Look for any podcast host, guest or anyone
Showing episodes and shows of

Koze Kilti Vyol

Shows

Koze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlKoze Kilti Vyòl - Epizod 18 - Let's talk about sexFè bagay...fè bagay...fè bagay..! Sa sonnen mal nan tèt ou oubyen li sonnen nòmal? Nou sonje Elder te di nou sa? Toujou pale de fè bagay: avan nou fè bagay, pandan n ap fè bagay, aprè nou fin fè bagay. Se konsa n ap konn sa n vle, sa n renmen,  sa patnè nou vle ak renmen tout bon vre. Se konsa tou n ap ka tabli yon bon kilti konsantman. Poutan, nan peyi nou,  malgre entènèt la ba nou de twa ti zen dezantan, fè bagay toujou rete yon tabou. Nou...2021-06-1240 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlKoze Kilti Vyòl - Epizod 17 - Ou gen dwa di wiMarie s on bèl tifi ki konn sa l vle. Pa sèlman pou lavi l men sou kaban n tou. Lè m di nou sa, li konn kò l, li konn sa k ap fè l plezi. Mezanmi, se pi bon bagay ki te ka rive yon moun men Marie pat konn sa. Dotanplis, ti kè l ba t pou David. David leve yon fason ki fè l konprann yon fi ki mande fè bagay oubyen ki di wi vit s on ti cholin. Marie vin blije paka epanouyi l vre. L ap mal viv. Pinga n bay tèt...2021-06-0544 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlKoze Kilti Vyòl - Epizod 16 - Ou gen dwa di nonEske w te konen w gen dwa di non? Bon.. anpil nan nou ka mande tèt nou ki mòd kesyon sa. Men eske w konnen anpil moun paka di non? Yo pè fwase oubyen desevwa moun. Di non s on bagay ki tèlman enpòtan. Se paske w konn di non ki fè wi w ap gen valè. La n ap pale yon fason jeneral. Men nan sa ki kòsène nou, nan lit n ap mennen kont kilti vyòl, nou te wè tout wi pa gen valè, tout wi pa valab. Nou te mete aksan s...2021-05-2937 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlKoze Kilti Vyòl - Epizod 15 - Wi pa toujou wiAnpil fwa nou konn wè de moun ansanm, yo nan yon relasyon, nou sipoze a yon moman nan relasyon an se yon « WI » ki te ini yo, yon wi ki fè yo ansanm. Men eske se nan tout ka sa yo « WI » an te vrèman yon « WI », eske yon « WI » pa ka vle di « NON » tou ?   Souvan de moun ka  ansanm, Men « WI » ki lye yo an, konn gen anpil bagay ki ka enfliyansye l , konn gen yon dinamik pouvwa ki lye a konsantman sa a. Yon granmoun ki renmen ak yon timoun, yon mou...2021-05-1526 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlKoze Kilti Vyòl - Epizod 14 - Renmen moun ki renmen wDepi w renmen yon moun, renmen l , renmen l tout bon, sa vle di l ap renmen w tou, pa vre? Se linivè k vle sa ? Ebyen non. Menmsi liv, fim, mizik ak kilti a anjeneral sanble deside fè nou kwè sa, li posib pou n renmen yon moun, tout bon, renmen renmen, sensèman epi li menm li pa renmen n ditou. Sa konn rive. Sa menm rive souvan. Souvan li fasil pou w panse sa w santi pou yon moun, se fòseman sa moun sa santi pou ou tou. Jis paske w gen yon defin...2021-05-0826 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlKoze Kilti Vyòl - Epizòd 13 - Ret nan wòl ouPèsonn pa renmen tande yo di l non. Pèsonn. Yon non se yon rejè. Se lòt la ki rejte sa w pwopoze l e li souvan difisil pou n pa viv sa tankou yon kòmantè sou valè nou antanke moun. Reyalite sa nan tout relasyon nou ka genyen youn ak lòt. Kit yon travay nou aplike pou li oubyen yon moun nou envite sòti ak nou, repons non pa janm rezilta nou t ap espere a. Men, nan tou de ka sa yo, respè non lòt la, respè limit li poze a, fond...2021-05-0126 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlKoze Kilti Vyòl - Epizòd 12 - Prizon pa dousSe yon prensip lalwa, pou pini yon krim fòk gen yon lwa