podcast
details
.com
Print
Share
Look for any podcast host, guest or anyone
Search
Showing episodes and shows of
Tchilaks Podcast
Shows
Tchilaks
Baunusse san LEX
Epizòd 92 la gen menm fòma ak epizòd bonus timeusyeu yo te konn fè yo sof ke sila a pa gen LEX aka Vlex aka l'homme qui promène ses chiens sou li lolENJOY!
2025-07-16
1h 06
Tchilaks
Ti Absans JUSTIFIÉE
Epizòd 91 lan se yon epizòd kote Johalex ak Lhee ap mete may sou fidèl oditwa TCHILAKS la pou eksplike rezon ki fè 3 semenn pase san yon epizòd pa soti. LolEnjoy epi pa bliye fè nou konnen si may yo pase!Randevou kase san mank / san ratman pou epizòd 92!
2025-07-09
59 min
Tchilaks
Tibatbouch POLITIK (avèk Jean Luc & Dimitri )
Epizòd 90 la se yon Ti Bat Bouch sou aktyalite politik resan yo avèk Jean Luc epi Dimitri.ENJOY!
2025-06-17
2h 21
Tchilaks
Koup kap VIV ANSANM (avèk Castrande & Dahana)
Nan epizòd 89 la, timesye yo te gen onè resevwa 2 "amies" podcast la ki se Castrandre ak Dahana pou te debat yon sijè ke yon lòt "amie" chè podcast la te reklame: Koup kap VIV ANSANM nan kay!Se te yon bon deba paske te gen vèsyon 2 gason ak vèsyon 2 fi, te gen tou 2 ka de koup ki pap viv ansanm ankò ak 2 ka kote koup yo toujou ap viv ansanm.Pandan yo tap Tchilaks, yo pase sou pèsepsyon granmoun ak anpil moun jouk jounen jodia sou fenomèn viv nan kay ansanm...
2025-06-09
2h 21
Tchilaks
Fenomèn WENDYYY (avèk Jefferson)
Nan epizòd 88 la, ti mesye yo ansanm ak Jefferson te kòmanse pase sou kèk news ki nan lari an semèn sa e yo te klotire epizòd la nan pale de atis Wendyyy ki se yon atis ayisyen ki pase de prezantasyon ak nouvo album li ki soti ki rele “3”.Sou panèl la opinyon yo sou atis la, kapasite'l pou'l ekri ak delivre divèje.Te gen bèl ti diskisyon ki fèt tou sou rap kreyòl an jeneral.Enjoy!
2025-06-03
1h 57
Tchilaks
Relasyon avèk BÈLMÈ (vèsyon gason) avèk Jefferson
Lè de moun marye, youn entegre fanmi lòt men se pa tout fwa entegrasyon sa a konn fasil.Aprè yon ti rale mennen vini sou epizòd semèn pase a epi yon ti pale sou fim "Kidnapping Inc" lan, ti mesye yo avèk Jefferson te diskite de relasyon avèk ansyen bèlmè, nouvo bèlmè, brèf bèlmè an jeneral...Pwendvi a, evidaman, se relasyon gason ak bèlmè yo ki se yon relasyon ki trè detèminan nan “sante” relasyon ak madanm yo.Jodia pandan yap tire sou pwóp eksperyans pa...
2025-05-26
2h 12
Tchilaks
Sinema Ayisyen
Jodi a, nan emisyon nou an, nou te pran yon ti tan pou pale de sinema ayisyen, yon aspè enpòtan nan kilti nou ki souvan pa jwenn ase rekonesans. Nou te mete aksan sou de fim ki ap domine aktyalite semèn sa a: July 7 ak Kidnapping Inc.Nou te pataje premye souvni nou ak sinema ayisyen — premye fwa nou te wè yon fim lakay, emosyon li te leve lakay nou, ak jan li te fè nou santi nou reprezante sou gran ekran an. Chak moun te gen fim pa yo ki te make yo, sòti nan g...
2025-05-19
1h 35
Tchilaks
Tounen Viv AYITI
Yon ti deba sou èske Johalex ak Lhee gen menm pwojè sa ke tout ayisyen toujou genyen pou yo retounen al viv lakay yo Ayiti.
2025-05-14
1h 40
Tchilaks
Ba li TIT ou vle 😂 (avèk Jefferson)
Nan epizòd 84 lan, nou fè yon ti pale sou kèk sijè ki ap fè aktyalite pandan dènye jou sa yo.Pami yo te gen koze politik. Nou te tou pale sou kesyon dwa dotè, yon sijè ki vin pran plis plas nan HMI la dènye tan sa yo, etc...Enjoy epi pa bliye bay epizòd la TIT ou vle a 😂
2025-04-27
1h 33
Tchilaks
Temwen JEWOVA (avèk Garel)
Jodia nan emisyon an, nou te gen chans chita ansanm ak Garel pou nou fè yon bèl ti pale, yon konvèsasyon ki te ale anpil sou Temwen Jewova yo. Nou te pwofite moman an pou nou poze'l plizyè kesyon sou ki jan lavi a ye pou yon moun ki se Temwen Jewova, kisa yo kwè, kijan yo pratike lafwa yo chak jou epi kijan sa enfliyanse relasyon yo ak lòt moun nan sosyete a. Garel te pataje eksperyans pèsonèl li avèk nou, li te bay eksplikasyon sou sa li aprann ep...
2025-04-20
2h 05
Tchilaks
Sè legliz S*X SCANDAL (avèk Jefferson)
Semèn sa gen yon dosye "Sè legliz" ki twonpe fiyanse'l ki ap anflame rezo sosyo yo.Kòm alakoutime Tchilaks deside reyaji sou dosye a.Timesyeu yo analize ka a epi tou profite fè yon ti bat bouch rapid sou zafè sèks anvan mariaj la.Enjoy!
2025-04-13
1h 44
Tchilaks
Sijè SIPRIZ (avèk Jefferson)
Epizòd 81 an se, jan tit lan anonsel la, yon SIPRIZ so...ENJOY! 😅
2025-04-06
1h 34
Tchilaks
B2F4F (By 2 Fans 4 the Fans)
ENJOY epizòd 80 an menm jan nou te enjoy anrejistre'l. 😊Li baze sou kòmantè ke 2 BON zanmi podcast la te kite anba epizòd 79 la!Pase bòn semèn #TchilaksFam♥️!
2025-03-30
1h 05
Tchilaks
Pitit deyò / Kout pitit (avèk Jefferson)
Sijè jodia, yon fwa ankò, vini de yon oditè podcast la, yon GWO oditè cho a: Moumoune!Pandan ti mesye yo ak Jefferson te rele Moumoune pou swetel bòn fèt, li te tou propoze pou yo pale de “Pitit deyò / Kout pitit.”Sijè a pi konplèks ke sa nou te ka panse. Li gen anpil fasèt ak anpil fason ou ka apwoche yo.Panèl la fè yon bèl job pou mete yo nan diferan senario yo epi tire nan eksperyans pèsonèl yo pou fè analiz la.Evidaman a...
2025-03-23
2h 22
Tchilaks
Networking
Semenn sa Thierry ak El Jeffe te patisipe nan yon konferans kote yo tap aprann yon nouvo skill. Anplis de nouvo skill sa, Thierry te pataje ak Johel ke li te tou profite fe yon ti NETWORKING.So nou tou konprann poukisa epizòd 78 se sou sijè sa li tou chita 😂ENJOY epi pase yon BÒN semèn avèk TCHILAKS!
