Look for any podcast host, guest or anyone
Showing episodes and shows of

MANTALITID

Shows

MANTALITIDMANTALITID10 fraz « negatif » ou pa dwe janm di yon timounNan edikasyon n ap bay timoun yo, san nou pa rann nou kont, nou konn itilize kèk ekspresyon ki ka afekte estim yo gen pou tèt yo ak pèsonalite yo. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn egzanp 10 fraz negatif ou pa dwe janm di yon timoun. Epi pou kisa.2025-04-0115 minMANTALITIDMANTALITID7 gwo MIT sou sikoloji ak sante mantal ou pa dwe kwèSikoloji ak sante mantal genyen anpil mit ki antoure yo. Move pèsepsyon sa yo souvan konstitye obstak pou anpil moun, lè pou yo chèche sipò sikolojik yo nesesite nan vi yo. Nan epizòd MANTALITID, nou prezante w 7 nan mit sa yo, ki pa kadre ak reyalite a.2025-03-3112 minMANTALITIDMANTALITIDTwoub Pèsonalite NasisikTwoub pèsonalite nasisik karakterize pa yon obsesyon eksesif, yon moun devlope pou tèt li, kote li vle se li ki se sant atansyon tout bagay, sa ki riske afekte relasyon li ak lòt moun. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou kritè dyagnostik twoub pèsonalite nasissik ak kòman ou ka viv ak yon moun nasissik.2025-03-3114 minMANTALITIDMANTALITID7 atitid sikolojik, pou yon pi bon ane 2022Nan kòmansman nouvo ane yo, gen moun ki souvan pran divès rezolisyon nan lavi yo. Men, pou yon rezon ou yon lòt, objektif yo konn pa reyalize. Nan epizò Mantalitid sa, nou pataje ak ou 7 atitid entelijan ou ta dwe adopte, pou yon pi bon ane 2022.2025-03-3112 minMANTALITIDMANTALITIDFè lapè ak pase wSou yon fòm ou yon lòt, pase ou gen pou akonpanye ou pou tout res vi w. Souvni yo, bon tankou move, menm jan ak eksperyans yo, fè pati trajektwa lavi w. Men, si ou rete esklav pase ou, nou riske pèdi tout bèl opòtinite lavi te ka ofri ou.2025-03-3013 minMANTALITIDMANTALITIDÈske l nesesè pou PADONE ?PADONE pa toujou yon egzèsis fasil, sitou lè nou nouri rankin ak dezi vanjans pou yon moun ki te koze nou yon tò. Men, kiltive padon enpòtan pou sante mantal ou e li ka ede ou geri sikatris emosyonèl sa k pase a. Se de sa nou abòde nan epizòd MANTALITID jodi a.2025-03-3013 minMANTALITIDMANTALITIDEnpak emosyonèl vin papa genyen nan lavi mesye yoVin papa, sitou pou premye fwa, se yon avanti emosyonèl enteresan, men ki konn vini ak ensètitid tou. Sitou lè kondisyon yo pa reyini. Soti nan gwosès manman an, pase nan nesans timoun nan, rive nan lè l ap grandi, wòl papa a konn gen gwo enpak sou lavi sikolojik mesye yo. Nan epizòd MANTALITID sa, 4 envite ap pale de eskperyans pèsonèl yo. 2025-03-021h 02MANTALITIDMANTALITIDSante mantal : yon aspè enpòtan nan pèfòmans yon atlètSante mantal se yon eleman esansyèl nan byennèt jeneral nenpòt moun nan. Nan ka patikilye yon atlèt ki souvan ap fè fas ak divès egzijans disiplin espòtif yo mande, yon bon preparasyon mantal endispansab nan pèfòmans atlèt yo. Nan epizòd MANTALITID sa, Sikològ Frandy Pierre-Louis ap bay plis detay sou sa. 2025-02-1629 minMANTALITIDMANTALITIDDEPRESYON (tantativ swisid) : eksperyans Max Junior RaymondAnt laj 14 ak 16 ane, Max Junior Raymond ki t ap fè fas ak DEPRESYON fè 2 tantativ pou mete fen ak lavi l. Nan epizòd MANTALITID sa, nou eseye gade ki sa ki te sous detrès emosyonèl sa, kòman eksperyans sa make lavi li elatriye. 2024-08-2532 minMANTALITIDMANTALITIDPrevansyon SWISID kay jèn yoDaprè OMS, anviwon 800 mil moun touye tèt yo chak ane. Aprè aksidan machin, SWISID see dezyèm koz lanmò nan mitan jèn ki soti nan laj soti 15 pou rive 29 lane. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou kòman ou ka ede nan prevansyon kont SWISID ki se yon pwoblematik sante piblik, sitou nan mitan adolesan yo.2024-04-0718 minMANTALITIDMANTALITIDRezime ane 2023Dènye epizòd MANTALITID pou ane a se yon edisyon espesyal. Nan epizòd sa, nou prezante yon ekstrè sou entèvansyon divès envite te fè nan podkas la, sou tematik ki gen rapò ak sante mantal, byennèt emosyonèl moun de fason jeneral.2023-12-2417 minMANTALITIDMANTALITID7 kesyon fondamantal sou SWISIDMwa septanm se mwa prevansyon kont SWISID. Pou prevansyon sa rive reyèlman efektif, gen enfòmasyon enpòtan ou dwe konnen sou SWISID. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn repons a 7 kesyon san dout ou konn poze tèt ou sou SWISID.2023-09-1718 minMANTALITIDMANTALITID10 kesyon esansyèl sou oryantasyon seksyèlOryantasyon seksyèl se yon atraksyon emosyonèl, ewotik, seksyèl oswa afektif yon moun genyen pou yon lòt moun ki dire a travè tan an. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pote repons ak 10 kesyon esansyèl ki ka ede w konprann pi byen oryantasyon seksyèl moun.2023-09-0317 minMANTALITIDMANTALITIDFè sante mantal ou yon priyoriteYon sante mantal ekilibre ap pèmèt ou atenn pi wo nivo potansyèl ou. Se pou sa, nan tout aktivite w ap fè yo, sante mantal ou pa dwe yon opsyon, men pito yon priyorite. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn 5 pratik pou priyorize sante mantal ou.2023-08-0615 minMANTALITIDMANTALITIDKòman ou ka ede yon moun ki fè DEPRESYONDaprè OMS, genyen anviwon 280 milyon moun ki ap soufri ak DEPRESYON nan mond lan. Chak ane, plis pase 700 mil moun touye tèt yo akoz DEPRESYON. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn estrateji kòman ou ka ede yon pwòch ou ki fè DEPRESYON. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support2023-06-2514 minMANTALITIDMANTALITIDKilè yon moun se yon analfabèt emosyonèl ?Emosyon yo endispansab nan ekilib ak devlopman nou kòm moun. Men, si yo pa byen jere, yo riske gen gwo enpak negatif sou kalite lavi nou. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale de tout sa ou dwe konnen sou analfabetis emosyonèl e kòman pou fè edikasyon emosyonèl tèt ou.2023-06-2513 minMANTALITIDMANTALITIDTwoub SeksyèlTwoub Seksyèl yo, se tout obstak klinikman sinifikatif, ki anpeche yon moun jwi plènman aktivite seksyèl li. Sityasyon sa konn tèlman preyokipe moun ki konsène a, li afekte byennèt li de fason jeneral. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale de tout sa w dwe konnen sou Twoub Seksyèl yo.2023-06-0421 minMANTALITIDMANTALITIDYon gid k ap ede w nan peryòd DÈYDèy se yon pwosesis nòmal, natirèl. Se yon repons fas ak lanmò yon moun ki te enpòtan pou nou. Tout moun pa viv moman dèy yo menm fason. Gen moun ki pa janm rive fè dèy yon moun li te renmen. Sa ki riske pètibe byennèt emosyonèl li. Nan epizòd MANTALITID sa, nou ofri w yon gid pou ede w nan peryòd dèy.2023-05-2819 minMANTALITIDMANTALITIDMwens PLENYEN, plis GRATITIDGen moun ki tèlman renmen PLENYEN, yo fè l tounen yon mòd de vi. Se yon atitid ki non sèlman nosif pou byennèt yo ak sante yo, men tou ki afekte rapò yo ak lòt moun. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale pou kisa li enpòtan pou kiltive plis GRATITID, olye w pase tout tan ap PLENYEN.2023-05-1415 minMANTALITIDMANTALITIDLi enpòtan pou pran yon POZResponsabilite familyal, obligasyon pwofesyonèl [...], pou yon rezon ou yon lòt, vi anpil nan nou pwograme de fason otomatik. Nan chèche reponn ak egzijans lavi a fè nou, nou souvan bliye pran swen tèt nou. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale pou kisa li enpòtan pou pran yon POZ, konsakre tan ak tèt ou e kòman ou ka rive fè sa.2023-04-2319 minMANTALITIDMANTALITIDTwoub AnksyeteSi anksyete se yon reyaksyon nòmal pi ka genyen fas ak yon sityasyon ki parèt menasan, men lè li pèsiste san rezon ki jistifye l, li ka tounen yon maladi ki paralize epanouyisman w ak pwodiktivite w. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou tout sa w dwe konnen sou Twoub Anksyete yo.2023-04-1612 minMANTALITIDMANTALITIDKriz Karantèn« Kriz Karantèn » se yon peryòd de dout nan lavi nou, kote n ap remete tout bagay an kesyon. Se yon moman bilan ki vini ak kèk sentom ki ka afekte prèske tout aspè nan lavi moun ki konsène a. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou tout sa w dwe konnen sou « Kriz Karantèn » nan.2023-04-0215 minMANTALITIDMANTALITIDEnpòtans NITRISYON nan sante mantalManje de fason ekilibre pa sèlman esansyèl pou kò fizik la, men li fondamantal tou pou bon ekilib sèvo a. Nan epizòd MANTALITID jodi a, nou pale sou kòman sa n ap manje yo ka enfliyanse sou sante mantal nou.2023-03-2614 minMANTALITIDMANTALITIDSomatizasyon (lè doulè emosyonèl yo transfòme an doulè fizik)Eksperyans doulè emosyonèl yon moun te fè nan lavi l, ka anjandre maladi fizik ki reyèl. Fenomèn sa rele SOMATIZASYON. Se de sa nou pale jodi a nan nouvo epizòd MANTALITID la.2023-03-1914 minMANTALITIDMANTALITID« Voye je sou sante mantal ou » - OpakTematik tankou sante mantal te toujou entèrese Opak nan kreyasyon li. « Pran Swen Tèt Ou » se yon egzanp. Sou tit sa, rapè a enspire de eksperyans pèsonèl li pou envite piblik voye je sou sante mantal li. Li te nan MANTALITID pou pale sou enpòtans sante mantal karyè kòm atis.2023-03-1226 minMANTALITIDMANTALITIDKòman "Franc-maçonnerie" ka ede nan ekilib emosyonèl yon pratikan ?Mit ak kliche sou "Franc-maçonnerie" yo anpil. Poutan, pou pratikan yo, òganizasyon sa ede yo vin yon pi bon moun nan lavi yo. Se ka pa egzanp Kenley Talmer k ap pale de eksperyans li nan MANTALITID, kòman "Franc-maçonnerie" patisipe nan byennèt emosyonèl li.2023-02-2626 minMANTALITIDMANTALITIDKòman kwayans yon kretyen ka ede nan ekilib emosyonèl li ?Kwayans, lafwa, esperans..., kòman estil de vi yon kretyen ka ede nan ekilib emosyonèl li ? Claudelson Thébeau ki grandi nan legliz ap pale de eksperyans li nan epizòd MANTALITID sa.2023-02-1937 minMANTALITIDMANTALITIDKòman pratike vodou ka ede nan ekilib emosyonèl yon moun ?Kwayans, prensip, seremoni [...], malgre kliche ak prejije, kòman pratike vodou ka ede nan ekilib emosyonèl yon moun ? Nan epizòd MANTALITID sa, manbo Sophia Fécu ap pale de eksperyans li.2023-02-1240 minMANTALITIDMANTALITIDFanmi disfonksyonèl : enpak sikoljik sou lavi timoun yoFanmi an se yon espas fondamantal nan devlopman jeneral timoun yo. Lè kondisyon yo pa reyini, sa riske gen gwo enpak sou byennèt sikoljik yo. Nan epizòd MANTALITID sa, Sikològ Jacques Sinsurin pale sou konsekans yon fanmi disfonksyonèl ka genyen sou lavi yon timoun.2023-02-0537 minMANTALITIDMANTALITIDSelmy Accilien : « Pou mwen, ekri se yon terapi »Talan, motivasyon, enspirasyon, ekri kòm aktivite entèlektyèl patisipe nan byennèt emosyonèl ekriven yo. Nan epizòd MANTALITID sa, Selmy Accilien ki se otè divès liv ap pale n de eksperyans li ak literati.2023-01-2938 minMANTALITIDMANTALITIDTout sa w dwe konnen sou Dyalòg Sante MantalDyalòg Sante Mantal se yon pwogram ki vize sansibilize popilasyon an sou enpòtans sante mantal. Nan epizòd MANTALITID sa, Sikològ Frandy Pierre-Louis ki se inisyatè aktivite sa ap bay plis detay sou pwogram nan.2023-01-2233 minMANTALITIDMANTALITIDLiterati, kòm faktè byennèt emosyonèlTalan, sous enspirasyon, pasyon pou literati, motivasyon elatriye, aktivite ekri kapab yon faktè byennèt emosyonèl pou yon ekriven. Nan epizòd MANTALITID sa, Samuel Taillefer (powèt) ap pale nou de eksperyans li ak literati.2023-01-1536 minMANTALITIDMANTALITID7 move abitid ki se yon danje pou sante mantal ouPou yon sante mantal ekilibre, tout ti detay nan lavi w konte, sitou abitid yo ki souvan tounen yon mòd de vi san ou pa rann nou kont. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pataje ak ou 7 move abitid ki ka yon danje pou sante mantal ou.2022-12-2521 minMANTALITIDMANTALITIDMANTALITID : Epizòd 100 (edisyon espesyal)Pou santyèm epizòd MANTALITID sa, nou prezante w yon edisyon espesyal ak ekstrè nou chwazi nan yon dizèn epizòd, kote envite yo t ap pale sou divès tematik ki gen rapò ak sikolji, sante mantal elatriye.2022-11-1328 minMANTALITIDMANTALITID« Etidye Sikoloji fè m vin yon pi bon moun » : Steevens SéraphinVokasyon, dezi pèsonèl, enfliyans sosyal, divès faktè kapab detèminan nan chwa karyè pwofesyonèl yon moun. Nan epizòd MANTALITID jodi a, Stevens Séraphin ap pale nou pou kisa l te chwazi etidye Sikoloji, kòman etid sa patisipe nan kalite lavi li.2022-10-2331 minMANTALITIDMANTALITIDKi enpòtans yon bon sante mantal ?Demen 10 oktòb la se ap Jounen Mondyal Sante Mantal. Pou okazyon an, nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou enpòtans yon bon sante mantal nan reyalizasyon w kòm moun ak estrateji pou ka gen yon sante mantal ekilibre.2022-10-0922 minMANTALITIDMANTALITID7 gwo mit ak verite ou dwe konnen sou SWISIDPlis pase 700 mil moun touye tèt yo chak ane (OMS). Gen divès mit ak tabou ki se gwo obstak pou prevansyon kont SWISID. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou 7 nan yo epi eksplike w pou kisa yo pa kadre ak reyalite a.2022-09-2512 minMANTALITIDMANTALITIDEnfliyans emosyonèl mizik nan lavi mounNan epizod MANTALITID sa, 7 envite pataje ak nou rapò yo ak mizik, eksperyans yo ak yon mizik an patikilye ki make lavi yo nan yon sans ou nan yon lòt.2022-09-1827 minMANTALITIDMANTALITIDEnpòtans yon Sikològ nan yon espas travayNan epizòd MANTALITID jodi a, ansanm ak Gusterline Charles (yon espesyalis nan Sikoloji Endistriyèl-òganizasyonèl, n ap pale sou enpòtans yon Sikològ nan yon espas travay, kòman pwofesyonèl sa yo ede nan pwodiktive antrepriz y ap evolye yo.2022-06-0534 minMANTALITIDMANTALITIDÈske lajan pa fè bonè vre?Nan ki nivo lajan ka itil nan byennèt emosyonèl yon moun ? Nan epizòd MANTALITID sa, ak agiman e opinyon diferan, 5 envite pataje ak nou konpreyansyon yo sou sijè sa, ki kreye anpil kontwovèsi nan sosyete a.2022-05-2928 minMANTALITIDMANTALITIDLekti kòman eleman enpòtan nan byennèt ak devlopman pèsonèl mounAprè rankont li ak « Gouverneurs de la rosée », atachman Sam Sarah ak liv pa sispann devlope. Nan epizòd MANTALITID sa, li pale sou eksperyans li ak liv, e sitou kòman liv ede nan byennèt sikoljik li kòm moun.2022-05-1532 minMANTALITIDMANTALITIDKòman pratike mizik patisipe nan devlopman pèsonèl ak byennèt emosyonèl yon atis?Nan epizòd MANTALITID sa, Vanessa Jeudi (chantez, militan feminis) se envite nou. Apati eksperyans pèsonèl li, ap pale « Kòman pratike mizik patisipe nan devlopman pèsonèl ak byennèt emosyonèl » li kòm atis.2022-05-0827 minMANTALITIDMANTALITID« Réseaux Génies » : yon aktivite edikatif pou byennèt jèn yo« Réseaux Génies » se yon aktivite edikatif ki ap ankouraje jèn ayisyen ayisyen yo enterese plis ak aktivite entelektyèl. Ki bò pwojè sa soti ? Kòman l ka patisipe nan fòmasyon ak byennèt jèn yo? Monthyna Duperval, youn nan responsab aktivite a, ap bay detay nan epizòd MANTALITID sa.2022-05-0123 minMANTALITIDMANTALITIDÈske aparans fizik enpòtan nan lanmou ?Pa gen kritè inivèsèl nan tonbe damou. Chak moun gen preferans li. Si aparans fizik la konte pou kèk moun, pou kèk lòt, li pa gen twòp enpòtans. Nan epizòd MANTALITID sa, 7 envite bay avi yo sou kesyon an. E chak moun bay agiman pa yo.2022-04-2429 minMANTALITIDMANTALITID5 etap fondamental pou byen rekonsilye ak tèt ouAprè yon eksperyans dezagreyab, pafwa nou gen tandans dekonekte menm ak pwòp tèt nou. Sa ki nwizib pou byennèt emosyonèl ak devlopman pèsonèl nou. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn 5 etap enpòtan, pou ede w rekonsilye ak tèt ou aprè nenpòt eksperyans lan.2022-04-1013 minMANTALITIDMANTALITIDEnfliyans pawòl sou konpòtman ak eta emosyonèl mounPawòl yo gen yon chaj emosyonèl ki kapab gen enpak sou lavi nou. Nan epizòd MANTALITID sa, divès envite pale sou enfliyans yon pawòl yon moun te di yo genyen sou konpòtman ak eta emosyonèl yo kòm moun.2022-03-2738 minMANTALITIDMANTALITID7 estrateji efikas, pou lite kont pwokrastinasyonPwokrastinasyon, se abitid yon moun genyen pou l repòte pou demen, aktivite li ta dwe fè jodi a, pandan li konn pito fè yon lòt bagay li twouve ki pi agreyab e mwens egzijan pase sa li ta dwe fè a. Kisa menm ki koz pwokrastinasyon ? Kòman nou ka soti nan pyèj sa ? Repons kesyon sa yo ak lòt ankò, nan nouvo epizòd MANTALITID sa.2022-02-2015 minMANTALITIDMANTALITIDFanm se yon « sèks fèb » : yon diskriminasyon kont emansipasyon medam yo« Sèks fèb », se yon ekspresyon yo konn itilize pou pale de fanm, kòm yon moun ki enferyè pa rapò ak gason nan kèk domèn. Konstriksyon sosyal sa souvan tounen yon baryè kont amansipasyon medam yo. Nan epizòd MANTALITID jodi a, Asmylaine Emmanuelle Brice, ki se yon militant dwa fanm, ap pale de reyalite a an Ayiti.2022-02-1334 minMANTALITIDMANTALITIDEnpòtans lekti sou sante mantal moun | Epizòd 51Lekti se yon ekselan egzèsis serebral ki anrichi vi nou prèske nan tout domèn. Fòmasyon, enfòmasyon, aprantisaj, divètisman [...], menm si tout moun pa li pou menm rezon an, men abitid fè lekti gen anpil byenfè sou sante mantal moun ki pratike l yo.2021-06-0635 minMANTALITIDMANTALITIDAprann bay tèt ou priyoritePou divès