pou sa - nulla pena sine lege. Se pou sa dwa penal blije presi, fòk definisyon yo klè pou jij la ka pwononse jijman l. Kidonk, pou pini kadejak ak lòt agresyon sekyèl, fòk nou klè sou kisa egzakteman yo ye. Se sa nou pral wè ansanm nan atelye jodi a ki baze sou definisyon agresyon seksyèl yo anvan nou resevwa envite nou, Me Dilia Lemaire, ansyen jij nan Conseil Supérieur du Pouvoir Judiciaire (CSPJ). Plis nan k...2021-04-2447 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlKoze Kilti Vyòl - Epizòd 11 - Fò l di wi anvanSouvan, konsantman prezante tankou yon bagay ki gen anpil zòn gri, men pa gen fwontyè flou nan konsantman: Si pa gen yon wi san kontrent, se non. Antanke sosyete, nou souvan pè pale de sèks e sa debouche tou sou koze konsantman an. Fi sitou gen difikilte pale de sa yo vle, sa yo pa vle nan sèks. Yon sèten moral piritèn ki prezante fanm tankou yon moun ki sibi ak seksyèl la fè yo pè eksprime sa ki ka fè yo plezi pou moun pa al panse se paske yo san moral...2021-04-1729 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlPawòl anndan kay ki ankouraje kilti vyòlRobert-Joseph Pothier se te yon moniman nan doktrin dwa Lafrans. Travay li te enspire anpil jiris nan lòt peyi tankou Etazini menm jan ak nan peyi pa li, Lafrans. Moun ki te ekri Kòd Napoleyon yo - ki te baz kòd sivil pa nou an Ayiti - te baze yo anpil sou travay li. Nan travay sa te genyen yon Traité du contrat de mariage et des droits respectifs des époux - pibliye an 1771 - ki eksplike kijan moun marye dwe aji youn ak lòt: Se pou fanm pran pasyans devan movèz mannyè...2020-12-1937 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlPawòl komedi ki banalize vyòlVyolans sou fanm pa yon bagay ki nouvo. Diferan epizòd Koze Kilti Vyòl yo montre akipwen se yon bagay ki byen enstale nan kilti nou, a diferan nivo. Nou wè kijan fason nou pale nòmalize, banalize vyolans ki fèt sou fanm, lè l pa lejitime l. Youn nan kote sa fèt anpil se nan blag, nan jan nou itilize yo pou n fè kadejak, tizonnay ak lòt abi seksyèl pase pou jwèt. Blag kreye lyen sosyal. Li pèmèt dedramatize yon sitiyasyon, detann yon atmosfè, kreye yon espas pataj. Lè nou...2020-12-1247 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlPawòl nan sinema ki ankouraje kilti vyòlSi w se yon gason ki gen difikilte pou w jwenn yon fanm, pa gen pwoblèm, kidnape youn epi, pita, apre l fin pase yon bon tan ap batay avè w, l ap fini pa tonbe amourez epi n ap viv ansanm, pou toujou, nan yon bonè san fen. Nan monn reyèl la, kidnape jenn fanm vle di plas ou se nan prizon; Clifford Brandt ka konfime. Nan sinema, kidnaping jenn fanm, se souvan kòmansman wòmans.  Lè se pa kidnaping, nou jwenn lòt fòm predasyon. Nan N’oublie jama...2020-12-051h 07Koze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlPawòl nan mizik ki banalize vyòlEntèsibjektivite se yon konsèp sosyolojik ki defini relasyon ant moun nan sa yo pataje ansanm, kit li konsyan, kit li pa konsyan. Lè n ap kominike youn ak lòt, se sa ki pèmèt nou konprann youn lòt, ajiste nou youn ak lòt, pou kontinye konvèsasyon an. Konsa, ansanm, nou konstwi sans sa n ap pale a, nou konstwi reyalite nou. Lè n ap koute yon mizik - menm jan ak lè n ap apresye zèv nenpòt atis - se menm fenomèn lan. Jan nou resevwa mizik la depann anpi...2020-11-2836 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlKèk pawòl nou konn tande nan medya e ki patisipe nan kilti vyòlNan lane 1974, Erving Goffman, yon kokennchenn sosyològ ameriken ki te travay anpil sou entèraksyon moun ak moun, pibliye Frame Analysis: An essay on the organization of experience. Ladan, Goffman - ki te lengwis tou - montre kijan moun entèprete sa k ap pase nan monn lan atravè kadraj yo genyen. Kadraj la se jan yon sous enfòmasyon defini, konstwi, enfòmasyon sa a. Jan li deside prezante l la tou pral enfliyanse jan moun ki resevwa enfòmasyon an reyaji.  