Look for any podcast host, guest or anyone
Showing episodes and shows of

Zanmi Lanati🍀

Shows

Zanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 17- An nou pale koze tanbou. Kiyès yon Samba ye?( pati 2)Pami tout kalite mizik ak tip chantè ki sou teritwa Haytien an genyen youn ki te atire atansyon nou. Se Samba yo avèk rit vodou Haytien an. "Pou yon moun vinn Samba se yon don li ye.Tanbou se yon patrimwan materyèl ki espirityèl" Se te youn nan gwo eksplikasyon ke Dorvilus Bob ke yo plis rekonèt sou non Samba Bob te bay sou zafè maryaj yon Samba ak tanbou li. Ou renmen tande lè tanbou ap bat? Ou ta renmen konnen rit vodou yo ak kijan yo fè yon tanbou? Mwen envite w koute 2 epizòd sa yo.2025-02-0612 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 16 - An nou pale koze tanbou. Kiyès yon Samba ye?Pami tout kalite mizik ak tip chantè ki sou teritwa Haytien an genyen youn ki te atire atansyon nou. Se Samba yo avèk rit vodou Haytien an. "Pou yon moun vinn Samba se yon don li ye.Tanbou se yon patrimwan materyèl ki espirityèl" Se te youn nan gwo eksplikasyon ke Dorvilus Bob ke yo plis rekonèt sou non Samba Bob te bay sou zafè maryaj yon Samba ak tanbou li. Ou renmen tande lè tanbou ap bat? Ou ta renmen konnen rit vodou yo ak kijan yo fè yon tanbou? Mwen envitew koute epizòd sa.2025-02-0615 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 15 - Se ou ki ap sèvi Espri a( Yon ti zanmi, yon ti pale )Yon lòt fwa ankò mwen te envite yon konnen nan zafè Vodou sitou nan domèn sèvi Espri. Myrlande Michel ki non vanyan li se Manman Zanfan, yon Manbo avèk anpil eksperyans te chita pale avèk nou kote nou te pwofite poze li kèk kesyon sou domèn li an, sitou lè yo di ke Lwa reklame yon moun. Mwen swete ou yon bon ekout.2024-12-1603 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 14_ Se ou ki ap sèvi Espri a( Yon ti zanmi, yon ti pale)Yon lòt fwa ankò mwen te envite yon konnen nan zafè Vodou sitou nan domèn sèvi Espri. Myrlande Michel ki non vanyan li se Manman Zanfan, yon Manbo avèk anpil eksperyans te chita pale avèk nou kote mwen te pwofite poze li kèk kesyon sou domèn li an, sitou lè yo di ke Lwa reklame yon moun. Mwen swete ou yon bon ekout.2024-12-1614 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 13_ Se ou ki ap sèvi Espri a.( Yon ti zanmi, yon ti pale)Yon lòt fwa ankò nou te envite yon konnen nan zafè Vodou sitou nan domèn sèvi Espri. Myrlande Michel ki non vanyan li se Manman Zanfan, yon Manbo avèk anpil eksperyans te chita pale avèk nou kote nou te pwofite poze li kèk kesyon sou domèn li an, sitou lè yo di ke Lwa reklame yon moun. Mwen swete nou yon bon ekout.2024-12-1515 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 12_ Kisa lalwa di sou Vodou Haytien an? (Yon ti zanmi, yon ti pale)"Lalwa pa pale sou zafè tèt mò andedan badji yo" Se konsa Mèt Oligario Maximé, yon avoka pasyone t'ap fè yon kout je ak nou nan podcast la sou zafè kisa lalwa di sou kèk pratik anndan Vodou a. E menm tou sou moun ki anmize yo itilize do Vodou a pou fè pase enterè pèsonèl yo. Mwen swete ou pran plezi nan koute li Zanmi.2024-11-1710 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 12_ Kisa lalwa di sou Vodou Haytien an? (Yon ti zanmi, yon ti pale)"Lalwa pa pale sou zafè tèt mò andedan badji yo" Se konsa Mèt Oligario Maximé, yon avoka pasyone t'ap fè yon kout je ak nou nan podcast la sou zafè kisa lalwa di sou kèk pratik anndan Vodou a. E menm tou sou moun ki anmize yo itilize do Vodou a pou fè pase enterè pèsonèl yo. Mwen swete ou pran plezi nan koute li Zanmi.2024-11-1710 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 11_Kisa lalwa di sou Vodou Haytien an? (Yon ti zanmi, yon ti pale)"Lalwa pa pale sou zafè tèt mò andedan badji yo" Se konsa Mèt Oligario Maximé, yon