podcast
details
.com
Print
Share
Look for any podcast host, guest or anyone
Search
Showing episodes and shows of
Gaetan Casseus
Shows
Maketing Medya Sosyal
Metrize Sèvis Kliyantèl nan maketing medya sosyal | Judd Point Barre E37
Nan epizod nou te resevwa Judd Point Barre, ekspè nan sèvis kliyan, pou n te gen yon konvèsasyon sou sèvis kliyantèl, inovasyon entèlijans atifisyèl nan domèn lan, ide kontni pou freelancer pou pi bon maketing sou medya sosyal yo. Konekte ak Judd Point Barre: https://www.instagram.com/juddpointbarre/ Pataje podcast la epi tag mwen sou Instagram story @gaetancasso
2024-01-13
32 min
Maketing Medya Sosyal
De 3k a 14k Followers sou Instagram nan 4 Mwa | Istwa Marckenley Macien E36
Mwen te kontan gen yon konvèsasyon ak Marckenley Macien, @timetoedit080_official sou Instagram. Li pataje istwa l sou kòman l sòti de 3,000 a 14,000 followers nan 4 mwa sou Instagram. Nan epizod sa nou pale sou: Kòman l te pèdi premye kont Instagram lan? Pwosesis kreyasyon kontni Kijan l rete kreyatif pou l toujou jwenn nouvo ide videyo Zouti pou w kreye kontni Instagram sou Telefòn ou ak plis ankò.... Konekte ak Marckenley sou Instagram: http://www.instagram.com/timetoedit080_official/
2024-01-07
48 min
KOZETEK Podcast
EP158. Kisa ki Marketing Digital | GAETAN CASSEUS
EP152. Kisa ki Marketing Digital | GAETAN CASSEUS
2023-08-27
45 min
Espace Marketing
Maketing Rezo Sosyal | Byen vann biznis ou sou rezo yo ak Gaetan Casseus
Byenvini nan yon lòt nimewo Espas Maketing. Nan epizòd sila nou fè yon bèl konvèsasyon ak Gaetan Casseus sou enpòtans rezo sosyal yo genyen pou startup / PME yo. Gaetan pataje plizyè teknik ak strateji k ap pèmèt ou byen itilize platfòm yo pou w ka atenn objektif maketing ou. Ou gen yon ti biznis ? Yon startup? Branche epizòd sa kounya, ou p ap regrèt !
2023-01-21
41 min
Maketing Medya Sosyal
Etap pou w vin yon Kreyatè Kontni a Plen Tan | Marie Falonne Jean Ep. 33
Marie Falonne Jean, UGC Content Creator, Makeup Artist, Beauty & Fashion Influencer. Nan epizod sa, W ap aprann: Kisa UGC Content Creation ye? A kisa yon jou nan lavi yon kreyatè kontni a plen tan sanble Byen optimize pou yo rive fè kob kòm kreyatè kontni Kòman pou w grandi odyans ou Diferans ant Reels ak Tiktok ak anpil lòt bagay ankò. Konekte ak Marie Falonne Jean 👇🏾 Instagram: https://www.instagram.com/faily.makeup/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@faily.makeup?lang=en Pinterest: https://bit.ly/3RDjTfv
2022-08-17
49 min
Maketing Medya Sosyal
Estrateji Maketing Rezo Sosyal Pou Grandi Biznis Ou | Clifford Dessables Ep. 32
Clifford Dessables, Digital marketer, Business coach, Kofondatè Saveurs Lakay, li ede antreprenè fè lajan sou entènèt la san yo pa bezwen popilè. Koman Clifford te kòmanse nan digital marketing? Enpòtans leman pou biznis, e kòman nou ka itilize l pou atire kliyan lè n ap fè marketing rezo sosyal? Ki enpòtans storytelling genyen nan biznis, social media marketing? Pi bon fason nou ka vann sou rezo sosyal yo? Kijan pou n kreye yon bon òf maketin? Konekte ak Clifford Dessables Instagram: https://www.instagram.com/cliffdessables/ Twitter: https://twitter.com/cliffdess...
