sa ye? Nan ki objektif yo te kreye? ki karakteristik li? Fabrice ak Ricardo t ap tante reponn kesyon sa yo nan epizòd 24 la. Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-03-22
37 min
Memo Pòdkas
Epizòd 23 - Sikatris (Baky)
Gon kou w pran ki kite sikatris sou po w. Men gen kou, se nan kè w li kite on mak. Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè nan mizik "Sikatris" ke Baky ekri pou analize sak fè atis la trete evenman ki rive l nan maryaj li de sikatris. Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-03-15
43 min
Memo Pòdkas
Epizòd 22 - La Forge
Gen chanjman pou w opere nan lavi w an tan ke moun, se nan on fòj pou w pase pou w sibi tout etap transfòmasyon yo. Nan epizòd 22 a, nou te analize kèk bèl metafò vizyèl nou idantifye nan fim ki rele "La forge" la Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-03-08
35 min
Memo Pòdkas
Epizòd 21 - Nou pa moun ankò
Konbyen san k pou koule, konbyen rèl pou n rele pou nou ka retounen moun. Lakay pa bon ditou, nou pa moun ankò. Nan epizòd 21 an, nou te degaje sa k sou kè nou pa rapò a sitiyasyon difisil frè n ak sè n ap viv aktyèlman an Ayiti. Nou te apiye sou yon ti ekstrè tèks gwoup Kai ki rele "Nou pa moun ankò" Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-03-01
31 min
Memo Pòdkas
Epizòd 20 - Valè w (Klass)
De kisa valè w depann? Ès ke w se moun w ap tann pou vin met valè sou w? Epizòd 20 sa, se te okazyon pou Fabrice ak Ricardo te echanje opinyon ak konpreyansyon yo sou yon ekstrè tèks gwoup Klass ki rele "Valè w" Tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-02-22
48 min
Memo Pòdkas
Epizòd 19 - L'âme des noms (Georges Sylvain)
Kijan w rele? Sa son kesyon ke nou toujou ap reponn pou pèmèt moun idantifye nou. Kisa non sa ou bay la vle di? Kisa li di sou pèsonalite ou? Pou epizòd 19 MeMo Podkas, Fabrice ak Ricardo tap reflechi sou kesyon sa yo a travè yon ekstrè powèm "L'âme des noms" ke Georges Sylvain ekri. Yo pote on bèl Memo-rab pou nou tou nan fen epizòd la. Al tande epizòd la pou w dekouvri sa k t ap di.
2025-02-15
42 min
Memo Pòdkas
Epizòd 18 - Ak anpil men, nan pwen chay ki lou...alewè pou kalalou ta glise.
Ak yon pwovèb ou ka fè pase anpil mesaj, ou ka bay mizangad, ou ka ankouraje pwechen w tou. Pwovèb ayisyen fasil pou di men yo pa toujou fasil pou konprann. Nan Memo Pòdkas, nou te kontan fè ti pale de pwovòb lakay e menm reflechi sou 2 ladan yo. Al tande epizòd la pou w dekouvri sa k t ap di.