2025-03-16
1h 23
Tchilaks
BF4F (By the Fans 4 the Fans)
ENJOY premye epizòd ki pa epizòd bonus ki baze, de kòmansman jiskalafen, sou komantè youn ou plizyè zanmi podcast la kite pou timesye yo: BF4F!Dabitid timesye yo just pase byen vit sou komantè yo epi remèsye moun ki kite yo a nan yon epizòd bonus men fwa saaaa… timesye yo pran san yo ak tan yo pou dekòtike 2 komantè byen spesifik epi fè yon deba sou yo antreyo.Spesyal remèsiman a Moumoune ak Pamela pou premye epizòd BF4F la!
2025-03-10
1h 27
Tchilaks
Baunusse
Enjoy epizòd bonus sa kote Johel ak Thierry ap pase sou kòmantè kèk zanmi podcast la te kite anba kèk ansyen epizòd.Pase bòn semèn #TchilaksFam♥️
2025-03-02
1h 38
Tchilaks
Leomessi (avèk Jeff)
Wikenn ki fenk pase a se te wikenn tout moun te okipe ap selebre lanmou nan okazyon Sen Valanten! Lè dat sa rive anplis de flè ak chokola gen yon aktivite ki toujou prezan 😈 nou pap antre nan tròp detay.Aktivite sa anpil fwa vini ak yon strès pou mesye yo kote yo DWE byen pase. Egzijans sa jeneralman fè yo fè apèl ak yon seri de sibstans pou ede yo byen pèfòme pami yo nou ka site LEOMESSI a.Se sou sa ti mesye yo ak Jeff te debat nan epizòd 7...
2025-02-17
1h 34
Tchilaks
Pasyon pou BOXE (avèk Snood & Ralph)
Nan epizòd jodia, Tchilaks resevwa Snood ki te konn pratike BOXE e ki joukjounen jodia rete yon pasyone de spò a. Li te poulòp sou panèl la avèk tifrè li Ralph.Snood etale pakou li nan spò a pou nou e li di nou kòman li fè antre ladanl, bon tankou move eksperyans li viv men tou, leson li aprann yo.Epizòd 75 la se yon opòtinite pou panèl la men tou odyans Tchilaks lan gade kijan mank ankadreman sitou nan domèn spò kontinye tiye anpil rèv.
2025-02-09
1h 53
Tchilaks
Pwofesyon DJ (avèk Dj Thyz & Vlex Vibez)
Nan epizòd jodia Dj Thyz ak Vlex Vibez rejwenn “show” a pou pale sou tout aspè ki genyen nan pwofesyon DJ a.Anpil moun toujou panse se yon travay ki fasil, men nan epizòd 74 la nou pral dekouvri se yon bagay ki vrèman konplike. Li mande pou DJ a kontwole anpil bagay an menm tan.Ti mesye yo dekòtike tout bagay sa yo e plis.ENJOY!
2025-02-02
2h 01
Tchilaks
TikTòk (avèk Jefferson)
Dimanch ki te 19 Janvye a itilizatè platfòm Tiktok yo nan peyi Etazini te leve jwenn aplikasyon an pa fonksyonèl.Malgre yo te gentan anonse ke Gouvènman an te pran desizyon pou bani platfòm nan, sa pat anpeche nouvèl la fè gwo tole.Sitiyasyon an pat dire. Douz è detan aprè, nouvo prezidan an te gentan leve banisman an.Nan epizòd jodia, ti mesye yo voye yon koud je epi analize nouvèl sa a.Ansanm ak El Jeffe, yo gade poukisa desizyon sa a te pran, men tou “ek...
2025-01-26
1h 32
Tchilaks
Le délicat cas de MIKA (avèk Doris & Lex)
Lanmò Mika se yon gwo pèt pou endistri mizikal ayisyen an: NOU TOUT KLÈ SOU SA!Se te yon atis prolifik ki te gen patisipasyon li nan anpil projè nan endistri a.Depi lè lanmò li a, sa gen 2 zan rive jiskounya a, toujou gen lese frape ant fanmi Benjamin an ak madanm li sou kesyon eritaj li.Dènye semèn sa yo bagay la te pran yon lòt nivo. Fanmi Benjamin an vle ke madanm Mika ba yo (remèt yo) dwa sou tout zèv atis la men madanm li k...
2025-01-19
2h 10
Tchilaks
NOSTALJI Ayiti
Roody Roodboy fè yon post sou instagram li pou li pale de bagay ke li te konn fè, aktivite li te gen chans fè e ki pa posib ankò a koz de konjonkti peyi nou: Ayiti.Atis la di kijan nostalji sa yo ap manje'l pèsonèlman.Post la te enspire tchilaks e se konsa Johalex ak Lhee te pran tan pou yo pale de nostlaji ke yo genyen e kijan lakay yo ak vèsyon Ayiti yo te eksperimante a manke yo.Nan jou nap komemore 15em anivèsè tranbleman de tè ki te...
2025-01-12
1h 49
Tchilaks
Bonusse (avèk Lex)
Yon nouvèl ane PA KA e PA DWE kòmanse ak dèt te fèt nan ane ki pase a‼️😅Se rezon sila ki fè nou te jije bon ke premye epizòd nou dwe anrejistre pou 2025 lan te dwe epizòd BONUSSE la 😇ENJOY li pandan ekip Tchilaks la ap remèsye e reswete fidèl odyans li an yon Bòn Ane 2025 e pwomèt li plis plezi ke 2024! 🥳NOU RENMEN NOU! 🫶🏾♥️🫶🏾
2025-01-05
1h 48
Tchilaks
2️⃣0️⃣2️⃣4️⃣ ➕ 1️⃣ 🎉🍾
Epizòd 70 la se dènye epizòd ki anrejistre nan ane 2024 la e se premye epizòd ki pibliye an 2025.Ladanl ti mesye yo ak 2 envite spesyal fè yon ti rale mennen vini sou ane 2024 la ak yon ti pwojeksyon sou rezolisyon pou 2025 pandan yo tou pwofite swete TCHILAKSFAM♥️ lan yon:BÒN ANE 2025 🎉 ak yon BÒN FÈT ENDEPANDANS 🇭🇹
2025-01-01
1h 34
Tchilaks
Anba lapli (avèk Jean Luc)
Pou fen ane, TCHILAKS kanpe an mòd PYE POUDRE!Kidonk se pap yon sipriz lè nou aprann ke epizòd 69 la record nan yon RV ke nou ka rele yon kay mobil an kreyòl. Se Jean Luc, CEO-Fondatè SAKAPFÈT BOSTON, ki te akeyi nou pou eksperyans sa a. Sa ki rann epizòd sa spesyal se premyèman sijè a deside a lenprovis, a la dènyè minit men alafen nou manyen plizyè lòt topik e dezyèmeman; yon lapli kòmanse tonbe san kanpe e kòm kay mobil yo fèt an metal, no...
