Look for any podcast host, guest or anyone
Showing episodes and shows of

Yves-Marie & Stevens

Shows

Verite Sou TanbouVerite Sou TanbouFanmi (epizòd final)Nan dènye epizòd sezon 1 an, nou konsantre nou sou fanmi. Nou gade fanmi sou plizyè kouti, alafwa nan sans restren li ak nan sans laj li. 2023-08-171h 09Verite Sou TanbouVerite Sou TanbouEkstrè 2 (S1E9)-finalÈske sosyete a vle fi pot non mari yo pou montre yo "gen mèt"? Yves-Marie pataje yon anekdòt ak nou. 2023-08-1701 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouEkstrè 1 (S1E9)-finalNan ekstrè sa ki soti nan dènye epizòd sezon 1 an ap genyen an, yon epizòd ki fokis sou fanmi, Stevens pale de ka timoun ki pote siyati manman yo ann Ayiti.2023-08-1701 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouMaryaj (Envite: Donia Luc)Nan epizòd sa, nou resevwa Donia Luc (@zabokaluc sou TikTok) pou vin pale ak nou sou maryaj. Nou gade e kesyone sa maryaj reprezante ak enplike pou fanm ak gason. Nou kritike l kote pou n kritike l men nou rekonèt bon kote li tou. 2023-08-031h 19Verite Sou TanbouVerite Sou TanbouEkstrè 3 (S1E8)- Anpil moun marye pa ere vreYves-Marie di anpil moun (anpil fi) pa ere vre nan maryaj...2023-08-0300 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouEkstrè 2 (S1E8)- 50-50 lan pa yon fòmil inivèsèlDonia ap esplike nyans ak limit ki genyen nan fòmil 50-50 lan anndan koup.2023-08-0302 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouEkstrè 1 (S1E8) -Maryaj, yon pwoteksyon?Donia ap esplike maryaj ann Ayiti petèt yon pwoteksyon pou fi vre parapò ak plasaj, men èske nou pa ta dwe batay pou fi jwenn pwoteksyon kèlkeswa tip inyon an?2023-08-0303 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouLanmou womantikNan epizòd sa, nou eseye defini lanmou, dekòtike lanmou, di sa l ye ak sa l pa ye, gade jan l aji sou kò nou ak lespri nou, sou fanm ak gason, ak jan l manifeste an fonksyon sosyete ak kontèks w ap viv ladan an. Se yon epizòd nou prepare ak anpil lanmou ni pou moun ki kwè nan lanmou ni pou moun ki gen dout toujou. 2023-07-201h 48Verite Sou TanbouVerite Sou TanbouEkstrè (S1 E7)- Yves-Marie pa womantik men...Yves-Marie di poukisa e nan ki sans li pa konsidere tèt li kòm yon womantik2023-07-2003 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouEkstrè (S1 E7)-Stevens womantikStevens revele li se yon womantik.2023-07-2001 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouEkstrè (S1 E7)- Timoun k ap defini lanmouTi goute-Tande jan kèk timoun te defini lanmou! 2023-07-2002 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouZanmiYon epizòd sou zanmitay ak divès fason li manifeste. 2023-07-061h 37Verite Sou TanbouVerite Sou TanbouEkstrè (S1 E6) - Zanmitay, yon definisyonMen kijan Stevens ak Yves-Marie defini zanmitay. Sòti sou tip lanmoun philia ansyen Grèk yo te defini pase pran definisyon nan diksyonè rive sou diferan tip zanmitay.2023-07-0602 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouEkstrè (S1 E6) - FriendzoneKisa k friendzone lan? Poukisa nou lage moun nan friendzone? Èske moun sa yo zanmi nou vre?2023-07-0614 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouKominote MNan epizòd sa, nou resevwa 2 envite, Gio Casimir ak Thara Layna Saint Hilaire, pou pale nou de sitiyasyon Kominote M nan ann Ayiti. Nou envite w suiv yo sou rezo sosyal. Anvan, nou diskite sou aktyalite popilè nasyonal ak entènasyonal, espesyalman dosye Frankétienne nan ak dosye soumaren ki t al chèche vizite epav Titanic lan. Nou pale tou de plizyè santèn refijye ki mouri nan lanmè e konpare atansyon medya bay chak dosye sa yo. Randevou kase pou jedi 6 jiyè pou yon lòt epizòd. 