podcast
details
.com
Print
Share
Look for any podcast host, guest or anyone
Search
Showing episodes and shows of
Sikkrem
Shows
Sòkòy
Istwa a fini: kite l ale🍃
Se pa paske istwa a bèl ki vle di l pa dwe janm fini!
2024-10-04
05 min
Sòkòy
Istwa a fini : Fèmen chapit la
Yon nouvo epizòd insomnie kote Za ap pale nou kòman l panse ou ka byen fèmen chapit la , lè istwa a fini.
2024-03-30
10 min
Sòkòy
Ep 34 : Fouye telefòn ak Venel , Baruch, Za
Kisa ou panse de fouye telefòn lòt nan relasyon koup? Èske w ap dakò pataje whatsapp ou ak menaj ?
2023-11-29
1h 19
Sòkòy
Ep 33 : Zanmitay fi ak gason , Freud, Benjamin, Myrla , Dzz, Laïka
Nan epizòd sila Freud , Benjamin, Myrla, Dzz ak Laïka te chita pale sou zanmitay ant fi ak gason , èske yo panse l posib san okenn tansyon seksyèl pa devlope ant moun yo, èske yo panse l posib pou yon fi ak yon gason zanmi san plis…
2023-10-06
1h 10
Sòkòy
Istwa a fini. Se fòt kiyès?
Istwa a fini. Se fòt kiyès?
2023-06-29
10 min
Sòkòy
Istwa a te bèl🫂
Si sa rive w deja pou w santi ke moun gen dat ekspirasyon nan lavi w, ke w ap pèdi moun ou te renmen ak viv bèl bagay ak yo, epizòd sa se pou ou.
2023-06-26
08 min
Sòkòy
Èske se pi bon fason ou ka di sa?
Èske fason ou di l sa w ap di a se pi bon fason ou ka di l?
2023-06-19
07 min
Sòkòy
Ep 32: Chita pale ak Grevdaly Colas sou atizay nan lavi l
Nan epizòd sila Grevdaly Colas te pale de kòman eksperyans Fashion Naval la te ye pou li, kòman li defini atizay. Li te di nou èske l panse l posib pou yon moun viv de atizay Ayiti, kòman pwosesis kreyasyon l ye, kòman li viv peryòd kriz yo…
2023-04-15
32 min
Sòkòy
Ep 31: Kilè yon moun masisi , madivin? Envite: Jean-Michael Mémé
Kisa yon oryantasyon seksyèl ye? Èske li se yon chwa? Kisa LGBTI vle di? Kilè yon moun masisi / madivin? Èske se jis on faz? Èske masisi ka benyen nan lanmè? Kisa lalwa peyi Dayiti di sou masisi ak madivin? Se kesyon sa yo ak anpil lòt ankò ke Jean-Michael Mémé reponn nan chita pale ke l te fè ak Za nan epizòd sila.
2023-03-24
50 min
Sòkòy
Ep 30: Enpak rezo sosyo gen sou idantite ak pèsonalite , Mozart, Carlooloo, Thierry
Nan epizòd sa, Carlooloo , Mozart ak Thierry te pale nou de eksperyans yo sou rezo sosyo, kòman yo itilize l nan kad travay yo , de kòman yo santi rezo sosyo gen enpak sou lavi yo fason yo santi yo.
2023-03-04
55 min
Sòkòy
Ep 29: Tcheke sou zanmi w ak Mozart, Laïka, Pouchenie
Kilè yon moun zanmi w? Kilè w zanmi yon moun? Èske zanmi w ka fè w tout bagay? Èske l fasil pou pale de sante mantal ou ak zanmi w? Èske w konn pran tan tcheke sou zanmi w, chak Kilè ou fè sa? Nan epizòd sila Mozart, Laïka ak Pouchenie te pale sou zanmitay yo te pote repons yo a kesyon anvan yo e kèk lòt ankò.
2023-01-22
46 min
Sòkòy
Ep 28: Chita pale sou pwokrastinasyon ak Pouchenie Blanc
Kisa pwokrastinasyon ye? Èske tout moun pwokrastine? Èske l se yon maladi? Ki teknik ou ka itilize pou ede w ak pwokrastinasyon? Nan epizòd Pouchenie ap ede n jwenn repons a kesyon sa yo ak kèk lòt ankò.
2023-01-13
21 min
Sòkòy
Ep 27: Ti koze sou nudes ak Wengel, Luc
Griyen l oubyen pa griyen l? Griyen kisa? Poukisa? Nan yon chita pale Luc ak Wengel te fè ak Za, yo te di l sa yo panse de nudes, si yo panse l enpòtan, kòman pou yon nude byen fèt ak anpil lòt bagay ankò.