2024-12-22
1h 51
Tchilaks
Nouvèl Eksperyans (avèk LEX)
Ane 2024 la nan dènye koub lan pou li fini!Chak ane tout moun toujou fikse tèt yo nouvo objektif oubyen anvizaje fè dè bagay ke yo pot ko janm fè nan ane ki vini avan yo. Rezon dèyè fenomèn sa se pou mete piman nan lavi yo.Nan epizòd 68 la, ti mesye yo ak LEX deside pataje avèk yon seri de nouvèl eksperyans ke yo viv nan premye 2 semenn mwa Desanm lan avèk TchilaksFAM♥️ lan.ENJOY epizòd la epi sonje: LAVI KOUT 😇
2024-12-15
1h 21
Tchilaks
Tourism (avèk Nick)
.Semèn sa a Tchilaks tap fè TOURISM e te desann nan lakou TEXAS pou al vizite yon zanmi de long dat ni Johalex ni Thierry. Kòm bon zanmi podcast la li te dakò pou pandan nou avèk li nan vil San Antonio a pou nou te tou fè yon ti bat bouch sou koze sou vwayaje ak al vizite lòt kote, sa yo rele tourism la.Nan konvèsasyon an nou te pale de tourism lokal, tourism entènasyonal. Chak entèvenan yo tire nan eksperyans pa yo epi pale de tout byenf...
2024-12-10
1h 50
Tchilaks
MATIRITE nan relasyon (avèk LES ATACHÉS)
Lè relasyon ant 2 moun ap grandi, matirite 2 moun yo e sitou matirite relasyon an vin kapital.Definisyon yon relasyon ki gen matirite se yon relasyon ki gen respè mityèl, respè limit lòt, kapasite pou koup la rezoud gwo konfli san kraze brize, etc.Jodi a sou yon panèl ki plen kou ze ak anpil envite espesyal, ti mesye Tchilaks yo chita pale sou matirite nan relasyon. Anpil pwen debat e sitou anpil nan envite yo itilize relasyon pase e prezan pa yo kòm egzanp. Gen anpil bagay pou aprann, gen anp...
2024-12-02
2h 16
Tchilaks
POTO (avèk Cedrick)
POTO se sijè epizòd 65 lan e li soti de yon fidèl oditris podcast la. 🫶🏾♥️Nan epizòd la, timesye yo ak Cedrick rakonte istwa kote yo te pran e te bay POTO. Ki reyaksyon lè yo pran poto e ki rezon ki fè yo bay poto. 😅Enjoy!
2024-11-24
1h 24
Tchilaks
Bonuce (avèk Lex)
Epizòd "Bonuce" la se pou nou reyaji a tout feedback ak kòmantè ke zanmi fidèl podcast la kite pou nou sou divès epizòd avan epizòd 64 la.Se fason pa nou pou nou toujou raple ou ke nou TOUJOU li e apresye chak grenn feedback ak kòmantè fidèl oditè nou yo.Nou RENMEN nou! ♥️
2024-11-17
1h 46
Tchilaks
Relasyon avèk BOPARAN (avèk Doris & Kitty)
Lè 2 moun deside ini yo, li jeneralmann vle di ke fanmi 2 moun sa pral fè “kolizyon”. Paran chak moun yo souvan fè pati de moun ki pi enpòtan e ki gen plis enfliyans sou koup la, sa vle di relasyon ki pral devlope AK boparan yo men tou ANT boparan yo enpòtan anpil.Nan epizòd 64la ti mesye yo ak 2 envite spesyal chita pale sou enpòtans men tou diferan aspè ke relasyon sa yo ka genyen.Yo fè yon bèl deba sou kijan relasyon ak boparan ka “make or brake“ yon koup.En
2024-11-10
2h 03
Tchilaks
Eleksyon (avèk Jefferson)
Si ou pat konnen, Madi kap 5 Novanm 2024 la pral gen eleksyon jeneral nan peyi Etazini.Nan okazyon sila a ti mesye yo fè yon ti bat bouch sou egzèsis al vote a.Jan nou ka imajine, yo fè paralèl ant jan koze vote pase nan Etazini ki se kote yo ap viv ak Ayiti ki se kote yo grandi.Yo pale de eksperyans pèsonèl yo - ki pa rich - men tou de pwendvi yo sou koze sifraj inivèsèl la.Lè ou fin tande e enjoy epi...
2024-11-03
1h 28
Tchilaks
Carimi
Youn nan pi gwo anons pou fen dane 2024 la se bal Carimi ki pral fèt nan lakou Nouyòk la. Anons sa fè deba nan mitan ni moun ki fanatik ni moun ki pa/pat fanatik djaz la. Gen de moun ki toujou gen yon gou amè nan bouch yo akoz senp fèt ke nèg yo te kite djaz la kraze, gen de lòt moun se fatalite ki te pase nan premye bal reyinyon yo te òganize an.Thierry kòm fanatik djaz la fè yon ti bat bouch ak Johel ki pa fanatik li...
2024-10-28
1h 26
Tchilaks
DoubStanda GASON (avèk Lex & Jefferson)
Doubstanda nan mitan 2 antite kèlkonk toujou kreye deba. Youn nan pi gro doubstanda nou konnen se sila ki ant gason ak fi e nan epizòd 61 an timesye yo akeyi Lex ak Jefferson pou eksprime/debat/rakonte jan yo konprann e viv fenomèn sa nan pwendvi GASON.ENJOY epi sonje doubstanda nan mitan 2 antite PA VLE DI youn nan antite yo siperyè oubyen enferyè ak lòt la, se jis yon diferans nan jan sosyete a defini epi jije menm aksyon 2 antite sa yo ta poze.
2024-10-22
1h 28
Tchilaks
6 Rivalite Istorik
60 epizòd deja! 🥳Pou selebre sa kòmsadwa avèk fidèl oditwa yo an, Johel ak Thierry debat sou 6 pi gwo RIVALITE ki make lavi yo.ENJOY!
2024-10-13
1h 37
Tchilaks
Dosye PIDIDI (avèk Sébastien & Jefferson)
Dosye atis ameriken "P.Diddy" ap fè aktyalite depi kèk tan men semenn sa yo, li jayi sou rezo sosyo yo ak plis fòs akòz yon seri de nouvo detay ke envestigasyon otorite konsène yo kòmanse ap devwale.Se yon sijè ki oze e chokan men timesye yo ak envite yo: Sebastien ak Jefferson eseye debat li ak maksimòm prekosyon ke posib. Prekosyon pou pa tromatize moun ki pral tande men tou, prekosyon pou yo pa fè difamasyon sou moun tou; paske tout sa ki di nan epizòd la se selon enfò...
2024-10-06
1h 55
Tchilaks
Lanmou pou KUIZIN (avèk Newslie & Doris)
Aprè anpil anpil tan medam yo resi peye Tchilaks yon vizit!Nan epizòd 58 la, Tchilaks gen 2 “invitée”: Dodo ak Newslie ki deside pataje avèk odyans lan lanmou yo genyen pou kuizin.Nan ti pale sa yo pral wè avèk nou kibò lanmou sa a pran rasin men tou kijan manje jwe yon wòl pivotal nan relasyon yo genyen ak moun ki nan antouraj yo. Sa a ak anpil lòt bagay diskite sou panèl la. Jan yo di chimen kè gason se nan lestomak li eske nou panse medam yo...