2022-07-27
59 min
Maketing Medya Sosyal
Sekrè pou w Jwenn plis Followers | Kevin Mesidor E31
Kevin Mesidor, yon komedyen ki konstwi yon kokennchenn odyans sou rezo sosyal e ki gen plizyè videyo ki gen plis pase 1 milyon views, ap pataje pakou l nan epizod sa e kòman li rive fè sa. Nan Epizod sa, w ap aprann: Koman Kevin (Aurelie) te kòmanse karyè l sou Tiktok Kòman pou w jwenn enspirasyon Fomil pou ret konsistan Sekrè pou w jwenn plis Followers ak anpil lòt bagay ankò. Konekte ak Kevin: Instagram: https://www.instagram.com/november_rain08/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@aureliethedrama Youtu...
2022-06-30
38 min
Maketing Medya Sosyal
Konprann Influencer Marketing | Angelika Leblanc E30
Angelika Leblanc se fondatè Influencer Link, yon ajans ki fasilite kolaborasyon ant Influencer ak brand. Nan epizod sa, w ap aprann: Diferans ant kreyatè kontni ak enfliyansè Diferan tip enfliyansè ki genyen Enpòtans Influencer Marketing genyen nan mond n ap viv jodia Eske nenpòt moun ka vin influencer Konekte ak Angelika Leblanc: Instagram: https://www.instagram.com/angelika_leblanc/ Twitter: https://mobile.twitter.com/angelikaleblan4 Tiktok: https://www.tiktok.com/@angelikaleblanc Youtube: https://www.youtube.com/channel/UCLBiUBL_1f5QreCRJXMBE1Q Website: https://influencerlink.net/
2022-06-21
30 min
Maketing Medya Sosyal
Etap Pou w Grandi yon Kominote sou Youtube | Samuel Sanon E29
Samuel Sanon se yon pwodiktè mizik ak enjenyè ki baze nan Pòtoprens, Ayiti. Samy te kòmanse amelyore konpetans li nan fè beat an 2011 pandan li t ap etidye sosyoloji. Samy se yon kreyatè kontni tou ki konstwi yon kominote sou Youtube kote li gen plis pase 30,000 abone, plis 1 milyon view. Nan epizod sa, w ap aprann: - Kisa ki te enspire Samuel kòmanse pwodui videyo sou Youtube? - Koman pwosesis la te ye pou l soti de 0 a 30,000 subscribers sou Youtube jounen jodia? - An tèm kreyasyon kontni ak online b...
2022-06-14
39 min
Maketing Medya Sosyal
De 0 a 10k Followers sou Instagram, istwa Melmax | Melay I. Maxley E28
Maxley Ivanderlove Melay, yon jenn kreyatif kap evolye nan domenn fotografi ak kreyasyon kontni. Etidyan nan maketin nan inivesite Quisqueya e responsab rezo sosyo a tan pasyèl. Li pasyone de biznis ak fe lajan sou entènèt. Nan Epizod sa, nou touche pwen sa yo: Enpòtans break genyen pou yon Influencer/kreyatè kontni Koman Maxley souvan jwenn ide kontni pou Instagram ou? Zouti espesefik pou edit foto + kèk astis pou yon moun pran pi bon foto pou Instagram li? Koman w ka jwenn mesaj ou kòm yon Influencer? Ki etap / fason pou yon...
2022-06-08
44 min
Maketing Medya Sosyal
Kòman pou w vin yon pi Bon Kreyatè Kontni | Sophia Bruny E27
Sophia bruny, Kreyatè Teknoloji an Kreyol. Nan epizod nou pale sou: Kote pasyon Sophia gen pou teknoloji a sòti Koman yon kreyatè kontni ka jwenn nich Koman pou kreye yon kominote sou rezo sosyal yo Ki fason w itilize pou w fè pwomosyon videyo Youtube ou yo pou w jwenn plis view, plis moun pou gade videyo w yo? Kijan pou edit videyo w yo, ki zouti pou w itilize? Koman pou w jwenn ide kontni ki fason pou w monetize yon chanèl youtube? Konekte ak Sophia Bruny: Instagram: https://www.instagram.com/teknoloji...