avoka pasyone t'ap fè yon kout je ak nou nan podcast la sou zafè kisa lalwa di sou kèk pratik andedan Vodou a. E menm tou sou moun ki anmize yo itilize do Vodou a pou fè pase enterè pèsonèl yo. Mwen swete ou pran plezi nan koute li zanmi.2024-11-1714 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 10_ Eske medsin tradisyonèl la ak syantifik la ka ini yo pou yo bay lòt bourad sou zafè lasante Pati 3( Yon ti zanmi, Yon ti pale)Nan menm sousi pou nou fouye zo nan kalalou, nou te fè yon chita pale avèk Doktè Joël Dumas, ki non selman renmen peyi li men tou ki se yon devwe pou kominote li. Pandan ke li pataje ak nou eksperyans li nan domèn nan, nou te gade avèk li sijè eske medsin tradisyonèl la ak syantifik la kapab genyen yon enpak youn sou lòt. E si li posib ekse l'ap pozitif ou negatif? Mwen swete ou pran plezi nan koute ak aprann nan epizòd sa.2024-11-0706 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 9_Eske medsin tradisyonèl la ak syantifik la ka ini yo pou yo bay lòt bourad nan zafè lasante Pati 2 (Yon ti zanmi, yon ti pale)Nan menm sousi pou nou fouye zo nan kalalou, nou te fè yon chita pale avèk Doktè Joël Dumas, ki non selman renmen peyi li men tou ki se yon devwe pou kominote li. Pandan ke li pataje ak nou eksperyans li nan domèn nan, nou te gade avèk li sijè eske medsin tradisyonèl la ak syantifik la kapab genyen yon enpak youn sou lòt. E si li posib ekse l'ap pozitif ou negatif? Mwen swete ou pran plezi nan koute ak aprann nan epizòd sa.2024-11-0715 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 8_ Eske medsin tradisyonèl ak medsin syantifik la ka ini yo pou yo bay lòt bourad nan zafè lasante? Pati 1( Yon ti zanmi, yon ti palNan menm sousi pou nou fouye zo nan kalalou, nou te fè yon chita pale avèk Doktè Joël Dumas, ki non selman renmen peyi li men tou ki se yon devwe pou kominote li. Pandan ke li pataje ak nou eksperyans li nan domèn nan, nou te gade avèk li sijè eske medsin tradisyonèl la ak syantifik la kapab genyen yon enpak youn sou lòt. E si li posib ekse l'ap pozitif ou negatif? Mwen swete ou pran plezi nan koute ak aprann nan epizòd sa.2024-11-0715 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 8 - Nan gagè se kondisyon an ki bat kòk la Pati 2( Yon ti zanmi, yon ti pale)Nou te fè yon ti chita pale ak Wilson Louis (Houngan Yabofè) kote ke nou pale de gagè, pou nou fouye zo nan kalalou konnen kisa ke li ye tout bon. E nou menm arive gade enpak li kapab genyen sou ekonomi peyi an nan ki jan li kapab ba li yon bourad. Nou swete ou pran plezi koute ak aprann nan epizòd sa.2024-11-0708 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 7_ Nan gagè se kondisyon an ki bat kòk la Pati 1( Yon ti zanmi, yon ti pale)Nou te fè yon ti chita pale ak Wilson Louis (Houngan Yabofè) kote ke nou pale de gagè, pou nou fouye zo nan kalalou konnen kisa ke li ye tout bon. E nou menm arive gade enpak li kapab genyen sou ekonomi peyi an nan ki jan li kapab ba li yon bourad. Nou swete ou pran plezi ak aprann nan epizòd sa.2024-10-3115 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 6 - Mwen pa regrèt ke m te retounen nan Vodou( Yon ti zanmi, yon ti pale)Ou te pran plezi nan koute 1er pati a? Kote Inka Oumael Moshe te pase de moman kote li t'ap ini li plis a Vodou a moman kote jounen jodiya se reyalizasyon ak angajman li pran pou Vodou a. Mwen swete ou kontinye pran menm plezi sa nan koute epizòd sa.2024-10-1714 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 5_ Laperèz te pranm,mwen te vinn rayi Vodou avèk Inka Oumael Moshe( Yon ti zanmi, yon ti pale)Fè eksperyans nan Vodou, ke ou te yon moun ki te deja ladan li oubyen yon moun ki apènn ap fè konesans ak li, renmen chaje ak istwa ki chaje leson ladan li. E souvan se toujou avèk yon plezi ki ap melanje