2023-06-241h 37Verite Sou TanbouVerite Sou TanbouKominote M - Ekstrè 2Nan epizòd sa a, Thara Layna Saint-Hilaire pale nou de stereyotip ak lide tou fèt k ap sikile sou Kominote M lan. Thara raple nou omoseksyalite pa yon chwa.2023-06-2404 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouKominote M - Ekstrè 1Èske vodou enklizif? Èske se yon espas kote moun ki nan Kominote M la an sekirite? Koute repons Gio Casimir (fotograf; animatè pòdkas Bri Kouri).2023-06-2402 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouRelasyon ouvèSi nou di w relasyon an V, èske w konn de kisa n ap pale? Nan épizòd sa a, Stevens ak Yves-Marie resevwa premye envite spesyal (Max Raymond Junior) pòdkas la pou kontinye konvèsasyon sou relasyon ki pa monogam yo. Soti sou diferan fòm relasyon sa yo ka pran rive sou kijan sosyete nou an wè stil relasyon sa yo, Max Raymond Junior fè yon bèl rale sou relasyon sa yo. Èske n konnen Yves-Marie se fanatik Beyoncé? Èske n konnen Stevens pa konprann kijan moun fè fè fèt san yo pa bay...2023-06-081h 24Verite Sou TanbouVerite Sou TanbouEkstrè (S1 E4) - Relasyon ouvè ak relijyonNan epizòd sila a, nou mande envite spesyal nou an kijan l panse relijyon ap wè koze relasyon ouvè a nan peyi dAyiti. Nou tèlman renmen repons li ban nou an... :)2023-06-0803 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouEnfideliteKisa ki enfidelite nan kad relasyon womantik yo? Èske relasyon ouvè se yon solisyon pou kwape enfidelite? Nan epizòd sa a, Stevens ak Yves-Marie ap brase lide sou konsekans enfidelite konn genyen, sou de pwa de mezi sosyete nou an genyen pou enfidelite fanm ak enfidelite gason, sou sa ki enfidelite pou yo.2023-05-251h 48Verite Sou TanbouVerite Sou TanbouEntwodiksyonYon pòdkas kote Stevens ak Yves-Marie ap pale de kontni ki gen rapò ak kesyon "genre" yo li, wè oswa tande sou medyasosyo yo. 2023-05-2400 minVerite Sou TanbouVerite Sou TanbouVyolansNan epizòd sa, nou reflechi sou vyolans, espesyalman ak yon linèt jennda. Nou kòmante aktyalite a, epi analize kèk zèv mizikal ak sinema epi kite pou ou kèk sijesyon kontni nan fen an. Epizòd sa pa t fasil, men nou te pran anpil plezi prepare l. Nou espere w ap renmen l. Men referans kèk nan sijesyon kontni nou fè nan fen an. Nou ankouraje w dekouvri e suiv Gaelle Bien-Aimé, yon feminis ayisyèn ki toujou pote kontni orijinal, amizan e ki fè w wè kèk bagay yon lòt jan. Sou Twitte...2023-05-121h 33Verite Sou TanbouVerite Sou TanbouGasonKi jan yo defini gason? Nan premye epizòd Verite Sou Tanbou a, Yves-Marie ak Stevens dekòtike kesyon sa pou ou. Nan epizòd sa, nou tou pwofite manyen kèk lòt dosye pate cho ki t ap fè aktyalite... Nan fen epizòd la nou site kèk referans ak rekòmandasyon: 1)Yves-Marie: TikTok (anglè): @DonnellWrites Liv: Le génocide voilé (Tidiane N'Diaye) 2) Stevens: Podcast: Les couilles sur la table Liv: Regards sur les hommes et les mascu...2023-04-271h 19Diomandé L\'Programme!Diomandé L'Programme!DLP! S02 EP27 - Invitée : Marie Dauphin, il y a 35 ans une Adorable Récré A2 ... à deux !Cette semaine, DLP ! consacre son "Dossier" à Virginie Efira. L’ancienne animatrice de télévision désormais actrice de renom est, à l’occasion du 75ème Festival International du Film de Cannes, la double maîtresse des cérémonies d’Ouverture et de Clôture.      Notre invitée est Marie Dauphin. Co-animatrice vedette de Récré A2 il y a 35 ans -avec Charlotte Kady elle succédait avec brio à la papesse du genre, Dorothée.  Notamment interprète des génériques Culte de Bibifoc, Clémentine et Lady Oscar, l’ex-acrobate-comédienne es...2022-05-2736 minKreyonomi podcastKreyonomi podcastS02E01 - Ti Kozri Ak Yves-Marie Sou LasosyeteNan ti kozri sa a ak Yves-Marie Exumé, nan espas 90 minit nou rive dekòtike yon seri bagay ki pa yès nan fason sosyete a fonksyone, espesyalman nan jan li konstwi rapò fi ak gason. Epizòd sa tou ka ofri yon bèl antre sou mouvman feminis lan, alafwa nan dimansyon teyorik li ak nan dimansyon pratik li. Yves-Marie Exumé pataje vizyon l ak nou sou pwoblèm k ap minen sosyete yo epi li kòmanse imajine solisyon ki ta ka mennen nou nan yon sosyete kote tout moun ap viv byen, egalego. --- Send in a voic...2020-12-081h 28Kreyonomi podcastKreyonomi podcastS01E06 - Èske Ayiti marye ak lamizè?Nou envite Ekonomis Carl-Henri Prophète vin reponn kesyon sa a pou nou: Èske Ayiti marye ak lamizè? Ekonomis la di nou li bouke chèche papye maryaj la li pa wè l, men li rekonèt Ayiti ak lamizè gen yon long istwa ansanm, yo pa de etranje. Apre li fin fè yon bèl rale sou istwa ekonomik peyi a, li idantifye yon seri dinamik estriktirèl ki sitire lamizè anndan peyi a. Apre prezantasyon l lan, piblik la te gen okazyon aktive mikwo l pou poze kesyon, sa ki te rann echanj yo pi vivan. Epizòd sa se dèny...2020-11-0800 min