2022-05-31
1h 03
Maketing Medya Sosyal
Ogmante vizibilite biznis ou sou Medya Sosyal yo | Auguste Jacquet E26
Envite nou jodia se Auguste Jacquet. Li ede mak ogmante vizibilite medya sosyal yo atravè kontni Customized ki baze sou estrateji adapte pou chak mache sib. Li se yon espesyalis medya sosyal, community manager, ak copywriter. Nan epizod sa nou pale sou: Rezon ki fè biznis dwe envesti nan medya sosyal yo Kijan yon biznis ka grandi prezans li an liy e jwenn nouvo kliyan Enpòtans konsistans Enpòtans piblisite nan estrateji marketing medya sosyal yo Konekte ak Auguste Jacquet👇🏾: Instagram: https://www.instagram.com/helloauguste/ Twitter: https://twitter.com...
2022-05-24
39 min
Maketing Medya Sosyal
Byenvini nan Marketing Rezo Sosyal
Byenvini nan Marketing Rezo Sosyal, yon podcast pou antreprenè ak kreyatè kontni ayisyen ki vle grandi biznis ak enfliyans yo sou medya sosyal yo. Chak semèn, w ap jwenn estrateji solid, konvèsasyon ak eskpè, kreyatè kontni ki jwenn rezilta sou rezo sosyal yo pou pataje estrateji, astis ki mache sou platfòm tankou Instagram, TikTok, YouTube, etsetera.. Mwen se Gaetan Casseus, sètifye nan Marketing rezo sosyal, mwen nan yon avanti pou m konprann marketing medya sosyal pi byen chak jou. Emisyon sa disponib sou Apple podcast, Spotify ak majorite platfòm podcast...
2022-05-21
00 min
Maketing Medya Sosyal
Evolisyon Rezo Sosyal yo ak Enpòtans li nan Marketing | Kims Beljean
Kims Kesnel Beljean se yon jèn ayisyen k ap evolye nan domèn maketing nan depi kèk lane. Li sètifye nan strateji dijital nan inivèsite Edinburgh e sa gen 1 an depi li fonde Aprann Digital Marketing yon platfòm ki la pou ede antreprenè ak pwofesyonèl ayisyen metrize domèn lan yon fason pou grandi valè yo sou mache a. Nou ka konekte ak Kims Beljean sou Instagram: instagram.com/kimsbeljean
2021-07-05
42 min
Maketing Medya Sosyal
Itilize Carousel Pou w Grandi Odyans ou Sou Instagram | Cedrick Leroy
Cedrick komanse dizay nan lane 2017, men moun komanse konnen l tout bon nan fen lane 2019. Li se grafis Akolad Creations, epi li travay an freelance tou. Cedrick gen experience nan social media ads, conception cover pou mizik, li fè logo, flyer aktivite kiltirèl. Li fè Jesyon page Fb/ig pou kliyan pesonèl li tou. Li gen yon bon eksperyans nan sa ki gen rapò ak dizay Carousel, li fè plis pase 60 deja. Nan epizod sila, nou touche pwen sa yo : Konsèy pou moun ki ta renmen vin Graphic...
2021-06-15
51 min
Maketing Medya Sosyal
Itilize Carousel Pou w Grandi Odyans ou Sou Instagram | Cedrick Leroy
Cedrick komanse dizay nan lane 2017, men moun komanse konnen l tout bon nan fen lane 2019. Li se grafis Akolad Creations, epi li travay an freelance tou. Cedrick gen experience nan social media ads, conception cover pou mizik, li fè logo, flyer aktivite kiltirèl. Li fè Jesyon page Fb/ig pou kliyan pesonèl li tou. Li gen yon bon eksperyans nan sa ki gen rapò ak dizay Carousel, li fè plis pase 60 deja. Nan epizod sila, nou touche pwen sa yo : Konsèy pou moun ki ta renmen vin Graphic Designer ? Resous k ap ede w design pi byen Enpòtans C...