2024-09-29
1h 39
Tchilaks
El NIÑO (avèk Greg & Jeffe)
Nan epizòd 57 la, timesyeu yo te akeyi Greg aka El NIÑO pou pale de reyalite li ki se reyalite yon jenn gason ki fèt Ayiti men ki leve kay vwazen Dominiken nou yo depi lè li gen mwens ke 3zan daj.El Jeffe te sou panel la tou pou fè pon ant Greg ak mesyeu yo paske li te fè yon ti tan ap viv nan Repiblik Dominikèn tou.Enjoy epizòd la gen anpil pou aprann ✨
2024-09-22
1h 59
Tchilaks
IMIGRAN nan USA (Avèk Jean Luc)
Epizòd 56 la enspire pa skandal ki tap fè bri semèn pase a sou swadizan imigran Ayisyen ki ta ap manje kana, chat/chyen moun nan vil Springfield nan State Ohio, se tou yon chita pale ant Jean Luc, Thierry ak Johel; 3 imigran nan USA; sou kijan yo wè ak konprann konsèp imigran an nan lakou USA.Enjoy epi sonje IMIGRAN gen yon enpòtans pou USA ke anpil moun pap admèt ouvètman men ki REYÈL!!!
2024-09-15
1h 55
Tchilaks
Baunuce (avèk Lex)
Epizòd «baunuce» la se repons a plis pase 100 kòmantè ke kèk zanmi podcast la te kite pou nou sou anpil ansyen epizòd.Se yon lòt okazyon pou timesye yo demontre apresyasyon ak gratitid yo vizavi de zanmi sa yo ki te pran tan pou koute e kòmante men tou a tout oditè/oditris podcast la.Nou espere ou ap enjoy epizòd baunuce menm jan nou te pran plezi anrejistre li pou ou.
2024-09-09
1h 50
Tchilaks
Baunuce (avèk Lex)
Epizòd “ BAUNUCE “ la se yon spesyal dedikas pou tout zanmi podcast la ki kite plis pase 100 kòmantè/feedback pou nou anba epizòd avan yo.Nou pase sou CHAK GRENN nan yo yon fason pou nou redemontre apresyasyon ak gratitid nou anvè zanmi sa yo men tou, a tout oditè/oditris podcast la.ENJOY!
2024-09-08
1h 50
Tchilaks
Atis (avèk Lex)
Resaman Johel viv yon eksperyans kote yon moun tap prezante li bay yon lòt moun epi ba li tit “Atis”.Menm si li di li pa yon atis men sa te enspire li epizòd jodi a kote Lhee ak Lex (ki tounen egenn ankò) tap pale sou definisyon tèm atis la epi ale an pwofondè sou lavi yon moun ki atis selon yo.Anpil bagay pale e atis Jojo byen depoze. 😂Nou espere nou enjoy epizòd la epi: PA BLIYE nan je Tchilaks, se oumenm oditè ki ATIS la! 🫶🏾
2024-09-02
1h 44
Tchilaks
S*xToy (avèk Lex)
🔞 Nou te mande sijè oze, eben Lex, Johalex ak Thierry fè yon brase lide sou on itilizasyon "sex toy" nan epizòd 54 la.Malgre se on sijè tabou nan sosyete nou an, nou pran libète eksplore tout aspè nan kesyon posede sex toy ak akseswa seksyèl yo. Ki itilite yo, preferans, tip, kalite, gwosè, elatriye. Kisa ki pou nou e selon nou akseptab oubyen depase limit.BTW, atansyon! Toy se toy, ekipman se on lòt bagay 🤣😂
2024-08-25
1h 53
Tchilaks
Monsieur JEAN (avèk Pouchon)
Nan epizòd 53 a, ti mesyeu yo te chita avèk Pouchon aka Mr JEAN, yon zanmi podcast la ki tap pataje istwa li ak yon projè "MONSIEUR JEAN BAR & GRILL" ke li cheri pandan plis pase 7 lane e ke li arive mete nan yon nivo ki ka sèvi egzanp pou tout moun ki ap lanse yo oubyen deja entegre sektè antreprenarya an Ayiti.TCHILAKS koube li byen ba devan efò ak sakrifis ke TOUT ekip MONSIEUR JEAN an poze deja e ap kontinye poze pou amelyore sektè lwazi lakay nou Ayiti.
2024-08-18
1h 49
Tchilaks
Dezyèm MITAN
Epizòd 52 a gen kòm tit "Dezyèm MITAN'' e li baze sou rimè ki fè konprann ke Jennifer Lopez ak Ben Affleck gentan ap divòse aprè ke yo te eseye viv ansanm yon premye fwa yo kite (Premye MITAN) epi yo vin retounen ansanm apre 17 lane.Se yon rimè jouk jounen jodia malgre gen anpil ti siy ki te ka pwouve ke bagay la gate tout bon, men ak tout respè sa mande ti mesye Tchilaks yo te pase sou relasyon yo an pou fini pa manyen ka kote yo menm tou yo te jwe dezyè...
2024-08-11
1h 43
Tchilaks
Mete DESIGNER (avèk Jeffe ak Kiki)
Epizòd 51 Tchilaks Podcast la te gen El Jeffe ak Kiki ki tap debat sou « Mete Designer ».Pou kèk moun, mete designer se fè djòlè; pou kèk lòt moun, mete designer se envesti nan bon kalite ak dirabilite e wap jwenn lòt moun tou ki ka pran fenomèn sa a nan fason pwòp a yo menm.Enjoy!
2024-08-04
1h 17
Tchilaks
Top 3 Fyète/Regrè (Avèk Kiki & Lex)
Tchilaks Podcast gentan gen 50 epizòd! Se yon fyète pou nou e nan lide pou nou pataje santiman sila a ak fidèl oditè/oditèz nou yo nou anrejistre epizòd la pandan nap pataje top 3 fyète ak regrè nou genyen jiska jodiya.Se yon egzèsis ki trè efikas pou ede yon moun asime erè epi apresye eksplwake li te fè nan pase li.Nou espere wap ENJOY li menm jan nou te pran plezi anrejistre li pou ou!#Tchilaks50
2024-07-28
1h 43
Tchilaks
Prezante menaj bay PARAN (vèsyon gason)
Prezante yon moun ou avèk li lakay paran'w oubyen fanmi'w se toujou yon gwo etap nan yon relasyon. Lè sa fèt se konn siy ke relasyon an pral pran oubyen pran yon faz ki pi serye.Nan epizòd 49 la, sou demand esepsyal youn nan oditè fidèl Podcast la, ti mesye yo pral debat sou sijè sa a. Yo pral abòdel selon pwendvi gason e evidaman yo pral pran egzanp sou lavi pa yo.Men bagay sa a se pa yon syans, pa gen yon repons fiks e kondisyon yo ka varye se...
2024-07-21
1h 30
Tchilaks
Pakou atistik (avèk MLF Desgrottes)
Anpil fwa nou sèlman fokis sou zèv ak talan atis nou yo, san nou pa janm pran tan pou plonje nan pase yo pou dekouvri pakou yo, kote yo soti, obstak yo te rankontre nan wout yo, kisa ki te enspire yo lè yo tap demare, kisa ki te ede yo pa abandone pou yo ka rive kote yo rive jounen jodia.Nan epizòd 48 la nou te gen lònè resevwa Moumoune (fan #1 Tchilaks Podcast) ki pratike penti ak ekriti sou non MLF Desgrottes ki tap etale pakou atistik pèsonèl li avèk nou.