2022-12-11
1h 20
Sòkòy
Ep 26: Eske w ka tolere tout bagay?
Nan epizòd sila Ryjnov ak Steeve te di nou kisa tolerans ye pou ou, èske yo panse nou ka oubyen ta dwe tolere tout bagay. Yo te fè yon bon pale sou tèm nan ak di tou poukisa yo panse tolerans enpòtan
2022-12-02
55 min
Sòkòy
Ep 25: Ti koze sou relasyon seksyel (pati 3) ak Luc, Jenny-Flore , Ryjnov
Nan epizòd sila anpil koze pale.
2022-11-25
1h 10
Sòkòy
Ep 24: Kilè yon moun dous? Envite: Jenny-Flore, Luc ak Ryjnov.
Nan epizòd sila Jenny-Flore, Luc ak Ryjnov te di sa yo panse de itilizasyon kapòt nan relasyon seksyèl, de depistaj pou MST ak IST. Yo te pataje lide yo sou kèk pratik seksyèl tankou sèks oral, di kilè yo panse ou ka di yon moun dous, ak anpil lòt bagay ankò.
2022-11-17
52 min
Sòkòy
Ep 23: Lekti ak analiz sou tèks “ma première fois” ak Reynald
Reynald te pale nou de tèks “ma première fois” li ekri kote li t ap pale de premye relaksyon seksyèl li, de kòman li te viv eksperyans la, ak kèk lòt bagay tankou: enpòtans li panse edikasyon seksyèl genyen, de kèk mit li te konn tande sou premye fwa, elt.
2022-11-11
48 min
Sòkòy
Ep 22: Ti koze sou relasyon seksyèl ak Rey, Shelcy, Ryjnov
Nan epizòd sila Za fè yon Chita pale ak Rey, Shelcie epi Ryjnov ki t ap pale de premye eksperyans seksyèl yo, enpòtans edikasyon seksyèl gen , kisa yo panse de vijinite , kisa yo panse ki enpòtan pou relasyon seksyel byen pase ak anpil lòt bagay ankò.
2022-11-03
1h 01
Sòkòy
Ep 21: Pawòl moun pa diminye valè w. Envite : Samara
Anpil fwa nou di mo yo san nou pa panse a dega oubyen kontantman yo ka pote lakay yon moun. Samara ki se yon jèn fi ki gwo depi l piti te pataje ak nou eksperyans li fè ak gwosè l pandan l t ap grandi, asèlman li te konn resevwa lè l te lekòl poutèt aparans fizik li. Li te pataje ak nou tou kèk pawòl blesan moun li rankontre nan lari konn di l. Men sitou li te di n kòman l te vin fè pou renmen tèt li ak jere brimad
2021-02-20
27 min
Sòkòy
Ep 20: Yon ti pale sou Sen Valanten ak DC's
Nan epizòd sila DC's te pale nou de kisa l panse de Sen Valanten, de kòman l wè yo selebre l nan peyi l, kòman li menm li konn selebre l, kòman li defini èske l panse yo ka pwouve lanmou... Ak anpil lòt bagay ankò.
2021-02-13
22 min
Sòkòy
Ep 19: Nou menm ak angajman nan kominote nou, Nolexta Sumaya Castel.
Nan epizòd sila Nolexta yon etidyan nan "Droit" Uniq te pale nou de kòman nou ka fè pou ede nan zòn kote n ap viv, de enpòtans chak ti aksyon nou fè ka genyen sou nou ak moun k ap gade nou; li te di nou tou kòman li wè ak konprann angajman, pataje kèk eksperyans li te fè nan domèn nan ak nou...
2021-01-17
46 min
Sòkòy
Ep 18: Nou menm ak rezolisyon "nouvel an" yo.
Nan epizòd sila ki se premye epizòd nou pou ane 2021 a, Za te pataje ak nou kèk leson li menm ak kèk lòt moun te aprann pandan lane 2020 an, li te pale nou tou de kisa yon rezolisyon ye, kòman nou ka fè pou respekte yo ak prezante nou pwojè l pou Sòkòy nan 2021 an.
2021-01-09
22 min
Sòkòy
Ep 17: Relasyon fi ak fi: solidarite oubyen rivalite ak Dann,Lynn,Caro epi Za.
Nan 17èm epizòd la, Dann , Caro epi Lynn te di nou ki wòl yo panse lekòl, lakay ak rezo sosyo jwe nan fason fi wè lòt fi parèy yo, te pataje kèk eksperyans pèsonèl yo ak nou. Yo te di nou tou èske yo wè medam yo plis gen rivalite oubyen solidarite ant yo, sa yo panse ki fè sa, danje sa reprezante e jan sa ka gen gwo enpak youn sou lòt.