2021-06-14
51 min
Maketing Medya Sosyal
Koman Pou w Kreye Yon Bon Pwofil LinkedIn | Gael Beauboeuf
Gael Beauboeuf se yon pasyone de teknoloji ki fondé Koze Teknoloji ak Teknolojik Podcast, kote li pataje kontni enteresan sou teknoloji. Li se yon IT specialist. Nan epizod sa, nou pale sou LinkedIn Marketing. Nou touche pwen enteresan sa yo: Evolisyon LinkedIn ak Update li yo Enpòtans LinkedIn nan marketing rezo sosyal jounen jodia Etap kle pou w kreye yon bon pwofil LinkedIn Koman biznis ka itilize linkedIn Koman w jwenn nouvo kliyan/job sou LinkedIn Konekte ak Gael Beauboeuf sou LinkedIn: https://www.linkedin.com/in/gbeauboeuf/
2021-05-31
49 min
Maketing Medya Sosyal
Estrateji Marketing Instagram Pou w Jwenn Nouvo Kliyan | Mel Jeanty
Mélissa Jeanty se yon kreyatif ayisyen ki te konn ap prete kamera nan men fotograf li te konn rankontre lè l te pi jèn, epi ki vin ap evolye jodi a kòm fotograf/videyograf, epi dizaynè. Pasyon li se kreye bèl kontni sou entènèt e pou kliyan li yo, yon fason pou ede moun nan kominote l, epi tou fè Bondye plezi. Nan epizod sila, men kèk pwen enteresan nou touche : Koman Mel te kòmanse pakou kreyatif li Poukisa li enpòtan pou Instagram ou dekri kiyès ou ye Ast...
2021-05-24
1h 16
Maketing Medya Sosyal
Teknik Pou w Kreye Bèl Dizay Instagram | Storm Jean
Storm Jean, Self-taught Graphic Designer, ki spesyalize l nan kreyasyon kontni pou rezo sosyal yo, retouching photo, logo, poster design. Li se Content Director Haiti Brand. Nan epizod sa, nou touche pwen sa yo: Koman Stormish te komanse Graphic Design ? Wòl dizay nan marketing rezo sosyal ? Konsèy pou w byen itilize koulè pou brand, biznis ou sou rezo sosyal yo ? Prosesis kreyativ Jean Stormish lè l ap kreye Dizay ? Ki prensib baz pou w kreye bèl dizay pou rezo sosyal yo e ki erè ou souvan moun yo fè ? Ki estil kontni k...
2021-05-17
48 min
Maketing Medya Sosyal
Ekri Kontni K ap Ede w Vann Sou Rezo Sosyal Yo | Jean Luc Dufresne
Jean Luc Dufresne, yon jèn ki fè etid Kominikasyon ak relasyon piblik. Se yon rédacteur web ki gen atik nan plizyè medya, li metrize divès metòd ekriti. W ap jwenn Janlik nan domèn Kominikasyon, marketing ak teknoloji. Men jodi a nou pale avè l sou Content writing, youn nan displin ki reyini pifò nan konpetans li yo. Ki enpòtans ekri/ copywriting genyen pou yon moun k ap itilize rezo sosyal yo pou biznis li ? koman n ka ekri Tweet ki jwenn angajman? Erè moun yo souvan fè lè y ap ekri kontni sou Rezo Sosyal ? Kisa...
2021-05-10
47 min
Maketing Medya Sosyal
Itilize Visual Storytelling Pou w Grandi Enfliyans ou sou Instagram | Anne Marjorie René
Anne Marjorie René se yon kretyen, edikatris, antreprenè ak “ visual storyteller “ ki itilize platfòm Instagram Li pou l rakonte istwa de Ayiti e pou l kreye opòtinite pou kreyatif Ayisyen. Li konbine pasyon l pou devlopman ekonomik ak talan Li genyen poul vann poul konekte kreyatif yo ak kliyantèl sib yo. Nan epizod sila, nou touche pwen sa yo : Koman Anne Marjorie te kòmanse sou Instagram Eske Marjorie konsidere tèt kòm yon Influencer sou Instagram Koman Marjorie Rive Grandi odyans li sou Instagram Creative process Marjorie lè l ap fè post sou I...
2021-05-03
54 min
Maketing Medya Sosyal
Estrateji Instagram Pou w Grandi Biznis ak Enfliyans ou | Beatrice Celestin
Beatrice Celestin gen plis ke 18 lane eksperyans nan Graphic Design e li ranpote plizyè gran pri nan domèn lan. Digital Marketer, li pataje konsèy sou Marketing an liy. Li se Fondatè Twixcism. Li se Co-Host The Social Media Talk Show ak Carel Pedre. Nan epizod sila, nou touche pwen sa yo: Koman Beatrice te komanse karyè l nan Graphic Design ak Marketing Koman pou w chwazi platfom rezo sosyal pou biznis ou Poukisa angajman enpòtan sou rezo sosyal yo Enpak MIA mode sou kont Instagram ou Konsèy pou w kreye bon kont...