ak seziman k'ap travèse w lè w'ap tande moun k'ap rakonte w eksperyans yo fè yo. Jean Michel Clermont ke w souvan ka tande sou non Inka Oumael Moshe se youn nan vodouyizan ki genyen anpil pou li rakonte. Se poutèt sa nan podcast sa, epizòd 5, ribrik yon ti zanmi yon ti pale...2024-10-1015 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 4 - Se lè w nan malè pou w konn si w gen bon zanmi suite 2( Yon ti zanmi, yon ti pale)2024-10-0307 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 4 - Se lè w nan malè pou w konn si w gen bon zanmi( Yon ti zanmi, yon ti pale)Zanmitay se yon lyen sakre. Se sa anpil moun toujou renmen repete men nan menm koze sa se pa tankou tout moun te respekte oubyen egzikite mo sakre nan sans li ye a vre. Nan epizod sa mwen eseye pale de divès kalite zanmitay ki genyen sitou sou sa ke mwen viv pèsonèlman, sa ke moun nan lantouraj mwen viv tou.2024-10-0315 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 3_ Eske gen mwayen pou yon moun chanje defo ou kalite ki lakay li? (Yon ti zanmi, Yon ti pale)Nou, gen pafwa, konn gen yon defo ou kalite lakay nou, nou anvi chanje. Bezwen chanjman sa konn soti sou divès rezon pami ladan yo swa poutèt ou santi li deranje oubyen moun ap pwofite de ou. Gen yon ensatisfasksyon kèlkonk. Nan epizod sa jodiya nou eseye wè etap oubyen eske li posib pou yon moun fè sa. E si wi kijan?2024-09-2615 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 17 - Meditasyon ( Rete konekte ak mèt ou)Depi nou gen yon pwoblèm ki vini anfas nou ki twop pou nou nou renmen vire do bay mèt nou. Nou dwe toujou rete konekte ak mèt nou sitou si w se ougan oubyen manbo.Kelkeswa pwoblèm ki vinn anfas ou a se toujou kenbe pye Lwa ou la. Meditasyon sa se pou ou menm ki renmen vire do bay Bondjè w la lè w santiw pèdi nan pwoblèm ou yo.2024-08-1701 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 16 - Meditasyon (Travay sou tèt ou)Mwen konnen ke depi lè nou leve yo toujou aprann nou pou nou fè bèl enpresyon deyò, kay moun, nan fèt elatriye. Tout sa se yon fason pou nou kapab eseye pa deranje moun ki bo kote nou yo ak moun n'ap fonksyone yo. Men se pa bagay la. Se pa sèlman fè sa deyò, e ou menm? Eske si gen bagay ou te tou genyen li nan ou menm eske w t'ap oblije se lè w deyò pou w'ap chache aji konsa?2024-08-1702 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 15 - Meditasyon ( Kwè nan sa w'ap fè a)Ou menm ki jodiya gen yon bagay ke w'ap chache reyalize men ou gen feblès ou yo ki anpechew avanse? Meditasyon sa se pou ou. Feblès ou ak fason ou ye kapab bloke w nan sa w vle fè. Mwen swete ke apre w finn koute meditasyon sa ou pral reflechi sou nouvo fason ou pral mete sou pye pou w ka avanse.2024-08-1701 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 14- Meditasyon (Relasyon nou ak Bondjè)Li toujou bon pou nou fè efò nan kontwole sa n'ap di, sa n'ap fè. Se poutèt sa nan meditasyon sa nou eseye pale de sa ak ou paske li kapab gen konsekans sou lavi w li te mèt jodiya oubyen demen.2024-08-1701 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 13 - Meditasyon (Padone pou w ka grandi)Pafwa yon moun konn fè w yon bagay ki mal se yon fason pou w ka grandi. Se ou menm anko ki ap ka pèmèt evolisyon w fèt daprè fason ou reaji fas a sa moun nan fè w la.2024-08-1202 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 2_ Yon ti zanmi, yon ti pale( Aksepte cheve natirèl mwen se pi bèl desizyon ke m te pran)Nan dezyèm epizòd sa jodiya nan ribrik on ti zanmi, yon ti pale mwen pataje ak nou eksperyans mwen avèk cheve natirèl mwen. Sitou an tan ke yon fanm nwa ki gen cheve grenn oubyen cheve krepi. Nou imajine deja tout dilèm mwen pase ak yo sitou depi nan anfans mwen avan mwen resi aksepte yo,aprann konnen yo, renmen yo jan yo ye a.2024-08-0913 