rezon, anpil nan nou konn souvan gen tandans bliye tèt yo, neglije nesesite yo, pou reponn ak bezwen lòt moun. Solidarite ak jenewozite, se kèk kalite fondamantal pou amonize rapò nou ak lòt moun. Men, sa dwe pratike nan yon ekilib ki pap detwi byennèt pa nou.2021-04-2511 minMANTALITIDMANTALITIDEnpak sikolojik règ ka genyen nan lavi yon fanmJiskaprezan, règ medam yo rete yon sijè tabou. Anpil moun, gason sitou konn banalize l. Nan nouvo epizòd Mentalitude sa, ak doktè Kerry Norbrun nou gade sa règ la ye menm, epi wè ki enpak sikolojik li ka gen nan lavi fanm yo. Answit, 4 fi pale de eksperyans yo ak règ yo.2021-04-1831 minMANTALITIDMANTALITIDMen kòman ou ka devlope entelijans emosyonèl ouEntelijans emosyonèl se yon ansanm abilite natirèl nou genyen, ki ka pèmèt nou rive gen kontwol sou santiman ak emosyon nou yo, nan lide pou favorize non sèlman yon pi bon devlopman pèsonèl nou, men tou favorize bon jan rapò sosyal nou ak lòt moun.2021-04-1121 minMANTALITIDMANTALITID7 gwo benefis meditasyon genyen pou byennèt nouMeditasyon fè referans ak yon ansanm egzèsis mantal ak refleksyon yon moun mete l nan pozisyon pou li fè sou yon bagay an patikiliye. Se yon aktivite ki gen yon aspè espirityèl, kote finalite a se rive modifye emosyon pratikan an nan yon sans pozitif, pou favorize byennèt li.2021-03-2818 minMANTALITIDMANTALITID7 teknik pou ede w jere estrèsSou yon fòm ou yon lòt, aktivite n ap antreprann yo, sityasyon n ap fè fas nan vi a konn rann nou estrese. Si estrès la parèt inevitab, men genyen fason nou ka fè fas ak li.2021-03-2112 minMANTALITIDMANTALITID7 move abitid ki ka ogmante estrès nouKonpòtman ak atitid nou se pami faktè ki ka deklannche estrès lakay nou. Anpil fwa, fas ak sityasyon yo, reyaksyon nou yo konn detèminan nan nivo estrès ki ka afekte nou. Se pou sa gen kèk move abitid nou dwe elimine.2021-02-2810 minMANTALITIDMANTALITIDTout sa ou dwe konnen sou estrèsEstrès se yon reyaksyon natirèl kò nou genyen fas ak yon menas oswa yon danje. Se yon eksperyans emosyonèl ki trennen ak li yon chanjman rapid fizyosikolojik nan konpòtman nou. Lè estrès la pèsiste li ka gen gwo konsekans sou sante nou an jeneral.2021-02-2118 minMANTALITIDMANTALITIDPou yon pi bon entegrasyon nan peyi etranjeSikolojikman, viv nan peyi etranje pa toujou yon avanti ki fasil, menm si l ka ofri anpil opòtinite. Men, si n rive adapte n, se kapab yon bèl eksperyans. Gusterline Charles, yon espesyalis nan sikoloji endistriyèl òganizasyonèl ap eksplike n kòman n ka fè sa.2021-02-1418 minMANTALITIDMANTALITIDRelasyon toksikLè 2 moun ki renmen chwazi viv ansanm nan lanmou ak konpreyansyon sa mande, se yon bèl senbyoz. Men, konsa tou, anpil fwa relasyon koup yo konn tounen yon lyezon konplike. Ki sa ki koz sa? Ki karakteristik yon relasyon toksik? Kòman nou ka sòti nan yon relasyon ki pap mache?2021-01-3120 minMANTALITIDMANTALITIDTi koze ak yon moun andikapeAnpil moun nan sosyete a konn aji ak prejije epi diskriminasyon kont lòt moun ki gen yon andikap fizik oswa mantal. Sa ki konn afekte lavi moun ki andikape a. Nan epizòd Mentalitude sa, Mildred Latortue ki fèt ak yon andikap fizik ap pale nou de eksperyans li.2021-01-2520 minMANTALITIDMANTALITIDAprann viv nan lajwaA yon moman ou yon lòt, nou konn fè fas ak kèk sityasyon ki vini ak fristrasyon, desepsyon ak tristès, sa ki kapab afekte byennèt nou. Men, ak entelijans, nou ka aprann kiltive lajwa ak kè kontan lakay nou. W ap jwenn 8 sekrè nan epizòd Mentalitude sa.2021-01-1713 minMANTALITIDMANTALITIDGratitid, yon bon alye pou sante mantalGratitid se yon eta despri, yon santiman rekonesans anvè yon moun ki fè byen ak nou, ki ensite nou fè yon jès an retou. Kidonk, se yon repons emosyonèl a yon bagay nou resevwa. Men, ki enpòtans li genyen sou sante mantal ak sante fizik nou? Repons la nan epizòd Mentalitude sa.2021-01-1014 minMANTALITIDMANTALITIDEnèji pozitif pou 2021Ane 2020 an se te yon ane difisil nan tout sans. Ki leson ou aprann de li ? Ak ki santiman ak enèji w ap antre nan 2021 an ? Epizòd Mentalitude sa ap ede ou nan elabore yon plan estratejik, nan lide pou byen antre nan nouvo ane a.2020-12-2722 minMANTALITIDMANTALITIDAba vyolans