podcast
details
.com
Print
Share
Look for any podcast host, guest or anyone
Search
Showing episodes and shows of
Georgy Lundy
Shows
Carel in the Morning Podcast
Georgy Lundy x Carel Pedre
Pwezi: Georgy Lundy ap pale de ANVLIMEN, 3e rekèy powèm li --- Send in a voice message: https://anchor.fm/carelinthemorning/message
2022-06-03
36 min
Etikèt podkas
Aurélie, yon etikèt k ap rete pandan lontan pou Kevin Mesidor
Kévin Mesidor kanpe Aurélie sou rezo sosyal yo. Se yon pèsonaj k ap simaye latwoublay tout kote l pase depi l santi dwa l menase. Kit li antò, kit li gen rezon, li toujou sou zen li menm. Ki moun ki pa konn Aurélie? Radi, tapajè, feminis. Nan nimewo sa a, Kévin rakonte nou kijan l jere siksè Aurélie, popilarite l ak anpil lòt bagay ki pral fè w dekouvri kiyès li ye.
2022-03-28
1h 13
Etikèt podkas
Rete ou menm malgre popilarite manman w; yon travay ki mande anpil tan
Pou nouvo nimewo sa a, envite nou se Nora Chavenet. Li se yon moun ki rezève anpil, li renmen danse e li konsidere dans lan kòm yon kote li ka al kache pou li ka eksprime sa l santi pi byen. Nora se pitit Farah Ménard. Yon non nou p ap janm bliye nan peyi a. Si w te konn tande feyton radyofonik VIP sou radyo Métropole, ou pa ka pa sonje Paola Delarue. Nora pataje eksperyans li sou kijan l te rive jere etikèt "Tifi Farah a" pandan lontan e menm jiskaprezan kèk kote...
2022-03-14
1h 03
Etikèt podkas
Chache e rive jwenn tèt ou, lè tout moun vle idantifye w a 4 moun
Pou nouvo nimewo sa a, envite nou se Elder J. Joseph. Li se mizisyen, chantè, pwodiktè epi manm fondatè gwoup Akoustik. Elder grandi epi t ap viv ak 4 frè li genyen yo, e l ap pataje ak nou nan ki pwen sa te difisil pou li chak fwa moun tout kote l pase te konn ap idantifye ak youn oubyen 2 nan frè li yo. Eksperyans sa a te mete l nan sitiyasyon pou l chache tèt li e rive kreye pwòp idantite pa l.
2022-02-13
1h 07
Etikèt podkas
Ret swiv tras Mèt fèy vèt kòm papa w, yon eksperyans san parèy.
Pou nouvo nimewo sa a, envite nou se Nick Ndouta Nicolas. Misye se yon etidyan ki prèske fini nan relasyon entènasyonal e li se yon jèn antreprenè. Li se pitit Harry Nicolas ke tout moun konnen sou non "Mèt fèy vèt." L ap pataje avèk nou kijan li viv popilarite papa l, e kijan li grandi nan yon fanmi ki kwè nan konsomasyon lokal, san konte pakèt bèl inisyativ fanmi sa a pran pou bay lakilti plis jarèt nan peyi nou Ayiti.
2022-02-02
1h 05
Etikèt podkas
Konplikasyon ak chema pou w soti nan lonbraj frè w
Envite nou pou nouvo nimewo pòdkas etikèt sa a se Gaël Jean Baptiste. Fotograf, sineyas, e li travay nan libreri tou. Gaël pataje ak nou eksperyans li nan Pòtoprens kote l ap evolye, nan yon sektè kote moun ap plede idantifye l ak gran frè l e bliye si l egziste kòm moun. Viv ak etikèt sa a pa t fasil ditou pou li.N ap envite w koute!
2022-01-17
1h 07
Art Parole
Art Parole avec Joe Jean Charles, Georgy Lundy et Yves Osner Dorvil
Zoom sur la 6e édition du festival de théâtre En lisant et les activités du CLBP
2021-11-26
1h 42
Etikèt podkas
Grandi nan fanmi Beaubrun: yon eksperyans apa
Envite nou pou twazyèm nimewo pòdkas etikèt se Paul Beaubrun. Gitaris, chantè, fondatè gwoup Zing Eksperyans. Paul pataje ak nou eksperyans li kòm moun ki grandi nan yon fanmi ki bay anpil enpòtans ak lakilti, patikilyèman ki anbrase eritaj vodou zansèt nou yo te kite pou nou sou bout tè sa a. Pitit Manzè ak Lòlò (Banabe), pitit pitit Théodore Beaubrun Jr (Languichatte Débordus), Paul rakonte nou kijan li te entegre mond mizikal la epi viv ak tout etikèt (ti Boukman) ki vini ak sa, san konte kliche fanmi vodouyizan...
2021-08-09
1h 06
Etikèt podkas
Lè w pa deside fè chwa karyè tout moun ap tann lan akoz enfliyans manman w, ki konsekans e ki privilèj?
Pou dezyèm nimewo pòdkas etikèt, Georgy resevwa Samanta Péan, ki li menm se yon fotograf, yon aktivis, epi li se pwofesè tou. Samy ap rakonte nou kijan li te rive jere presyon ki vini ak etikèt "Pitit Alessandra Lemoine" epi "Pitit pitit Bob Lemoine", jiskaske li vin kreye pwòp non pa l san li pa nye sa fanmi sa a reprezante nan mond odyovizyèl nan peyi a. Li pataje ak nou tou kijan sosyete a wè l epi trete l akoz fanmi li soti a.
2021-07-26
1h 02
Etikèt podkas
Avantaj ak pwoblem mwen andire akoz mwen se pitit la fanmi Morse !
Pou premye nimewo pòdkas etikèt, Georgy resevwa Richard William Morse, ki se gitaris gwoup RAM. Nan konvèzasyon sa a, William pataje ak nou nan ki peryòd li te vin reyalize ki tip moun manman l (Lunise E. Morse) ak papa l (Richard A. Morse) reprezante pou sosyete a, e ki pwa sa te vin genyen sou do l kòm pitit moun sa yo pandan li t ap grandi. Li pale tou de lanmou l ak atachman li genyen pou paran l. Ki avantaj ak ki pwoblèm ke li jwenn akoz fanmi li fèt la.
2021-07-12
1h 08
Etikèt podkas
Kisa Etikèt Podkas Ye
Lasosyete pa bezwen konn mezi w ni pran mezi w pou taye bonèt met sou ou. Li tèlman fasil pou sosyete a mete tag, anbale epi met etikèt sou lòt moun; pou anpil moun sa nòmal. Gen moun ki viv sa mal. Viv nan lonbraj yon lòt moun, sispann egziste oubyen egziste apati egzistans yon lòt moun, se reyalite anpil moun ap viv nan sosyete nou an. Anpil fwa yo pa vle pale. Konsa tou yo konn pè pale. Pòdkas "Etikèt" se yon espas ki la pou moun sa yo vin ekspri...
2021-07-02
06 min
Etikèt podkas
Etikèt Beat
Etiket
2021-06-27
00 min
TeamTim Podcast
#TeamTim :Campagne Orange!
nan epizòd sa , nap pale vyolans kap fèt sou fanm ak Tifi avèk ekip Kanpay Oranj lan: Georgy Lundy, Fabigaelle Liboiron
2018-11-29
1h 39