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 12 - Meditasyon( Viv ak vèditè parèy ou)Epizòd sa mwen pale de moun ki kenbe tout sa yon moun di li oubyen fè li e mwen konseye yo ke gen bagay yon moun fè w oubyen di w se pou w pa twò kenbe sa pou w pa kouri enkrimine moun nan twò rapid.2024-08-0602 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 11_Meditasyon ( Renmen tèt ou)Nan epizòd sa nou medite sou renmen tèt ou, aprann bay tèt ou valè paske pa gen moun ki ap ka fè sa pou ou.2024-08-0602 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 10_ Meditasyon ( Viv nan lanmou ak Bondjè)Nan meditasyon jodiya mwen pale de lè nou ap liminen oubyen lapriyè ak Bondjè a nou ta sipoze prezante devan li ki tip de moun nou ye( defo ak kalite). Gen chanjman nou vle pote nan nou menm se li ki ap ka ede nou fè sa.2024-08-0603 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 9 - Meditasyon(Viv ansanm)Si ou bezwen viv ansanm byen ak yon moun gen tout yon pakèt ti detay, yon pakèt sitiyasyon lè yo parèt devan nou fòk nou kapab aprann jere yo avèk sajès.2024-08-0201 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 1 - Yon ti zanmi, yon ti pale( Abitid ou sitirans?)Eske vreman gen yon diferans ant abitid ak sitirans? Nan epizòd sila mwen fè yon ti bat bouch sou de seri de abitid nou konn bay men ki pi devan vinn tounen yon aksyon toksik pou ni ou menm ni moun ke w te bay abitid la. Pafwa se pa sa ou konn vle, se pat sa w te gen nan lide ou men kanmenm paske li vinn dejenere fòk ou jwenn yon solisyon.2024-08-0114 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 8_ Zanmi Lanati's podcast (Lanmou san santiman)Genyen diferans lè w kite lanmou mennenw ak lè ou kite santiman w mennen w. Li toujou bon pou w kenbe ekilib la.2024-07-3102 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 7 - Zanmi Lanati's podcast(Viv ak vèditè)Pafwa viv ak yon vèditè parèy ou pa fasil konn gen pwoblèm ki konn prezante nan mitan nou, nou pa konnen kote l soti. Eske se nou menm? Eske se lòt moun nan? Ki kote li soti?2024-07-2902 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 6 - Zanmi Lanati's podcast(Viv nan espirityalite )Chak moun n'ap fonksyone avèk li genyen yon fas kache lakay li. Gen pwoblèm ki konn pase nan mitan nou se jis pou pèmèt nou dekouvri sa ki te kache lakay moun sa.2024-07-2803 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 5 - Zanmi Lanati's podcastYon moun kapab baou tout konsèy ki bon men vrèman desizyon an se nan ou menm l'ap soti, se andan ou. Se ou menm ki pou w jwenn kisa w vle tout bon.2024-07-2602 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 4 - Viv nan espirityalite (meditasyon)Lè w se yon moun ki ap pratike espirityalite lanmou ak amoni dwe youn nan priyorite yo pou ede w kenbe yon ekilib. Se tout yon pakèt travay ke w'ap fè sou tèt ou ki ap ede w nan evolisyon sa e ki kapab efliyanse moun nan lantouraj ou tou.2024-07-2403 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 3_ Pa di ak fè moun nenpòt bagay.( meditasyon)Gen de mo ke nou pa dwe di, Gen de jès ke nou pa dwe fè. Tout sa yo kapab kouche antravè devan fason n'ap viv avèk moun nou renmen. Lè konsa nou kapab di ke nou pa genyen chans avèk moun bò kote nou. Poutan se fason nou ye , fason nou aji ki konn lakòz nou pou kont nou.2024-07-2302 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEpisode 2 - Vodouyizan yo avèk prensip Vodou a( meditasyon)Lè w se yon vodouyizan ou dwe yon modèl devan tout moun ki nan antouraj ou. Ou dwe fè efò pou w pratike prensip yo chak jou.2024-07-2202 minZanmi Lanati podcastZanmi Lanati podcastEgzamen finalNan lavi nou toujou genyen egzamen ke nou ap pase tout se pou ede nou grandi. Men egzamen sa yo pa janm piti, yo pa janm fasil.2024-07-1801 min