2020-12-12
1h 10
Sòkòy
Ep 16: Yon ti pale sou depresyon.
Nan epizòd sila Za te fè yon chita pale ak Angie de eksperyans li ak depresyon; kòman li te aprann ke l depresif, kòman pwòch li te jere sa, li te pataje ak nou tout kèk leson eksperyans lan aprann li, li te tou pwofite pataje kèk konsèy pou lòt moun ki nan menm pozisyon avè l oubyen gen pwòch yo ki depresif.
2020-11-29
43 min
Sòkòy
Ep 15: Yon ti koze sou jalouzi ak Za, Laïka, Ashley.
Nan epizòd sila Laïka ak Younie te di Za kisa jalouzi ye pou yo, kisa yo panse de li, èske li se yon bon oubyen move bagay , èske yo panse lanmou oblije mache ak jalouzi, èske yo panse w ka fè jalouzi pou menaj zanmi w, pou zanmi w, fanmiy ou, moun ki pa pou ou... Yo te di nou tou ki diferans yo fè ant moun ki jalou ak moun ki posesif. Ak anpil lòt bagay ankò.
2020-11-07
42 min
Sòkòy
Ep 14: Kèk verite sou manti ak Simy Lynn(e)-Flore
Nan epizòd sila Lynne te di Za kòman li wè manti, èske li panse gen yon ekilib ant manti ak verite, ke gen bon manti, èske l panse ke yon moun dwe toujou di laverite. Lynne te fè yon ti pale ak nou tou sou kisa li panse yon moun dwe fè lè l aprann yon koze li konnen ki ka blese yon lòt , sou kòman li wè rezo sosyo yo ak zafè envante lavi a e li te bay kèk konsèy pou moun ki renmen bay manti, moun ki rantre fon nan yon manti, pou mou...
2020-09-20
30 min
Sòkòy
Ep 13: Balade Photographique ak Ryjnov Rémy.
Jounen 19 dawout se jounen mondyal fotografi. Pou make jounen sila, Za te fè yon chita pale ak Ryjnov Rémy ki se yon jèn fotograf nan vil Okap pou pale de kèk bagay ki gen rapò ak fotografi. Tankou kisa fotografi ye, kilè yon foto bon, kisa ki esansyèl pou ka gen yon foto... Yo te fè yon pale tou sou "droit d'image" , èske paske yon moun voye foto l pou ou ou gen dwa fè sa w vle avè l? Ryjnov te pale ak nou tou de kèk pwojè li gen...
2020-08-23
1h 07
Sòkòy
Ep 12: Seliba ak R. Carolinose Mompremier
Nan epizòd sila Carolinose te di nou kòman li wè ak viv seliba l, rezon ki fè l selibatè, rezon li panse ki fè yon moun gen menaj, elatriye. Li te pataje ak nou tou kèk pawòl moun konn di sou seliba ki deranje l, pataje sa l panse sou kèk ekspresyon tankou moun gen menaj lè w pare pou marye, depi w selibatè ou mèt kòmanse jape... Li te bay kèk konsèy tou pou moun ki apèn selibatè, moun ki pè rete san menaj ak lòt ankò...
2020-08-16
52 min
Sòkòy
Ep 11: Èske w ka gen crush sou zanmi menaj ou? Ak Laïka, Rey, Élie, Ryjnov, Djédly.
Nan epizòd sila, n ap tande kisa Jean-Élie, Ryjnov, Djédly ak Jean-Reynald panse de "Crush" . Apre sa Laïka te f'on pale ak Za de kòman li panse ou ka konnen si w crush yon moun, kòman pou w fè konnen kilè pou w shoot shot ou ak kòman ou ka fè sa. Medam yo te pale tou de si w ka gen crush sou menaj zanmi w, zanmi menaj ou, pwofesè w elatriye...
2020-08-08
57 min
Sòkòy
Ep 10: On ti pale sou crush ak Za
Nan epizòd sila Za te pale ak nou de kisa yon crush ye, èske l panse li se yon move bagay, èske li enpòtan ki enpòtans li, li te pataje ak nou tou 10 siy ki ka fè w konnen si w gen crush sou yon moun.
2020-08-01
27 min
Sòkòy
Ep 09: Kisa w panse de fi ki fè premye pa a? Ak Stécie, Maria, Darlendie.