2021-04-26
55 min
Maketing Medya Sosyal
Clubhouse: Tout Sa w Dwe Konnen | Kervens St Sauveur
Si w ap itilize rezo sosyal yo, ou ka tande pale de nouvo rezo sosyal sa ki rele Clubhouse. Ou gen dwa ap poze tet ou kestyon sou li. Nan epizod sila, Nou pale de Clubhouse. Nou touche pwen sa yo : Kisa Clubhouse ye Koman pou w gen yon kont Clubhouse Ki opotinite ki gen sou Clubhouse Diferans Clubhouse de lot rezo sosyal yo Koman Kervens te rive fe $ 1200 US pou biznis li sou Clubhouse ak lot anko. Konekte ak Kervens sou Instagram nan lyen sa: www.instagram.com/s.v...
2021-04-24
40 min
Maketing Medya Sosyal
Estrateji Pou w Vann Avèk Istwa w sou Rezo Sosyal Yo | Youri Jean Pierre
Nan epizod sila, nou gen onè resevwa Youri JP, Espesyalis nan Marketing ki gen plizyè lane eksperyans, Antreprenè, CEO JP Media Group ak Ayiti Fitness. Youri Fonde Haiti Digital Marketing Summit. Nou touche pwen sa yo: Kote pasyon Youri gen pou Marketing lan soti Kisa Haiti Digital Marketing Summit ye Opotinite Rezo Sosyal ofri Biznis Konsa pou moun ki ta renmen vin Influencer sou Rezo Sosyal yo Koman w ka vann apati Istwa w sou Rezo Sosyal yo Top 3 Estrateji Marketing Rezo Sosyal Si w apresye epizod la, pataje ak zanmi w.
2021-04-19
51 min
Maketing Medya Sosyal
Etap Pou w Kreye/Grandi Chanèl Youtube ou e Fè Lajan | Certil Remy
Certil Remy se yon pwogramè ki pasyone nan pataje konesans li ak tout moun. Li gen yon chanèl Youtube ki gen anviwon 12000 abone kote l ap ede jenn yo konprann teknoloji ak fè lajan sou entenèt la. Certil Remy gen yon fomasyon tou sou koman pou w vin yon pwofesyonèl sou Youtube Pou fè lajan. Nan epizod sila, nou touche pwen sa yo: Koman Certil Remy te komanse sou Youtube Avantaj ak opotinite ki gen sou Youtube Pwosesis pou Certil Remy de soti de 0 a 12000 abone sou Youtube Sa w dwe fè avan...
2021-04-12
1h 05
Maketing Medya Sosyal
Etap Pou w Soti de 0 a 16,000 Abone Sou Instagram | Istwa Nickson Clermont
Nickson Clermont se yon jèn antreprenè ayisyen k ap viv Brezil ki itilize Instagram pou fè biznis an liy. Li rive grandi paj Instagram li a 16,000 Abone e monetize kont Instagram li. Nan epizod sa, nou touche pwen sa yo: Koman Nickson te komanse sou Instagram Koman pwosesis la te ye pou l rive a 16 mil abone sou Instagram Etap pou w grandi paj Instagram ou Koman w ka fè lajan sou Instagram Ere ki fè anpil moun pa rive grandi paj Instagram yo Ak plizyè lot pwen anko. Konekte ak Nickso...
2021-04-06
46 min
Maketing Medya Sosyal
Etap Pou w Devlope BRAND ou e Jwenn Nouvo Kliyan | Roodjino Cherilus
Nan epizod sila, nou resevwa Roodjino Cherilus. Roodjino se yon Antreprenè, Graphic Designer, li gen plis ke yon lane tou kote lap anseye Graphic Design, Marketing sou youtube, gratis ak tout jèn ki vle aprann. Li kreye yon seri konferans Marketing Digital pou ede antreprenè, freelancer yo konprann koman pou yo grandi biznis yo ak Marketing Digital. Nan epizod sila, Nou touche pwen sa yo : Premye etap yo pou yon moun konstwi BRAND li sou rezo sosyal yo Wòl Rezo Sosyal yo Jwe nan marketing dijital pou biznis ak personal brand Koman w Jwe...