sou timounVyolans enfantil, se yon pwoblèm mondyal ki genyen gwo konsekans non sèlman sikolojik ak sanitè sou ti moun ki viktim nan, men tou repèkisyon yo afekte sosyete a an jeneral. Paske yon timoun ki viktim de nenpòt tip de vyolans nan anfans li, genyen risk pou devlopman pèsonèl li ak diyite l afekte kòm moun.2020-12-2027 minMANTALITIDMANTALITIDAtachman emosyonèl, atansyon danjeAtachman emosyonèl se yon lyen afektif ki egziste ant 2 moun, kote gen yon tandans pou moun sa yo toujou gen yon kontak pèmanan, sitou yon prezans fizik. Lyen afektif sa souvan entans, dirab epi li jwenn sans li nan reyaksyon resipwòk ki devlope ant 2 moun yo. Objektif yon relasyon sa konsa, se chèche yon pwoteksyon, yon sekirite, sitou nan moman difikilte yo.2020-12-1322 minMANTALITIDMANTALITIDEnfliyans rezo sosyal yo sou konpòtman nouNan yon fòm ou yon lòt, itilizasyon rezo sosyal yo pote anpil chanjman nan fason nou viv. Èske yon moun ka gen yon konpòtman sou rezo sosyal yo epi li gen yon lòt konpòtman nan lavi reyèl li ? Kòman konsomasyon n ap fè sou rezo sosyal yo ka modifye konpòtman nou ? Pou kisa tout mou ap chèche bay yon bèl aparans sou rezo sosyal yo ?2020-11-2239 minMANTALITIDMANTALITID7 etap pou ogmante konfyans nan tèt ouGenyen konfyans nan tèt nou, se yon eleman endispansab nan devlopman pèsonel. Men, pou yon rezon ou yon lòt, nou konn rive nan yon moman nan vi a, nou pèdi konfyans nan tèt nou. Sa ki konn pwovokove yon parilizi sikolojik, ki anpenche nou avanse. Men 7 fason nou ka jere sa.2020-11-0810 minMANTALITIDMANTALITIDEvite pran nan manipilasyonNan rapò sosyal nou ak lòt moun, tankou fanmi, zanmi, kòlèg travay, konn gen yon moun ki toujou vle pwofite de nou, pran kèk avantaj sou nou. Gen moun ki espesyalize yo menm nan sa. Pwofi y ap chèche tire a kapab vini sou divès fòm. Men, si ou vle, ou ka evite tonbe nan pyèj sa.2020-11-0113 minMANTALITIDMANTALITIDSantiman kilpabiliteRekonèt erè ou, se youn nan pi bon fason pou grandi kòm moun. Kindonk, santiman kilpabite itil nan ede nou devlope pi bon rapò sosyal ak lòt moun. Men konsa tou, li ka tounen yon pwazon pou byennèt nou, sitou lè li dire twòp.2020-10-2514 minMANTALITIDMANTALITIDOu ka transfòme lavi wOu konn rive nan yon enpas nan lavi w, ou pa wè kijan pou avanse, akoz yon sityasyon difisil. Poutan, altènativ pou rebondi a la, men nou souvan pa konn kòman. Nan epizòd Mentalitude sa, an plis eksperyans envite a, nou pataje ak ou, yon plan estratejik pou ede w transfòme lavi w nan nenpòt sikonstans lan.2020-10-1818 minMANTALITIDMANTALITIDAprann di NONRann sèvis, bay kado, reponn ak envitasyon, se yon seri aksyon ki amonize relasyon nou ak lòt moun. Men, sa dwe fèt nan yon ekilib ki pap deranje byennèt pèsonèl pa nou.2020-10-1122 minMANTALITIDMANTALITIDFè obstak yo tounen opòtiniteNan chak obstak, gen omwen yon opòtinite. Sa depann kòman ou abòde pwoblèm nan. Nan epizòd Mentalitude sa, Fedner Pierre, Nelson Deshommes, Sylvain Exavier ak Sondy Pierre pataje ak nou eksperyans yo, kòman yo te rive transfòme yon pwoblèm an opòtinite.2020-10-0426 minMANTALITIDMANTALITIDMaladi damouMaladi damou, se yon eksperyans santimantal ak emosyonèl, ki tradwi yon eta sikolojik yon moun ki santi yon veritab obsesyon pou yon lòt moun li renmen. Men, santiman yo pa toujou resipwòk, sa ki konn koze gwo soufrans kay moun ki tonbe damou an.2020-09-2011 minMANTALITIDMANTALITID10 bon rezon pou ta konsilte yon sikològAl wè sikològ, pa nan abitid anpil moun. Poutan, sikològ yo la pou ede n afwonte kriz emosyonèl ki ka afekte byennèt nou. Nan epizòd Mentalitude sa, Carel Pedre, Christine, John ak Senghor eksplike rezon ki te fè yo al wè yon sikològ epi kòman eksperyans lan te ye.2020-08-3026 minMANTALITIDMANTALITIDEnpòtans sante mantal nan devlopman pèsonelChak moun k ap viv, ta swete atenn yon nivo satisfaksyon pesonel nan vi yo. Men, akonplisman sa ap difisil san yon bon sante mantal, ki se yon konpleman endispansab pou nou rive devlope kapasite nou kòm moun.2020-08-2310 minMANTALITIDMANTALITIDPèfeksyonis, yon pyèj pou sante mantalPèfesyonis fè referans ak yon ansanm estanda pèsonèl ki vrèman elve, yon moun fikse tèt li. Estanda