2024-07-14
1h 33
Tchilaks
Beau Nusse (avèk LEX)
Epizòd bonus sa se pou nou reyaji a tout feedback ak kòmantè ke anpil nan nou te kite pou nou sou divès epizòd avan epizòd 47 la.Se fason pa nou pou raplew ke nou TOUJOU li e apresye feedback ak kòmantè fidèl oditè nou yo.Nou RENMEN nou! ♥️
2024-07-11
1h 14
Tchilaks
Zanmitay ant FI ak GASON (avèk Nick ak Georgy)
Nan sosyete pa nou, nou toujou tande moun kap di “tifi ak ti gason se gaz ak alimèt “.Se yon fason pou di ke lè gason ak fi twò pre youn lòt li ka kreye 🔥.Èske sa vle di gason ak fi paka zanmi? Oubyen sa vle di yo pa ka bon zanmi?Nan epizòd 47 la Tchilaks ap debat sijè sa ak 2 gro tonton envite: Nick epi Georgy!Pandan yo itilize pwòp eksperyans pa yo, yo pral bay pwendvi yo sou sijè a.Enjoy
2024-07-08
1h 31
Tchilaks
Premye anivèsè TCHILAKS 🎉🎊
TCHILAKS GEN 1 AN‼️🎉🎊Epizòd 46 la se sòm tout repons a tout kesyon nou menm nan oditwa a te poze nou!A chak grenn moun ki te voye kesyon: MÈSI PA SIFI E LI PAP JANM SIFI!A chak grenn moun ki toujou branche: MÈSI PA SIFI E LI PAP JANM SIFI!A chak grenn moun ki pral koute epizòd 46 la: MÈSI PA SIFI E LI PAP JANM SIFI!#TchilaksFamily
2024-07-01
1h 52
Tchilaks
L'âge du Christ (avèk Jeff, Jefferson ak Lex)
33 lane se yon laj anpil ayisyen wè ak yon je diferan.Lè yon moun nan kilti nou an pral gen laj sa yo toujou atann yo ke yo pral pase yon ane difisil.Rezon an pran rasin nan kwayans relijyez ke nou genyen. Gen anpil endikasyon ki montre se a laj sa a CHRIST te mouri e li te pase anpil mizè.Nan epizòd 45 lan, ti mesye yo pral diskite de kwayans sa a avèk yon panel ki “BYEN RANPLI”.Se fason sa a nou selebre Lhee ki apèn soufle 3...
2024-06-23
1h 28
Tchilaks
Bro Code (Prensip blòdeu)
Blòdeu ak Bro se 2 tèm ki itilize anpil nan vokabilè gason. Se konsa yo kalifye gason parèy yo ki zanmi ki pi pwòch yo. Se vre ke dèfwa moun itilize tèm sa yo vaykevay men sa pa chanje ke, inisyalman, yon blòdeu, yon bro se yon gason ki kite stad senp zanmi pou yon lòt gason, yo vin tounen tankou frè.Li pa yon sekrè pou pensonn ke gen règ nan mitan gason an jeneral, men dèfwa gen moun ki pa konnen si nan mitan blòdeu gen lòt règ ki...
2024-06-16
1h 29
Tchilaks
DJÒSKÒM (rekòmanse a zero) avèk Lex
Nan lang kreyòl la djòskòm vle di yon moun ki fenk debake nan yon lòt peyi.Anglisis sa (just come), malgre anpil moun souvan anplwaye'l nan yon sans negatif, defini nan anpil ka yon rekòmansman paske yon moun ki deside kite peyi li, lakay li, fanmi ak zanmi li pou li al etabli'l yon lòt kote gen bagay pou'l refè.Ti mesye yo nan epizòd 43 pral pase sou tout bagay sa yo, pandan yo ap pataje pwòp eksperyans pa yo.Yo espere ke ou menm kap tande...
2024-06-09
1h 52
Tchilaks
Relasyon LONG DISTANCE (avèk Kitty)
ENJOY epizòd 42 a kote ti mesye yo te gen Kitty kòm envite pou debat sou relasyon LONG DISTANCE.
2024-06-02
1h 44
Tchilaks
Fèt MANMAN
Nan Epizòd 41 Tchilaks Podcast la, ti mesye yo ap pale de manman yo, de relasyon yo ak manman yo, de lanmou yo gen pou manman yo. Yon fason pwòp a yo menm pou onore tout MANMAN nan okazyon fèt dè mè! 💝
2024-05-26
1h 24
Tchilaks
Story Time
Yo toujou di ke liv lavi chak grenn moun sou planèt la se konbinezon de yon pakèt istwa.Enben nan epizòd 40 Tchilaks Podcast la, ti mesye yo ap pataje kèk istwa pèsonèl sou lavi yo. ENJOY!
2024-05-12
1h 29
Tchilaks
Sipèstisyon LAKAY (avèk Lex)
Anpil fwa nan kilti lakay nou, nou tande moun kap di “Si ou fè oubyen pa fè tèl bagay… tèl bagay ap rivew“ dèfwa yo pa fè ankenn sans e dèfwa yo fè sans men pa gen ankenn jan ou ka eksplikel.Nan epizòd 39 la, timesye yo te avèk Lex pou pataje kèk sipèstisyon ki make lavi yo, sila ke jiskaprezan yo pa konprann yo ak sila yo eseye mete yon eksplikasyon plizoumwen lojik dèyèl. ENJOY epi sonje KILTI NOU AN RICH!
2024-05-05
1h 22
Tchilaks
Fiyansay (Avèk Doris & Rose)
Epizòd 38 Tchilaks Podcast la ap pale de fiyansay ki se yon etap jounen jodiya ke 2 moun ki renmen dwe pase avan yo ale devan lotèl pou yo di lòt wi pou lavi. Nan tan paran ak granparan nou yo, li te fèt yon lòt jan e menm jodia chak moun pèsevwa konsèp sa avèk opinyon diferan. Mesyedam yo te tou pataje istwa pèsonèl yo e yo te pase yon bon moman. ENJOY!
2024-04-28
1h 39
Tchilaks
Reyaksyon sou Ep.33 (avèk Vitchie, Moumoune ak Hellen)
Pou ou ka byen enjoy epizòd 37 la fòk ou al tande oubyen retande epizòd 33 a paske se sou li 3 FANM ki gen gwo enpak sou lavi respektif ti mesyeu yo ap reyaji AVÈK ti mesyeu yo.Epizòd 33 a se youn nan TOP3 epizòd ki te resevwa plis feedback de zanmi podcast yo kidonk pandan ti mesyeu yo ak medam yo tap #TCHILAKS yo tou pwofite pote repons dirèk bay chak grenn moun ki te pran tan pou kite yon kòmantè.ENJOY epi pase bon semenn!
2024-04-21
1h 47
Tchilaks
RELASYON san FRONTYÈ (avèk Sarah ak Jefferson)
.
2024-04-14
1h 35
Tchilaks
Eklips (avèk LEX)
Yon epizòd ki anrejistre anba linèt pou debat sou «EKLIPS» ki se yon kataklism ki pral pase nan mwens ke 24è detan aprè epizòd la soti.ENJOY li epi ou menm ki pral gade eklips la, oubyen ou menm tou ki pa pral gade’l men ki ap nan zòn eklips la ap pase a, PRAN PREKOSYON sa mande yo paske se mèt zye ki veye zye!