Nan epizòd sila Za te f'on chita pale ak Stécie, Maria epi Darlendie de kisa yo panse de medam ki fè premye pa nan zafè koze ak gason; yo te di nou tou kisa ki atire yo lakay gason, kòman yo panse yon fi ka "shoot shot" li. Yo te pwofite bay kèk konsèy pou medam ki anvi fè premye pa men yo pè echwe oubyen pè sa moun pral di...
2020-07-25
33 min
Sòkòy
Ep 08: Yon ti koze sou maladi "asthme" ak Chérubin Danphise Ornella
Nan epizòd sila Za te pale ak Danphise de kisa maladi "asthme" nan ye, de istwa l avè l, li te bay kèk konsèy tou pou moun ki gen asmatik nan pwòch yo e ta renmen konnen kisa yo ka fè pou ede yo ak kèk lòt bagay ankò.
2020-07-19
20 min
Sòkòy
Ep 07: Bilan yon lane apre 13 lane etid klasik ak Maria Friger DOLCINÉ.
Nan epizòd sila Za te f'on chita pale ak Maria ki gen yon lane depi l fini ak etid klasik li de kòman ane sa te ye pou li, leson li tire ladan l. Maria te pataje avèk nou eksperyans li nan prefac, eksperyans li lwen manman l ke l pwòch anpil nan yon lòt vil apre nan yon lòt peyi, li di nou kòman ane filo a te ye pou li ak kèk lòt bagay ankò.
2020-07-11
36 min
Sòkòy
Epizòd 6: Ann pale de enfidelite ak Stécie Guerrier.
Nan epizòd sila, Za te envite Stécie Guerrier vin f'on pale akey de enfidelite. Stécie te di l kisa enfidelite ye pou li, kilè li panse ke yon moun enfidèl, kisa li konsidere kòm zak enfidelite, kòman li panse yon moun ka konnen si yap twonpe l epi pataje kèk konsèy tou pou moun y ap twonpe ak moun ki ap twonpe yon lòt.
2020-07-04
27 min
Sòkòy
Epizòd 5: On ti chita pale sou eskiz.
Nan senkyèm epizòd la, nou pral de eskiz. Gen plizyè mòd eskiz men nap fokis sou 2 ki se eskiz(pretèks) nou bay tèt nou pou nou pa fè yon bagay epi eskiz nan Sans mande padon an. Nou pral wè kisa ki konn fè nou pa sispann sere dèyè eskiz poun pa fè yon bagay , kòman nou ka jere sa. Epi poukisa nou dwe eskize n lè n blese yon moun e n regrèt sa epi kòman nou ka fè sa.
2020-04-25
14 min
Sòkòy
Epizòd 4 : Kòman ak poukisa pou padone tèt ou ak pwochen w?
Nan epizòd sila nou te pale de kisa padon ye ak kisa li pa ye daprè fason kèk moun konprann li. De poukisa li enpòtan pou padone tèt ou ak pwochen w menmsi sa ka difisil anpil. De kòman ou ka fè sa., elatriye...
2020-04-18
15 min
Sòkòy
Epizòd 3: Nou menm ak rezo sosyo yo
Nan epizòd sila, nou pral pale de kisa yon rezo sosyo ye, de kèk nan rezo sosyo nou plis itilize nan moman an(WP, FB, IG...), de afiche w lè w "en couple" , de fason rezo sosyo yo enfliyanse nou, enpak ak konsekans yo genyen sou nou menm ak lavi nou.
2020-04-09
40 min
Sòkòy
Epizòd 2: Enpòtans ak enpak mo w ap itilize genyen sou ou menm ak lòt moun.
Nan epizòd sila Za tap pale de koman l panse li enpòtan pou n pa minimize enpak mo Nou genyen sou nou menm ak pwòch nou. Li te pataje kèk eksperyans kèk moun te pataje akey; di sa l panse de 2 pwovèb , elatriye.
2020-03-30
26 min
Sòkòy
Epizòd 1: On chita pale ak Mozart R. LOUIS
Nan jounen ki te dimanch 1 desanm 2019 la, Mozart R. Louis, pitit gason manmi Da a, pitit vil Okap te fon chita pale nan Sòkòy kote l tap pale de lanmou l pou vil la ak fotografi, de kèk evènman ki make lavi l, de yonn nan pwovèb kreyòl li renmen yo , de leson li te tire nan lane 2019 ak kèk lòt bagay ankò.
2020-03-20
46 min
Sòkòy
Prezantasyon Sòkòy
Kisa Sòkòy ye? De kisa map pale ladanl? Chak kilè ap gen yon epizòd disponib?
2020-03-01
08 min