sa yo fè moun nan kwè li dwe atenn pèfeksyon nan tout sa l ap fè. Sa ki ka gen konsekans sou byennèt fizik ak emosyonèl li.2020-08-1614 minMANTALITIDMANTALITIDDepresyon lè yon fanm ansentDepresyon perinatal, se yon ansanm twoub sikolojik ki afekte « humeur » fi a pandan l nan yon peryòd gwosès, sa ki kapab mete li nan yon eta depresif. Twoub sa yo kapab vini sou dives fòm epi yo kapab gen gwo enpak sou lavi manman ak pitit la.2020-08-0914 minMANTALITIDMANTALITIDKriz emosyonèlYon kriz emosyonèl, se yon eta ajitasyon ak twoub ki afebli enèji ak kapasite nou nan moman nap afwonte yon sityasyon difisil oswa yon pwoblèm. Donk, inadaptasyon sa vin kreye yon dezòd sikolojik ki ka trennen gwo soufrans emosyonèl si ou pa byen jere li.2020-08-0210 minMANTALITIDMANTALITIDMen kòman pou byen fè edikasyon seksyèl timoun yoEdikasyon seksyèl se yon ansanm aktivite aprantisaj sou seksyalite ak devlopman moun. Fòmasyon sa chita sou tout aspè (biyolojik, sikolojik ak sosyokiltirèl) ki anglobe seksyalite kay moun. Men, malerezman, nan kèk fanmi, se yon sijè ki tabou.2020-07-1918 minMANTALITIDMANTALITIDPa konfonn depandans emosyonèl ak lanmouEgzistans lanmou ak afeksyon nan relasyon 2 moun ki renmen, se youn nan pi bèl melanj santiman, emosyon ak pasyon ki te ka egziste. Men, lè youn nan moun yo tonbe nan yon depandans emosyonèl, kote tout byennèt li depann de patnè li a, genyen yon dezikilib sikolojik ki dwe korije an ijans.2020-07-1219 minMANTALITIDMANTALITID7 fason pou jwenn motivasyon nan tout sa wap fèMotivasyon se tout rezon ki pwovoke nou a poze yon aksyon. Se yon konpozant sikolojik, ki gide epi detèmine kondwit nou a yon objektif byen espesyal. Men pafwa, nou konn pèdi motivasyon nan kèk sa nap fè. Sa ki konn vin rann nou manke pwodiktif nan vi nou.2020-07-0512 minMANTALITIDMANTALITID« Solitude » : yon opòtinite pou grandiNan imajinasyon kolektif la, yo souvan konsidere « solitude » sou yon ang sèlman negatif. Sepandan, lè distans ak moun sa byen pratike, li gen gwo benefis sou devlopman emosyonèl ak espirityèl nou kòm moun.2020-06-2815 minMANTALITIDMANTALITID10 kòmandman sante mantal ou dwe konnenSante mantal se yon eta ekilib emosyonèl, mantal ak fason nou konpòte nou, ki pèmèt nou devlope tout potansyèl nou kòm moun. Men se pa tout moun ki rive jwi nivo byennèt sa. Alò men 10 fason ou ka rive fè sa.2020-06-2114 minMANTALITIDMANTALITIDEnpak viv nan peyi etranje ka genyen sou sante mantal imigran yoViv nan peyi etranje, lwen fanmi ak zanmi w, sikolojikman, se pa yon avanti ki toujou fasil, menm si li souvan ofri anpil opòtinite nou pap jwenn nan peyi nou. Alò, esansyèl pou imigran an se chèche yon ekilib, pou rive adapte li epi entegre li nan nouvo peyi li ale a.2020-06-1427 minMANTALITIDMANTALITIDKòman pou afwonte lanmò yon moun ou renmenPèdi yon moun nou renmen, se youn nan pi gwo defi emosyonèl nou ka rankontre nan vi nou. Bliye moun sa se yon bagay enposib. Men si nou aprann konnen kòman pou nou fè dèy la, nou ka rive soulaje soufrans lan, pandan n ap kontinye vi nou san moun ki mouri a.2020-06-0722 minMANTALITIDMANTALITID10 estrateji enpòtan pou aprann renmen tèt ouPafwa, aprè yon evènman, yon move eksperyans, oswa fas ak yon moman difisil, vi a kapab dezanime nou, fè nou menm pèdi lanmou pou tèt nou. Men, si nou konsyan de sityasyon an, nou ka rebondi pandan n ap aprann renmen tèt nou.2020-05-3113 minMANTALITIDMANTALITIDMen kòman ou ka kontwole panse negatif yoPanse negatif se yon ansanm pèsepsyon ak konpreyansyon nou genyen sou pwòp tèt nou oswa de mond lan ki pa souvan kadre ak sa reyalite a. Ide irasyonèl sa yo kapab afekte tout aspè nan vi nou, soti nan byennèt nou pou rive nan rapò nou devlope ak lòt moun.2020-05-2429 minMANTALITIDMANTALITIDAparèy teknolojik yo kapab yon danje nan devlopman timoun yo‪Aparèy teknolojik yo (televizyon, tablèt, telefòn entelijan) kapab itil nan amelyore rannman kek aktivite timoun yo. Men, konsa tou yo kapab tounen yon gwo danje nan devlopman mantal ak sosyal yo tou, sitou lè itilizasyon an pa byen fèt. ‬2020-05-1713 minMANTALITIDMANTALITIDVyolans seksyèl : yon krim nou dwe konbatVyolans seksyèl, se tout kontak ak tantativ rapò seksyèl ki fèt sou yon moun san konsantman li. Vyolans sa ka pran divès fòm tankou asèlman, presyon sikolojik, fòs fizik, penatrasyon fòse elatriye. Se yon krim ki gen gwo enpak nan lavi viktim yo. Kèk nan yo konn menm rive touye tèt yo aprè. ‬2020-05-1015 minMANTALITIDMANTALITIDÈske masisi ak madivin se yon maladi ?Seksyalite kay moun se tout kondisyon anatomik, fizyoloji, sikolojik, sosyolojik, kiltirèl ki karakterize nou epi defini idantite nou kòm moun. Men, nou tout pa gen menm oryantasyon seksyèl. Alò, èske 2 moun menm sèks ki gen rapò seksyèl se yon twoub mantal oswa yon pwoblèm emosyonèl ?2020-05-0311 minMANTALITIDMANTALITIDPa gen sistèm edikatif san SikològSikoloji Edikatif, se yon branch nan sikoloji, ki gen pou misyon etidye kòman transmisyon ansèyman ak aprantisaj yo ap fèt nan lekòl yo. Objektif li se analize epi konprann pwosesis aprantisaj la, answit devlope strateji ki pèmèt elèv ak etidyan yo aprann pi byen epi bay pi bon rezilta.2020-04-2613 minMANTALITIDMANTALITIDKilè yon moun antisosyal ?Twoub Pesonalite Antisosyal karakterize pa yon tandans jeneral, kote yon moun montre li endiferan vizavi nòm sosyal yo epi manifeste mepri ak ensansibilite pou emosyon ak dwa lòt moun.2020-04-1912 minMANTALITIDMANTALITID15 konsèy enpòtan pou ka viv pi byenByen viv, viv byen, pa depann sèlman de nivo sosyal ak ekonomik yon moun. Selon objektif ak aspirasyon yo, chak moun mennen vi yo yon jan. Men, an jeneral, tout moun ta swete gen yon vi ki fè li plezi. Men pou sa, gen kèk prensip pou aplike.2020-04-1214 minMANTALITIDMANTALITIDPou kisa li enpòtan pou gen OBJEKTIF nan vi ouPou kèk moun, fikse yon objektif epi reyalize l se yon bagay natirèl. Pou anpil lòt, sa mande yon gwo efò. Dayè, gen moun ki pa janm gen objektif nan vi yo. Ki enpòtans objektif yo nan devlopman pèsonel nou kòm moun ? Se sijè setyèm epizòd Mentalitude la. ‬2020-04-0513 minMANTALITIDMANTALITIDCoronavirus : kòman pou nou pwoteje sante mantal nouSou yon fòm ou yon lòt, moun renmen santi li an sekirite. E yon fwa sekirite sa menase, li ka kreye dezòd emosyonèl lakay nou tankou strè, ansyete elatriye. Ebyen jounen jodi a, youn nan bagay ki mete anpil nan nou sou yon gwo panik emosyonèl la se pwopagason nouvo Coronavirus la ki rele Covid-19 ki pa sispann enfekte epi touye moun preske nan tout mond lan.2020-03-2221 minMANTALITIDMANTALITID10 prensip enpòtan pou ka gen yon pi bon vi seksyèlSeksyalite kay moun fè referans ak dimansyon fondamantal nou kòm moun. Se tout sa ki defini nou, ki reprezante idantite nou. Rapò seksyèl yo gen anpil benefis pou sante fizik ak sante mantal nou. Men, malerezman, pou yon rezon ou yon lòt, se pa tout moun ki jwi de sa.2020-03-1519 minMANTALITIDMANTALITIDKòman rezo sosyal yo ka afekte sante mantal nouRezo sosyal yo ofri anpil avantaj ki fasilite aktivite nou. Men, tankou nenpòt lòt envansyon, yon move itilizasyon rezo sosyal yo ka genyen gwo konsekans nan vi nou, sou sante mantal nou, sitou lè nou tonbe nan adiksyon.2020-03-0818 minMANTALITIDMANTALITIDSispann tann APWOBASYON lòt mounNesesite apwobasyon, se yon tandans ki fè anpil moun toujou ap chèche akseptasyon lòt moun pou yo santi yo byen sikolojikman oubyen pou pran nenpòt desizyon nan vi yo. Men san rann kont, ABITID sa vin konvèti a yon adiksyon, ki vin rann yo depann de lòt moun.2020-03-0118 minMANTALITIDMANTALITIDPouvwa ABITID yo genyen nan vi nouSan nou pa rann nou kont, abitid yo enstale yo nan vi nou. Jou aprè jou, nan tout sa nap fè oubyen òganize, nou souvan repete amenm panse ak aksyon nou yo. Ki sa yon abitid ye ? Kòman li fonksyone ? Kòman nou kapab modifye li ? Repons ak tout kesyon sa yo nan dezyèm epizòd Mentalitude la.2020-02-2313 minMANTALITIDMANTALITIDTout sa ou dwe konnen sou DepresyonDepresyon se yon twoub mantal, kote moun moun ki afekte a prezante yon "tristesse profonde" et pèdi tout enterè ak plezi pou tout aktivite. Twoub emosyonel sa etann li sou yon tan remakab. Depresyon pwodwi yon efè nefas non selman nan vi moun ki Deprime, men tou sou antouraj li, travay li elatriye.2020-02-1646 minMANTALITIDMANTALITIDMantalitid/EntwodiksyonByenvini a Mantalitid !2020-01-2300 min