2024-04-08
1h 08
Tchilaks
Eklips (avèk LEX)
Yon epizòd ki anrejistre anba linèt pou debat sou «EKLIPS» ki se yon kataklism ki pral pase nan mwens ke 24è detan aprè epizòd la soti.ENJOY li epi ou menm ki pral gade eklips la, oubyen ou menm tou ki pa pral gade’l men ki ap nan zòn eklips la ap pase a, PRAN PREKOSYON sa mande yo paske se mèt zye ki veye zye!
2024-04-07
1h 08
Tchilaks
AFTER PARTY (avèk Team Trafalgar)
Aprè yon party, ti mesye yo te chita avèk yon pakèt pakèt envite pou te pale de “AFTER PARTY”. 😜Pawòl nou pral tande nan epizòd la te melanje e nap tou presize ke yo pa angaje ni podcast la, ni moun ki ladanl yo, TOUT blam nan se sou do ALKÒL!!! 😂Enjoy!
2024-03-31
1h 36
Tchilaks
Red/Green FLAG (avèk Lex & Greg)
Nou tout diferan sa se yon fè e paske nou diferan, sa fè jan nou renmen diferan, sa fè sa ki atire nou diferan e sa nou pa renmen tou diferan.Menm nan kesyon chwazi patnè nou, nou chak gen preferans pa nou.Chak moun gen yon lis bagay ki ka dekouraje yo lè yo wè yon moun ki a premyè vi, atire yo, se sa yo rele “RED FLAG” yo.Menm jan an tou chak moun gen de bagay lè yo identify yo, li ajoute sou atirans inisyal la, se sa moun ki p...
2024-03-24
1h 24
Tchilaks
Fashion (avèk FERINA)
Epizòd 32 a te chita sou yon tèm ke nou tout familye avèk li ki se: FASHION.Nan epizòd sa, Tchilaks te akeyi Sebastien ki se yon jèn ki pasyone de fashion e ki gen rèv pou li kite anprent li nan sektè sila a. Li pataje depi kilè li atire pa fashion, kisa ki enfliyanse li ak tout projè li genyen ki pase deja ak sila ki gen pou vini yo.Enjoy epizòd la kòm dabitid epi pa bliye tcheke travay Sebastien yo a pati de paj Instagram l
2024-03-17
1h 14
Tchilaks
First date (premye randevou)
Nan fè jouda sou rezo yo semèn sa, Lhee tonbe sou yon ti rechèch ki di anpil gason kap viv nan zòn Boston jije ke depi yo mennen yon Lady soti yo atann yo ke fi a pral oubyen ta dwe kouche avèk yo.Rechèch sa pouse timesye Tchilaks yo gade zafè ki rele “first date “ la nan kilti pa nou an. Pandan yap pale de pwòp eksperyans yo, yap analize atant yon gason genyen lè li mennen yon fi soti pou premye fwa.Anpil koze pale so
2024-03-10
1h 20
Tchilaks
Gwòg (avèk LEX)
Nan kilti nou yo itilize tèm « GWÒG » la nan 2 konotasyon diferan. Youn pou dezinye bwason ki gen gwo to alkòl epi lòt la pou dezinye lè ou bwè twòp. Nan epizòd sa, Johalex, Lhee ak LEX pataje gwòg prefere yo men SITOU pi gwo moman nan lavi yo kote yo te GWÒG.Enjoy epi sonje pou ou TOUJOU bwè GWÒG ou ak moderasyon paske se mèt kò ki veye kò!
2024-03-03
1h 28
Tchilaks
T.M.P.F (Tou Manti Pa Fon)
Epizòd 29 la se yon epizòd kote Johalex ak Lhee ap debat sou yon sitiyasyon kote yon gason tap bay madanm li yon pil ak yon pakèt manti initil. Sitiyasyon sila a tap fè ravaj sou tiktòk.Li se yon istwa ki enteresan lè nou ap eseye konprann rezon ki te motive misye envante E bay manti sa yo, men tou jan dam lan rakonte istwa a jwe yon gwo wòl nan bote istwa a.Enjoy reyaksyon ak opinyon ti mesye yo sou istwa a!
2024-02-26
1h 09
Tchilaks
Enpòtans SÈKS nan relasyon (avèk LEX)
Moun fè sèks pou anpil rezon. Youn nan rezon sa yo e petèt sa ki pi enpòtan an: se LANMOU.An efè, sèks se iltim fason 2 moun konn manifeste lanmou yo men entèpretasyon sèks varye de yon moun a yon lòt. Gen pou de moun li se yon senp zak fizik, genyen ki trouve li trè sakre. Sèl bagay ki evidan se ke pi fò moun dakò ke li bon anpil.Lè nap gade relasyon ant de moun, kijan nou ka mezire enpòtans sèks?
2024-02-18
1h 45
Tchilaks
Bòlèt (avèk Papi Constant)
Bolèt gen yon plas enpòtan nan kilti ayisyèn nan. Menm si bolèt la an swa se jis yon jwèt aza; lòt aspè ki antoure li yo, jan ayisyen konprann li a ka ede yon moun dekòtike kilti nou an fen e byen. Nou menm ayisyen nou konekte bolèt ak anpil bagay e pou nou li pa yon senp jwèt aza.Nan epizòd 27 la, nou ap pale de tout bagay ki antoure bolèt la ak yon envite espesyal ki se Papi Constant. Li leve jwenn papa li kap...
2024-02-11
1h 24
Tchilaks
Biznis DIJITAL (avèk Jerry)
Devlopman entènèt nan dènye ane yo kreye anpil opòtinite ak avantaj pou biznis men anpil aspè rete flou sou transfòmasyon digital yon biznis e kijan pou optimize’l.Nan epizòd 26 la, Jerry Louis-Jeune ki se yon ekspè nan domèn digital la ap ede nou konprann kisa ki vrè definisyon biznis dijital, kisa li mande pou mete youn sou pye e kijan ou ka fèl ede mete biznis la sou chimen siksè.Kesyon sa yo ak anpil lòt ap jwenn repons nan epizòd la....
2024-02-04
1h 28
Tchilaks
Dosye lapolis
Job lapolis nan tout peyi se proteje ak sèvi, men souvan, rankont avèk lapolis pa konn fini byen. Nan dènye ane sa yo, altèkasyon oubyen fatalite ki konn soti nan rankont avèk lapolis toujou okipe yon plas enpòtan nan nouvèl.Nan epizòd jodia te timesyeu yo pral rakonte tout eksperyans ke yo fè avèk lapolis jiska jounen jodia. Epizòd la ap yon jan spesyal paske se istwa pèsonèl yo kote ke yo te ka pran kòd e menm ka rive gache avni yo. Yo espere ke nou...
2024-01-28
1h 27
Tchilaks
Fè MIZIK (avèk Guerby)
« Fè MIZIK » ka ilistre yon moun ki ap tande mizik, yon moun ki ap jwe yon enstriman oubyen ap chante; anpil fwa nou pa mete moun ki ap ekri tèks mizik yo nan lis la.Nan epizòd 24 la, Tchilaks podcast te gen lonè akeyi Guerby ki se yon jèn talan ki, pou kounya, plis fokis sou produi mizik, ekri bèl tèks ak melodi. Li te pase tchilaks avèk ti mesyeu yo epi yo te tou profite debat sou pakou li, eksperyans li ak projè li genyen ki pi pwòch yo.Si ou p...