2021-03-22
47 min
Maketing Medya Sosyal
Koman Pou w Pran Bèl Foto ak Telefon ou pou Instagram | Tony Tuch
Foto se youn nan estil kontni ki plis mache sou Instagram, Ou dwe genyen bon kalite foto pou w diferansye w de lot yo, jwenn plis angajman e grandi odyans sou Instagram. Nan epizod sila, n ap resevwa Tony Tuch, Fotograf pwofesyonèl, videyograf / Filmmaker pwofesyonèl. Tony fè titoryèl sou fotografi, e aprann moun kòman pou fè bèl foto ak telefon ou. Nou touche pwen sa yo : Kisa k fè yon bon/bèl foto Eske tout telefon ka pran bèl foto Pwosesis kreyativ avan w pran foto Koman w ka pran b...
2021-03-19
42 min
Maketing Medya Sosyal
Sezon 2 - Trailer
Sezon 2.
2021-03-18
00 min
Maketing Medya Sosyal
Koman w kreye bèl Dizay Pou Rezo Sosyal Yo | Marc Ralph Louis
Si w ta renmen kreye bèl dizay pou rezo sosyal, epizod sa ap ede w. Nan epizod, mwen gen avè m Marc Ralph Louis ki se youn nan pi bon Graphic Designer mwen konnen, k ap pataje konsèy k ap ede w kreye bèl dizay pou rezo sosyal yo. Nou touche pwen tankou : Eske w ka itilize Canva si w pa yon Pro pou w kreye bèl dizay si w konn Photoshop ak Adobe Illustrator Prensib baz pou w kreye bèl dizay Pi bon typography ou ka itilize nan dizay...
2020-12-26
20 min
Maketing Medya Sosyal
Koman w Soti de 0 a 8,000 Abone sou Instagram, Istwa @lucasmotiv | Lucas Berton Bruny
Lucas Berton Bruny, Graphic Designer ap pataje istwa l e koman li soti de 0 a 8,000 abone sou Instagram. Nou touche pwen tankou : Pwosesis pou w soti de 0 a 8,000 abone sou Instagram 3 pi gwo leson Lucas aprann nan pakou li sou Instagram ak @lucasmotiv Estrateji ki pi efektif pou ede w grandi sou Instagram ak anpil lot anko...........................
2020-12-15
24 min
Maketing Medya Sosyal
Konstwi Yon Odyans Solid e Jwenn Nouvo Kliyan Sou Rezo Sosyal Yo | Pierre Stanley Baptiste
Avan yon moun ka achte nan men w, li dwe konnen w e fè w konfyans. Si moun yo pa konnen w, yo pa p ka achte nan men w. Konekte avèk odyans sible a, enpòtan pou tout biznis ki vle grandi e ogmante lavant yo. Nan epizod jodia, Pierre Stanley Baptiste, espesyalis nan kreyasyon Mak Ki konstwi odyans solid sou platfòm rezo sosyal yo, ap pataje konsèy pratik sou kòman pou w konstwi yon Odyans Solid e Jwenn nouvo kliyan pou biznis ou sou Rezo Sosyal yo.
2020-12-08
21 min
Maketing Medya Sosyal
7 Zouti Gratis Pou w Kreye Kontni Enteresan Pou Rezo Sosyal Yo
Si w pa kreye kontni sou entènèt la, ou preske pa egziste. Nan epizod jodia, m ap pataje avè nou 7 zouti gratis K ap ede n kreye kontni enteresan pou rezo sosyal yo.
2020-11-24
14 min
Espace Marketing
4 wòl rezo sosyal yo jwe nan yon strateji dijital (Edisyon spesyal)
Nan yon entèvyou ak Gaetan Casséus nan emisyon Maketing rezo sosyal, mwen te pale de : 1. Enpòtans rezo yo jwe nan maketing pou biznis 2. 4 wòl yo jwe nan strateji maketing dijital 3. teknik pou byen devlope yon maketing sou rezo yo.