Youn nan pi gwo aplikasyon teyori sa se nan maketing. Maketing itilize kominik...2020-11-211h 07Koze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlPawòl bondye ki patisipe nan kilti vyòlNan Jenèz, chapit 19 gen istwa yon tantativ vyòl kolektif. De zanj Bondye rive Sodòm nan aswè, Lòt akeyi yo lakay li. Gason nan vil la ki aprann sa vin devan pòt la, mande lage mesye yo ba yo pou yo fè kadejak sou yo. Lòt ofri de pitit fi li yo ki tifi pito. Mesye yo pa dakò, yo bourade Lòt, yo vini pou defonse pòt la pou yo rantre men zanj yo vegle je malfektè yo epi Lòt ak fanmi l sove kite Sodòm. Pita, toujou nan Jenèz chapit 19, pi...2020-11-1446 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlPawòl otorite yo konn di ki banalize vyòlApre yon seri akizasyon grav kadejak, tizonnay ak lòt abi seksyèl kont Direktè Bibliyotèk Nasyonal la, Dangelo Néard, Minis Kilti a, Pradel Henriquez fè yon nòt sou Facebook pou denonse yon laboratwa fanm ak gwo lajan nan men yo k ap travay pou detwi gason ak fo akizasyon. Li menm mande DCPJ entèvni prese prese pou mare yo. Moun kouri dèyè l, petisyon siyen, li mande yon eskiz ki pa fin eskiz epi sa rete la. Poutan, yon minis nan Leta pa yon  sitwayen lanbda; lefèt l ap travay nan sektè kilti...2020-11-0731 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlPawòl ki aksepte nan kad pwofesyonèl ki ankouraje kilti vyòlNan Leya Kokoye, yon lodyans Maurice Sixto sou inegalite nan peyi a. Leya, ki te loreyat pwomosyon l nan pedagoji ak daktilografi, ap prepare l pou l ale nan randevou nan Ministè Edikasyon Nasyonal pou l al chèche yon travay. Zafè fanmi Leya pa bon, men Leya gen yon fanmi ki diy. Anvan l kite kay li, manman l raple l pou l pa kite vagabon ranse ak figi li. Minis lan se te yon pa itil, ki gen kòm sèl dokiman sou biwo l yon liv pònografik yo rele Les 27 pauses. Antrevi a pa b...2020-10-3143 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlKèk pawòl nou di chak jou lè n ap pale ak pwòch nou (zanmi, fanmi) ki ankouraje kilti vyòlLangaj nou enfliyanse kijan nou wè mond n ap viv ladann nan. Enfòmasyon nou fè pase depann anpil de lang nou itilize. Se ipotèz Sapir-Whorf, 2 lengwis Ameriken te fòmile nan lane 1930. Sa te pran yon titan men lasyans montre, non sèlman jan nou panse enfliyanse jan nou pale, men jan nou pale enfliyanse tou jan nou konprann mond lan. Yo montre lè nou reyisi chanje jan moun pale, li chanje jan yo panse. Pa egzanp, lè moun aprann nouvo mo pou koulè, yo gen plis kapasite disène koulè. Petèt nou deja tande pale d...2020-10-2438 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlKijan fason nou pale de kadejak efase wòl agresè a jwe ladannFason nou pale de kadejak souvan mete anpil presyon sou viktim nan, fè l prefere fè silans. Pa egzanp, nou chaje kalifikatif pou n pale de yon moun, sitou yon fanm, ki viktim vyòl, men nou gen yon sèl non pou moun ki komèt zak la: kadejakè, yon non nou komanse itilize sèlman nan komansman 20yèm syèk pandan l ap dekri yon reyalite ki te toujou egziste. Se sou aspè sa kote sosyete nou an souvan estigmatize viktim kadejak padan li ta sanble vle retire responsabilite kadejakè a, envite nou, Pwofesè Darline Alex...2020-10-1739 minKoze Kilti VyòlKoze Kilti VyòlKoze Kilti Vyòl (Trailer)2020-10-1600 min