2024-01-21
1h 07
Tchilaks
Goudou Goudou
12 Janvye 2010 - 12 janvye 2024Sa gentan fè 14 lane depi yon tranblemanntè te fè gwo dega an Ayiti.Jou sa kite yon sikatris lakay chak moun ki te viv katastwòf sa de prè ou de lwen.Nan epizòd jodia ti mesye yo ap fè yon retounen sou jou sa e kijan yo te viv li.Tchilaks ap salye memwa tout sila yo ki ale yo ak kouraj sila yo ki jwenn fòs avanse malgre jan katastwòf sa te afekte yo.12 Janvye 2010: NOU TE LA, NOU TE WÈ e NOU PAP...
2024-01-14
1h 23
Tchilaks
Rezolisyon pèsonèl
Nouvèl an se toujou yon chans pou rekòmanse, yon okazyon pou chak moun pou yo remete fokis sou objektif yo genyen pou ane a oubyen pou rès lavi yo. Se sak fè depi premye Janvye rive, anpil rezolisyon toujou pran.Malerezaman statistik yo montre ke anpil nan rezolisyon sa yo pa janm depase mwa Janvye a e ke se sèlman 9% moun ki arive kenbe rezolisyon yo te pran yo pandan tout ane a.Nan epizòd 22 a, ki se premye epizòd Tchilaks pibliye pou nouvèl ane 2024 la, ti mesye yo panch...
2024-01-07
1h 03
Tchilaks
Fèt Nwèl
Epizòd 21 se jis fason pa TCHILAKS pou swete chak grenn oditè/oditris Johalex yo ak ekoutè/ekoutèz Lhee yo yon JWAYE NOWÈL!
2023-12-24
1h 13
Tchilaks
En FRANCAIS
Epizòd 20 Tchilaks Podcast la se yon epizòd kote Johalex ak Lhee ap debat sou dezyèm lang ofisyèl pèp nou an ki se lang fransè.Tout plezi epizòd lan chita nan lojik kote ti mesye yo ap debat sijè a AN FRANCAIS malgre yo tou lè 2 gen plis pase 5 lane depi yo pa janm gen menm yon konvèsasyon 5 minit nan lang lan.Antouka, nou espere ke ou ap ENJOY epizòd la menm jan nou te ENJOY record li pou ou a malgre tout flay ak lapsus yo! 😂
2023-12-17
1h 11
Tchilaks
Bay/Pran BILL (avèk Cedrick)
Nan nenpòt tip relasyon an, amikal oubyen romantik, koze finans se yon sijè delika e ki jwe yon ròl enpòtan.Dinamik relasyon an konn mete youn nan moun yo nan pozisyon pou ede lòt la finansyèman.Nan langaj kreyòl la yo pale de: BAY Bill oswa PRAN Bill!!!Gen moun ki di se pa tout kòb yon moun mande yo ki ka konsidere kòm Bill, gen moun ki wè bagay sa ak yon trè move je e gen lòt menm ki kategorize l kòm yon bagay k...
2023-12-10
1h 44
Tchilaks
LAJ nan RELASYON
Powèt yo ak romantik yo toujou kleronnen ke lanmou pa konn laj, li pa konn koulè etc…Si nou ka dakò ke kè a chwazi moun li vle nou ka dakò tou ke laj se yon faktè ki enpòtan nan relasyon. Anpil fwa li detèmine dinamik relasyon an.Lè eka a anpil li konn koz anpil stigma paske sosyete a konn wè li ak yon move je. Ki eka ki akseptab? Kijan jijman sosyete a chanje depandaman de sèks moun ki pi gran an?Ki eksperyans pesonèl ti mesye yo? Ki p...
2023-12-03
1h 17
Tchilaks
MOMAN
Nan tan lontan, nan mond matematik la yo te fè referans a tèm «moman» an pou deziye yon inite mezi ki dire 90 segonn.Jodia nan anpil lang, yon moman vle di yon ti tan ki pa trò long, trè souvan mwens ke 5 minit. Nan kreyòl la tou, li vle di sa men lang lan pa tap bèl si mo a pat gen yon lòt siyifikasyon.Wi, moman nan lang kreyòl la, depandaman de jan ou itilizel la ka vle di yon lòt kokennchenn bagay!!Ki bagay?!Ebyen si...
2023-11-26
1h 01
Tchilaks
TALAN gache (avèk LEX)
Nan 16èm epizòd la, Lhee ak Johalex te akeyi Lex pou yo te fè yon ti #Tchilaks pandan yap debat sou TALAN GACHE.Se yon sitiyasyon tris ki dekoule de pèsepsyon paran nan sosyete nou an genyen de reyisit; kote yo prefere pa pran chans mize sou talan timoun yo epi vann yo lekòl kòm SÈL mwayen pou fè siksè nan lavi a.Jouk jounen jodia gen adilt ki gen regrè nan kè yo vizavi de talan ke yo te idantifye lakay yo lè yo te timoun men ke yo pat janm jwe...
2023-11-19
1h 11
Tchilaks
FIMEN (avèk PSteph)
“rale yon nway”, “fon w griye”, “puff puff pass”, etc… sa yo se kèk nan ekspresyon ke moun itilize nan diferan kilti pou yo fè referans ak fimen.Fimen gen plizyè deseni depi li antre nan kilti limanite. Gen achiv ki menm di ke yo te konn vann li kòm yon bagay ki bon pou lasante.Moun fimen pou anpil rezon e jounen jodia, yo gen plizyè opsyon pou rann fimen pi aksesib.Avèk envite yo PSteph, ti mesye yo eksplore tout aspè ki antoure egzèsis fimen an. Yo tou profite pataje eks...
2023-11-12
1h 21
Tchilaks
RASISM
Nan 14èm epizòd podcast la, Johalex ak Lhee fè yon ti pale sou rasism.Nan mo pa yo, yo eseye defini tèm nan epi eseye analize orijin ak konsekans konsèp sa ki pa enkoni pou pèsòn tèlman li afekte sosyete mondyal la dirèkteman ou endirèkteman.Yo chak pataje youn ou plizyè eksperyans yo viv ki de lwen ou de prè lye ak rasism, tout sa pandan yo tap tchilaks ansanm.Pa bliye rasism gen gwo konsekans sou lavi moun jouk jounen jodia e malgre nou d...
2023-11-05
1h 18
Tchilaks
GEDE vs HALLOWEEN
Peryòd sa yo se moman kote an Ayiti yap prepare fèt Gede pandan nan menm tan sa a, moun Etazini ak anpil lòt kote nan mond lan (an Ayiti tou) ap prepare pou selebre sa yo rele “Halloween “.2 Selebrasyon sa yo se ekspresyon 2 kilti diferan sou kijan yo selebre sila yo ki ale yo (mò yo).Nan epizòd sa Johalex ak Lhee fè yon paralèl byen kout pou gade kisa yo ye? Koman yo fete yo? Kisa yo pote nan 2 kilti ak 2 sosyete yo? Men tou kijan nou menm ayisyen nou ta dwe...
2023-10-29
1h 01
Tchilaks
REZO SOSYO
Rezo sosyo gen kèk ane depi li anvayi mond lan, sa se yon evidans.Itilizasyon chak moun de li ka diferan men li rete pi gwo pwen komen nan lavi nou tout. Rezo sosyo pou sèten moun vin pi adiktif ke yon dwòg, pandan nou pap nye ke pou de lòt moun li tounen yon sous pou fè lajan. Rezo sosyo kraze koup moun menm jan li pèmèt moun fonde fwaye.Nan epizòd 12 la, Johalex ak Lhee dedat sou rezo sosyo san yo pa rantre fon paske se yon kons...
