podcast
details
.com
Print
Share
Look for any podcast host, guest or anyone
Search
Showing episodes and shows of
Mamz'elle
Shows
program Fred's Country
Fred's Country Equiblues 2024
From Texas, the US & Canada 1st for Weekly neo-traditonal & classic Country program Fred’s Country 2024 w # 26: 25th Equiblues 'Rodeo & Country' Festival Mercredi 14 Aout: - The Denim Rips, Final Dance - SP - David Adam Byrnes, Neon Town - USA - David Adam Byrnes, One Two Step Away - USA - The Don Diego Trio, Not So Blue - It Jeudi 15 Aout: - Bailey Rae, Broken Heart To Broken Heart - USA - Bailey Rae, Oklahoma Girl - USA - Matt Castillo, Neon Red Neon Blue - US...
2024-06-26
1h 01
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.13: Antreprann nan moman kriz l Ekonomi
Moman aktyèl nap viv nan mond lan mande pou nou aprann kreye nouvo strateji pou kapab pote inovasyon nan aktivite ekonomik nou e kontinye grandi sou plan pwofesyonèl. Nan epizòd sa, Valery Fils-Aimé ak Fredcarme fè yon chita pale sou enpak sikonstans konfinman an nan domèn antreprenarya, kijan yon moun ki nan milye sa kapab pwofite pote nouvote epi kontinye fòme tèt li.
2020-06-18
1h 08
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.12: Enpòtans nitrisyon nan maladi Diabèt l Byennèt
Diabèt se yon gwo epidemi yo pa pale ase sou li e k ap fè anpil ravaj nan mond lan. Nan epizòd sa, Elizabeth e Fabienne pote plis detay sou maladi sa, ansanm ak kèk konsèy sou kijan yon moun ki soufri maladi a kapab kontrole li epi kèk metòd prevansyon.
2020-06-14
1h 22
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.11: Enpak sa nap mete nan kò nou ak lespri nou genyen sou byennèt nou
Nan respè, konpasyon, pasyans ak lanmou pou tèt nou, nou kapab dekouvri anpil bagay pou ede nou jwen yon ekilib e viv pi byen chak jou. Nan epizòd sa Pamela ak Fredcarme fè yon chita pale sou enpak fason nou nouri nou genyen sou byennèt nou; relasyon ki genyen ant alimantasyon ak emosyon epi valè sa genyen pou idantifye sa ki bon pou nou epi aprann renmen yo.
2020-06-11
59 min
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.10: Chwa pwofesyonèl l Edikasyon
Fè chwa yon metye se yon bagay ki enpòtan nan lavi nou chak. Se yonn nan mwayen nou genyen pou eksprime moun nou ye a epi pote kontribisyon nou nan kominote kote nap viv. Nan epizòd sa, Ara ak Fabienne pale sou kisa nou dwe pran an konsiderasyon avan nou chwazi metye nou vle aprann yo.
2020-06-07
1h 01
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.09: Kreyativite
Kreyativite se kapasite yon moun genyen pou li mete touch pèsonèl li nan nenpòt sa l ap fè. Samuel ak Fredcarme te fè yon chita pale sou sijè sa, kisa l ye e kijan nou ka antre li nan aktivite nou fè chak jou, kelkeswa sou plan pwofesyonèl oubyen pèsonèl.
2020-06-05
45 min
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.08: Relasyon koup l Relasyon
Ini lavi w ak lavi yon lòt moun se yon chwa ki mande anpil reskonabilite, pasyans, ak anpil lòt bagay. Nan epizòd sa Barbara ak Fabienne pale sou enpòtans kominikasyon ak lapriyè nan mitan yon relasyon koup. Barbara te pwofite pataje metòd li menm ak mari l itilize pou pèmèt yo dekouvri youn lòt pi plis e ranfòse relasyon yo.