2025-02-08
38 min
Memo Pòdkas
Epizòd 17 - Makè...! Mete yon envite pou MeMo (Amos François)
Jan MeMo te anonse l deja, memopodkas ap resevwa envite nan kèk epizòd. Pou premye envite yo, Fabrice ak Ricardo te resevwa Amos Francois nan memopodkas. Nan epizòd 17 la, nou pral fè konesans ak travay Amos e kijan li itilize pasyon l pou figi estil. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-02-01
50 min
Memo Pòdkas
Epizòd 16 - "Les femmes savantes" (Molière)
Eske w sonje ti fraz laten sa: Castigat ridendo mores? Si w sonje l wap sonje Molière tou, gwo ekriven teyat nan literati fransèz. Pou epizòd 16 la, Ricardo ak Fabrice pran on ekstrè nan youn nan gwo zèv Molière yo ki rele "Les femmes savantes". Ann fè on kout pye nan disetyèm syèk e reviv tèks sa pandan nap dekouvri kisa ki aplikab ladann l toujou jounen jodi a. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2025-01-25
52 min
Memo Pòdkas
Epizòd 15 - "Konseye" (Wendyyy)
Es ke w toujou bezwen mande konsèy? Es ke w pa ka pwòp konseye tèt ou? Epizòd 15 sa, se te okazyon pou Fabrice ak Ricardo te echanje opinyon ak konpreyansyon yo sou yon ekstrè de tèks Wendyyy ki rele "konseye" Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
2025-01-18
59 min
Memo Pòdkas
Epizòd 14 - "Le lièvre et la tortue"
"Rien ne sert de courir, il faut partir à point." Yon sitasyon ki travèse le tan ke n jwenn nan yon Fab Jean de la Fontaine ekri ki rele "Le lièvre te la tortue". Sa te fè sijè epizòd 14 la kot Fabrice ak Ricardo te plonje nan inivè 2 bèt sa yo pou dekòtike sitasyon sila. Avek kèk egzanp pratik, Mé ak Mo te montre kijan li enpòtan pou chèche fè ekilib ant vitès, pasyans ak pèseverans san w pa oblije awogan. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa n...
2025-01-11
38 min
Memo Pòdkas
Epizòd 13 - Bilan
3 mwa aprè lansman Memo Pòdkas, Fabrice ak Ricardo te deside fè on ti bilan a travè epizòd 13 la. Yon bilan, pou yo gade kote yo ye, kijan yap vanse, si rezilta yo alinye ak objektif ki te fikse yo? Te gen oditris ak oditè ki te patisipe nan epizòd sila pou bay opinyon sou kijan yo wè pòdkas la jounen jodi a e fè kèk pwopozisyon sou kijan nou ka amelyore. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
2024-12-28
51 min
Memo Pòdkas
Epizòd 12 - "Nou bouke tann!!!" ... "Jwaye Nwèl kan menm"
Epizòd 12 la se te okazyon pou Mé ak Mo te echanje ve ak swè ak oditè yo nan epòk fèt Nwèl la. Msye yo fè yon ti mansyon patikilye pou oditè ki an Ayiti yo. Yo itilize 2 ansyen tèks konkou chante Nwèl ki te fèt nan lane 1999 (Nou bouke tann) ak 2000 (Jwaye Nwèl kanmèm), Max Aubin ak Stanley George te respektivman chante, pou yo byen dekri kontèks fèt fen ane yo aktyèlman la an Ayiti. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou...
2024-12-21
40 min
Memo Pòdkas
Epizòd 11 - "Machann sab" D-fi Powèt Revòlte
On machann sab se yon figi imajinè oubyen senbolik nou konn jwenn nan kont timoun. Se yon pèsonaj ki fè timoun dòmi, li vide on sab majik sou je timoun yo. D-fi ke yo konnen kounya sou non Dèf Fondamantal, son rapè ki wè tèt li tankou on machann sab a travè mizik li. Nan epizòd 11, Fabrice ak Ricardo analize yon ekstrè tèks "Machann sab" atis sila ekri. Yo tap fè nou dekouvri paralèl ki fèt ant 2 antite sa yo: Machann sab e atis la. Al tande epizòd...
2024-12-14
45 min
Memo Pòdkas
Epizòd 10 - "Ensasyabilite" P.I.C.
Kilè on moun ensasyab? Nan epizòd 10, Fabrice ak Ricardo ap fè nou dekouvri jan atis P.I.C. trete kesyon ensasyabilite a. Ak anpil swen, msye yo dekòtike yon ti segman nan tèks chante ki rele "Ensasyabilite". Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
2024-12-07
35 min
Memo Pòdkas
Epizòd 9 - Titanyen
Nan kad epizòd 9 la, Fabrice ak Ricardo t ap analize ak anpil amètim yon powèm Yves-Gerard Olivier ekri. Yon powèm k ap transpòte w nan yon reyalite tris men ti mesye yo te reyisi fè dekouvri kalite ekriti otè ak idantifye anpil mesaj enpòtan ke l te vle fè pase. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
2024-11-30
36 min
Memo Pòdkas
Epizòd 8 - Analiz sou ekstrè tèks "Yon Ti Kalkil" B.I.C.
Yon ekstrè nan tèks Yon ti kalkil de atis B.I.C. t ap debat nan Memo pòdkas pou 8e epizòd la. Fabrice ak Ricardo t ap eksplike selon yo menm ki mesaj ki degaje nan tèks sila, patikilyèman nan ti segman ke yo te konsidere a. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
2024-11-23
42 min
Memo Pòdkas
Epizòd 7 - Analiz sou yon ekstrè tèks "Dyaman nan bidonvil"
Nan epizòd sila, Fabrice ak Ricardo ap analize yon ekstrè nan tèks Dyaman nan Bidonvil ki sou premye albòm gwoup mizikal Zafèm. Yo gade ki mesaj ki degaje nan tèks sila men sitou nan ti segman ke yo konsidere a. Yo te pale de fòm lan tou. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
2024-11-16
33 min
Memo Pòdkas
Epizòd 6 - Yon mo espesyal ke nap jwenn nan on tèks MeMo
Aprè yon seri epizòd kote yo tap bay oditè yo zouti kap pèmèt yo konprann e analize tèks, Ricardo ak Fabrice nan epizòd 6 la dekòtike premye tèks yo. Ann dekouvri ansanm tèks ti mesye MeMo yo pote pou ou a, ki mesaj ki ladann l e ki fòm yo itilize pou ekri l. Al tande epizòd sila ak anpil swen. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
2024-11-09
40 min
Memo Pòdkas
Epizòd 5 - Kèk pami divès figi estil ki genyen
Fabrice ak Ricardo te pran anpil plezi a travè senkyèm epizòd sa. Yo te eksplike kisa ki on figi estil. Yo te pwofite enimere epi pale de kèk ladan yo. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
2024-11-02
45 min
Memo Pòdkas
Epizòd 4 - Diferan rim nou ka jwenn nan yon tèks
Nan katriyèm epizòd sa, Fabrice ak Ricardo ap pale de kijan nou ka konnen rim ke yon otè ka fè nan yon tèks. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt. Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
2024-10-26
42 min
Memo Pòdkas
Epizòd 3 - Diferan fason yon tèks ka ekri
Nan twazyèm epizòd sa, Fabrice ak Ricardo ap pale de kijan pou nou idantifye lè yon tèks ekri an proz oubyen an vè. Al tande epizòd sila pou plis detay. Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
2024-10-19
42 min
Memo Pòdkas
Epizòd 2 - Diferan fòm zèv ekri ka pran
Nan dezyèm epizòd sa, Fabrice ak Ricardo ap eksplike diferan fason yon zèv literè ka prezante. Gen anpil men sa ki pi kouran yo se: Narasyon Pwezi Dram Al tande epizòd sila pou dekouvri plis bagay sou yo. Tape memopodkas sou Facebook; Instagram; X ak Tiktok pou abone a paj ofisyèl yo. Pou jwenn pòdkas la ale sou: Libsyn ; Spotify ak Apple Podcasts
2024-10-12
45 min
Memo Pòdkas
Epizòd 1 - Ann fè konesans ak MéMo
Pou premye epizòd la, Fabrice ak Ricardo deside pale de: kisa MéMo vle di? kote ide pòdkas la sòti? ki objektif pòdkas la? ki sijè pòdkas la ap gen pou trete? ki piblik pòdkas la vize? Tape memopodkas sou Facebook; Instagram; X ak Tiktok pou abone a paj ofisyèl yo. Pou jwenn pòdkas la ale sou: Libsyn ; Spotify ak Apple Podcasts
2024-10-05
27 min