2023-10-22
1h 21
Tchilaks
Enpak separasyon PARAN (avèk Doris)
Gen yon statistik ki fè konnen ke mwatye maryaj fini pa yon divòs oubyen separasyon.Nan divòs oswa separasyon 2 paran pi gwo viktim yo se dèfwa timoun yo sitou lè divos la oubyen separasyon an pa amikal.Li konn kite gwo sikatris ak troma ki konn suiv timoun sa yo jouk nan laj adilt yo.Nan epizòd sa tchilaks chita pale ak Doris ki se twazyèm invite podcast la pou yo debat sou konsekans divòs/separasyon paran yo te genyen sou yo, ki mak li kite pou jis jounen jodi a, kisa yo aprann ak kisa...
2023-10-15
1h 12
Tchilaks
PIBÈTE kay GASON
Paran toujou pran le swen pou yo diskite de faz pibète avèk pitit fi yo sa ki vrèman diferan de jan menm paran sa yo akonpanye pitit gason yo nan menm peryòd nan lavi yo sa.Anpil tigason retrouve yo nan menm sitiyasyon avèk Johalex ak Lhee, kote se lè yo fin pase stad pibète a yo ap vin konnen kisa pibète ye oubyen yo viv anpil nan karakteristik pibète yo san yo pa konnen ke se faz pibète a yo ap travèse.Dèfwa sa konn gen...
2023-10-08
55 min
Tchilaks
DATING aprè DIVÒS (avèk Vitchie)
Divòs se yon bagay ki ka kite gro tromatism nan lavi yon moun. Li konn koze anpil problèm tankou depresyon.Aprè yon divòs, kijan yon fi dwe abòde relasyon? Kombyen tan li pran pou li santi li ka remete kò ak kè li deyò? Lè fi sa antame yon relasyon kijan divòs ki nan pase li a peze sou nouvo relasyon an?Anpil kesyon ke Johalex ak Lhee pat ka reponn san yo pat jwenn èd dezyèm envite Tchilaks la: Vitchie ki ede yo konprann kisa sa mande pou yon moun ref...
2023-10-01
1h 16
Tchilaks
NYOUD
Aspè fizik ki gen nan lanmou ak atirans konn pouse de moun ki nan relasyon oubyen ap pale voye foto eksplisit bay lòt, sa yo rele Noud ou Nyoud la ( Nude an anglè).Kisa ki risk ak konsekans nan voye yo?Eske se yon pwoblèm?Kijan ou ka proteje tèt ou?Ou ta renmen konnen? Enben koze mande chèz vin chita nan Tchilaks pou tande plis.
2023-09-24
1h 33
Tchilaks
KANAL la
Aktyalite dènye jou sa yo, se dosye kanal ki parèt leve yon konfli ant pèp dominiken ak pèp nou an.Nan epizòd sa, ti messieu TCHILAKS yo rale mennen vini pou demontre ke konfli ant 2 pèp yo pa resan e tou ke li enpòtan pou nou pa jis suiv buzz ke dosye kanal la kreye a men eseye konnen agenda ki dèyè tèt gouvènman dominiken an epi konnen tou ki konsekans sitiyasyon sa ka pote pou pèp ayisyen an.POZISYON NOU NAN TCHILAKS AP TOUJOU POU N...
2023-09-17
1h 30
Tchilaks
Sante MANTAL gason (avèk M7liye)
Kesyon sante mantal se yon dosye sansib e enpòtan ke se pou fi ke se pou gason men nan sosyete nou evolye yo, sante mantal gason se pa yon bagay yo bay anpil konsiderasyon.Nan epizòd sa a, Johalex, Lhee ak premye envite Tchilaks Podcast: Macky aka M7liye analize rezon ki fè sijè sa a pa trò pale, ki sa ki fè gason pa pale lè yap travèse pwoblèm ki afekte sante mantal yo. Yo pataje kèk statistik konsènan sante mantal gason tou.Enjoy epi pa bliye, si ou menm oub...
2023-09-10
1h 36
Tchilaks
CHAM
Nan kilti lakay nou, ase souvan nou tande pale de CHAM! Nan senkyèm epizòd Tchilaks Podcast la, Johalex ak Thierry fè yon bèl deba sou sijè a kote yo pataje pèsepsyon yo de li epi yo eseye konprann konsèp la.ENJOY epizòd la, pa bliye nou sou tout platfòm podcast yo epi pa bliye follow nou pou ou pa rate prochen epizòd yo ki soti chak dimanch aprèmidi.
2023-09-03
1h 10
Tchilaks
DIFAMASYON
Nan katriyèm epizòd la Lhee ak Johalex fè yon ti bat bouch sou “difamasyon” ki se yon sijè ki ap fè aktyalite, sitou semèn sa yo.Yo pale de tout konsekans difamasyon genyen oubyen ka genyen sou yon moun pandan yo tap analize yon ka ki ap fè anpil deba aktyèlman.ENJOY / APRANN!!!Epi pa bliye nou sou tout platfòm yo, abone pou nou pa janm rate nouvo epizòd yo ki soti chak dimanch aprèmidi!#Tchilaks #Podcast #Difamasyon
2023-08-27
58 min
Tchilaks
Gason MAWOZO
Nan twazyèm epizòd la, Johalex ak Lhee debat sou « Gason MAWOZO » ki se yon tèm chak grenn sòlda nan lame maskilin lan sibi yon fason oubyen yon lòt!!! Yo pataje eksperyans pèsonèl yo ak tit mawozo a tou!ENJOY li epi pa bliye nou TOUPATOU! Abone ak nou pou pa rate nouvo epizòd yo ki soti chak dimanch apremidi.#Tchilaks #Podcast #Mawozo
2023-08-21
1h 09
Tchilaks
Pwogram BIDEN
Nan dezyèm epizòd la Johalex ak Lhee ap pataje opinyon ak pèsepsyon yo de pwogram BIDEN lan. Yo profite pataje konsèy pou moun ki gen fanmi/zanmi ki pral aplike pou yo yo, pou moun yo aplike pou yo deja e ki ap tann repons epi pou moun tou ki gentan aprouve e ki gentan nan lakou TontonSam.~~~~~~~~~~~~Pa bliye‼️ Tout sa ki di nan epizòd sa se esansyèlman opinyon pèsonèl Lhee oubyen Johalex. Se dwa ou pou ou pa ale nan menm sans ak yo men sa pa dwe an...
2023-08-14
1h 12
Tchilaks
Orijin Tchilaks Podcast
Enjoy premye epizòd Tchilaks Podcast la kote Lhee ak Johalex ap debat sou orijin podcast la, misyon li ak anpil lòt koze.Nou sou tout platfòm kote ou abitye tande podcast ou yo: Apple Podcast, Spotify, IHeartRadio, Pandora, etc…Pou ou pa rate anyen nou ap lage, abone ak nou sou YouTube epi swiv nou Instagram, Twitter, TikTok: @tchilaks
2023-08-07
58 min
Tchilaks
Trailer
Nou lage! 🚀 Nou sou Apple Podcast, Pandora, TuneIn… Mèsi deja pou ekout ou! Premye epizod la pou byento! Ret branche!!! Konekte avèk nou sou YouTube, instagram, Twitter ak tiktok sou: @Tchilaks
2023-06-30
00 min