2020-05-31
59 min
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.07: Emosyon: Solitid l Depresyon
Pale de sa nou santi se youn nan fason ki ka ede nou devlope anpati e amelyore relasyon nou gen ak tèt nou e avèk pwòch nou . Nan epizòd sa, Mamz'elle te resevwa Elder Charlot pou fè yon ti pale sou emosyon, solitid ak depresyon. Yo pale tou sou rezon ki fè li enpòtan pou nou aprann idantifye sa nou santi e mande èd lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil ke nou paka jere pou kont nou.
2020-05-28
1h 24
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.06: Nitrisyon l Byennèt
Nan epizòd sa Elisabeth ak Fabienne pale sou nitrisyon, kijan pou nou kreye yon balans nan fason nou alimante nou ak aktivite fisik nou reyalize chak jou, pou nou ka pran swen tèt nou e rete an sante. Elizabeth Calixte se yon nitisyonis, ki travay ak pasyan yo pou ede yo idantifye fason pou yo kenbe bon kondisyon lasante; kondisyon ki diferan lakay chak moun.
2020-05-24
56 min
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.05: Fè lekòl lakay | Edikasyon
Nan epizòd sa Nastassia ak Fredcarme fè yon ti pale sou fè lekòl lakay nan moman konfinman an. Enpòtans sa genyen pou paran yo aprann kreye routin ak timoun yo e sitou aprann tande yo, fè konpromi ansanm avèk yo pou yo kapab kolabore nan aktivite yo gen pou fè. Nastassia Colimon se yon sikològ ki espesyalize nan domèn ledikasyon . Li mete sou pye, ansanm ak kèk lòt ekspè parèy li, "La Ressource" ki se yon sant ki akonpanye timoun ak granmoun ki gen difikilte...
2020-05-21
1h 01
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.04 : Chanjman klimatik | Anviwònman
Nan epizòd sa, Patrice Cinéus ak Fabienne pale sou anviwònman, chanjman klimatik, enpak covid-19 la ak enpòtans sa genyen pou nou chak poze aksyon ki kapab pwoteje anviwònman an.
2020-05-18
1h 09
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.03: Sante Mantal Kay Timoun l Byennèt
Timoun jodi, granmoun demen! Nan epizòd sa, Barbara Alcéna ak Fredcarme pale sou sante mantal timoun : aprann tande e pale ak timoun yo ; bay emosyon timoun yo valè, se kèk nan pwen medam yo touche nan konvèsasyon sa. Barbara Alcéna se on travayè sosyal nan domèn pwoteksyon timoun depi 7 lane e ki envesti anpil nan kòz sila. Li kite ayiti jèn e ap viv nan peyi Etazini depi plis ke 16 lane, kote li lisansye nan travay sosyal e arive jwenn metriz li nan Konsantrasyon Diplomatik, yon branch...
2020-05-14
1h 30
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.02: Sante mantal l Byennèt
Nan Epizòd sa, Tim Valda ak Fredcarme pale sou sante mantal, kisa li ye, ki enpòtans li genyen nan lavi nou e kijan nou kapab pwoteje tèt nou sou aspè sa espesyalman pandan peryòd konfinman an. Tim Valda se yon sikològ, konsiltan nan domèn kominikasyon ak fòmasyon. Li travay nan akonpayman fanm ki viktim vyolans. Nou ka vizite paj instagram li @kayzoune pou plis enfòmasyon .
2020-05-10
51 min
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.01: Pase tan ak tèt ou | Konfinman
Nan epizòd sa Doris ak Fredcarme pale sou kijan yo viv moman konfinman an. Kijan yo òganize yo e kreye espas pou pran swen tèt yo.
2020-05-06
54 min
Le Local à Bohème
Le Local à Bohème - 09.03.2017 - Wake Up The Jive avec MamZ'elle Bee Swing
2017-03-09
1h 30
Mam'Zelle Bulle - Radio Campus Paris
Mamz'elle Bulle : Mathieu Burniat
Vendredi 1er avril, rendez-vous à 18h : rencontre avec Mathieu Burniat pour parler atomes, électrons, ondes, mondes parallèles.... Ensemble, perçons Le mystère du monde quantique !
2016-04-01
00 min