2020-11-01
27 min
Maketing Medya Sosyal
4 Wòl Rezo Sosyal Yo Jwe Nan Yon Plan Maketin Dijital | Entèvyou ak Kims Beljean
Espesyalis nan Maketin Dijital, Kims Beljean, nan epizod sa ap ede w konprann kisa maketin dijital ye, enpòtans li pou biznis jounen jodia e wòl rezo sosyal yo jwe nan plan maketin dijital.
2020-10-16
27 min
Maketing Medya Sosyal
De 0 a 1 Milyon Followers nan 30 Jou | Istwa Brendan Kane
Si w ta renmen konnen koman pou w genyen 1 Milyon Followers sou Rezo Sosyal yo, Epizod sa se pou ou. Mwen ansanm ak Etzer-Louis Charles fè revi Liv " One Million Followers " ke Brendan Kane ekri. Nou pale sou koman Brendan Kane soti de 0 a 1 Milyon Followers nan 30 Jou, e nou Dekòtike sistèm ak estrateji li itilize pou fè sa, ak koman ou ka itilize sistèm sa pou grandi paj Rezo Sosyal ou yo.
2020-10-09
44 min
Espace Marketing
Teknik pou w kreyon yon bon strateji maketing rezo sosyal.
Nan epizòd sa nou te ansanm Gaëtan Casséus, yon spesyalis nan maketing sou rezo sosyal. Li t ap pale nou de tout teknik ak strateji ki ka pèmèt yon moun reyisi maketing li sou rezo yo.
2020-10-05
28 min
Maketing Medya Sosyal
Atenn Objektif Maketin Ou Yo Gras Ak Sa
Nouvo epizod sa ap ede w konprann enpotans Rezo Sosyal yo pou ede w reyisi estrateji maketin ou pra l itilize pou biznis ou an. Epizod sa se yon ti pati nan entèvyou emisyon APRANN, de @makeyourmove509, kote mwen te envite pou m pale sou Maketin Rezo Sosyal. Si w ta renmen tande tout konvèsasyon mwen te genyen ak Kims Beljean an, branche emisyon APRANN, li disponib sou tout platfom podcast yo.
2020-10-02
05 min
Maketing Medya Sosyal
Koman w Sòti de 0 a 10,000 Abone Sou Facebook | Entèvyou ak Seevlay Bazard
Nan epizòd sa, Seevlay Bazard ap pataje eksperyans li, koman pwosesis la te ye pou li pou l sòti de 0 a 10,000 abone sou paj Facebook li. Nou pale sou : - Twa pi gwo leson li aprann ki ede l grandi paj li - koman li te al viral, li gen piblikasyon ki atenn 500,000 moun - Opòtinite sa pèmèt li jwenn nan karyè l Ak anpil lòt ankò.......
2020-09-25
25 min
Maketing Medya Sosyal
Maketin Facebook 2020
Taktik ou dwe konnen pou w devlope yon bon estrateji maketin pou Facebook.
2020-09-18
20 min
Maketing Medya Sosyal
Kreye Yon Paj Facebook Pou Biznis ou K ap atire Kliyan
Kreye yon paj Facebook biznis se yon bagay ki senp e fasil ke majorite moun ka fe, men byen optimize yon paj Facebook le w ap kreye l pou atire nouvo kliyan, se pa tout moun ki konnen sa. Nan epizod jodia, nou pale sou koman pou w kreye e optimize paj Facebook biznis ou.
2020-09-04
20 min
Maketing Medya Sosyal
5 Fason Rezo Sosyal yo ap Ede w Grandi Biznis Ou
Plis ou klè sou fason Rezo Sosyal yo ap ede w grandi biznis ou, plis w ap pi efektif lè w ap fè maketin rezo sosyal pou biznis ou.
2020-08-07
15 min
Maketing Medya Sosyal
Maketin Rezo Sosyal Trailer
Maketin Rezo Sosyal se youn nan pi gwò opòtinite nan mond n ap viv jounen jodia pou akonpli objektif ou genyen yo nan biznis. Jwenn nou chak semèn nan yon nouvo epizod kote w ap jwenn estrateji ak konsèy pratik sou Maketin Rezo Sosyal. Ret branche.
2020-07-31
01 min